Bonjou Timoun yo! jodi a se     



 

 




 




 

 



 

 

 

 



 

Esponnsò Vwa Timoun yo



Esponnsò yo

  Plan Entènasyonal
Radyo Nedèland
Enstiti Panòs



   PLAN ENTÈNASYONAL



Istwa Plan Entènasyonal an Ayiti

Se jounalis John Langdon ki te fonde Plan Entènasyonal nan lane 1937 pou l te al pote timoun gè sivil espanyòl te afekte yo sekou. Apre kòmansman dezyèm gè mondyal la, Plan te ouvè pogram li epi li pran tout timoun yo te deplase nan pati Ewòp la ki te dechire. Apre Plan vin santi yo pa pi bezwen l pase sa an Ewòp la, se konsa li vin lage kò l nan yon seri lòt kote nan mond lan e li entèvni bò kote timoun yo ki pral tire pi gwo pwofi a.

Jodi a Plan se youn nan pi gwo òganizasyon devlopman ak parenaj pou timoun nan mond lan ki travay pou pote yon bon amelyorasyon k ap dire pou lontan nan lavi timoun yo ansanm ak kominote kote y ap viv yo, Plan prezan nan 43 peyi pòv.

Plan kòmanse travay an Ayiti depi nan lane 1973 apre li te fin siyen yon kontra ak gouvènman Ayisyen nan epòk sa a. Plan te kòmanse ak pogram li nan Site solèy, youn nan pi gwo bidonvil ki gen nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. Soti nan lane 1975 pou rive 1976 Plan gentan ouvè 2 lòt biwo an Ayiti, youn Jakmèl lòt la Kwadèboukè.

Yon zòn pogram vin ouvè tou nan depatman Nòdès la ki kouvri Fòlibète, Twoudinò ak Wanament. Zòn pogram ki fenk ouvè la a se sou wout Frè, youn nan bidonvil zòn metwopolitèn Petyonvil. Gen yon biwo nasyonal ki gen baz li nan Pòtoprens k ap fonksyone depi nan ane 1996, li ranfòse epi kòdone travay operasyon devlopman ki poko fin ekzekite yo nan tout peyi a. Jodi a, Plan Entènasyonal peyi Ayiti a parene 43.000 timoun, fanmi yo ak kominote kote y ap viv la.

Antan òganizasyon ki parene timoun, Plan Entènasyonal prezan nan 14 peyi nan amerik la ki fè don, li an Azi ak Oseyani, kote yon parenn ap viv ki asepte parene yon timoun afè pa bon ansanm ak kominote kote nan peyi pòv timoun sa a ap viv la.

Apwòch pogram Plan Entènasyonal an Ayiti

Menm jan nan tout peyi Plan ye, li suiv yon apwòch entegre ki santre sou devlopman timoun, ki bay 5 pwen priyorite: grandi an sante, edikasyon, kay, ekonomi ek pwomosyon pou chanje kilti yo. Plan estratejik li pou peyi a chita sou 9 pogram: ede timoun lite pou yo viv, sante repwodiktiv, yon bon kote pou yo abite, swen prevantif ak devlopman, ale lekòl, agrikilti, devlope ti biznis, devlopman patenarya pou pogram nan ka bon, dwa timoun yo.

Kolabore ak lòt ajans se premye estrateji ekzekisyon pogram Plan an Ayiti genyen, k ap travay ak ONG lokal ak entènasyonal yo, gouvènman Ayisyen an ak espesyalis k ap founi sèvis pou ekzekite pwojè nan kominote a.

Aspè kle pou l te entèvni nan pogram li yo, se kolabore ak kominote yo, gwoup kominotè yo pou ede yo devlope kapasite yo, pou satisfè bezwen de baz yo epi patisipe nan devlopman yo. Antan ke yon òganizasyon ki vize timoun plis, Plan Entènasyonal Ayiti konsidere timoun ak adolesan yo tankou patnè ki pi enpòtan nan devlopman epi li eseye fè timoun yo patisipe plis nan desizyon k ap pran yo nan fason pa yo.

SANT FÒMASYON RADYO NEDÈLAND (RNTC)

Sant fòmasyon radyo Nedèland, se yon enstitisyon entènasyonal edikasyon, radyo Nedèland, konpayi entènasyonal Filips ak Ministè Kopreasyon devlopman Peyi Ba yo fonde nan lane 1968. Objektif prensipal li, se fè pwomosyon pou sèvi ak kominikasyon edikasyonèl nan pwojè devlopman nan mitan lòt yo, tankou: sante, timoun ak jèn, edikasyon byen lwen (edikasyon a distans). Pou l kapab atenn objektif li yo, epi pou bay enstitisyon l ap travay ak yo yon repons, RNTC bay kou fòmasyon, nan Peyi ba yo epi tou nan lòt peyi pou jounalis ak kominikatè nan radyo ak televizyon, pou fòmatè medya yo, menm jan ak pou kominikatè nan ONG devlopman yo.

RNTC òganize seminè pou analize epi fè fòmasyon kominikasyon nan pwosesis devlopman, menm jan tou pou devlopman ko-pwodiksyon pou radyo ak televizyon. Yon lòt kote, sant lan gen nan aktivite l tou pou l fè konsiltasyon epi bay medya ak sant nasyonal ak entènasyonal fòmasyon yo, yon asistans enstitisyonèl.

RNTC presan epi l ap travay nan Amerik Latin depi nan lane 1978. Se gras ak ak biwo rejyonal li ki chita nan Sann Ose nan Kosta Rika, aktivite l nan rejyon an kòdone.

RNTC, ofri kou jeneral nan pwodiksyon pogram ak kou espesyalize nan pogram edikasyon dramatisazyon enfòmasyon, nouvèl aktyalite. Yon lòt kote, yo bay kèk kou pou prepare fòmatè ak òganizatè aktivite fòmasyon. An jeneral, kou pwodiksyon yo toujou gen arevwa ak yon tèm espesyalman ki gen rapò ak devlopman epi chache jwenn pi bon fason pou edike bay enfòmasyon ak adikasyon nan yon seri domèn espesyal tankou: konsèvasyon enèji ak pwoteksyon anviwònman, prevansyon SIDA ak pwomosyon sante, pogram pou timoun yo ak tèm ki gen rapò ak devlopman, travay ak chomaj.


   ENSTITI PANÒS

Enstiti Panòs Washington D.C ak Port-au-Prince, se yon òganizasyon entènasyonal ki bay tèt li misyon renfòse sosyete sivil nan peyi kote l ap travay yo, pandan l ap ede jounalis yo fè repòtaj sou yon devlopman dirab, tankou sou sijè medya yo pa pale twòp de yo, espesyalman sa rezilta yo monte anpil nan mitan kominote yo.

Panòs bay koutmen nan òganize seminè, li pwodwi atik epi li distribiye yo toupatou. Li fè pwogram radyo, televizyon, materyèl elektwonik ki gen arevwa ak degradasyon anviwònman, li travay sou libète lapawòl, li ede jwenn solisyon tèt ansanm pou rezoud pwoblèm devlopman epi li travay tou sou VIH/SIDA. Institut Panos mennen aktivite ansanm ak kèk asosiyasyon nan zòn nan yo, ak jounalis epi ak òganizasyon non gouvènmantal yo.

Panòs kenbe bon relasyon nan rejyon yo epi li pote kolaborasyon l nan divès peyi nan mitan jounalis yo. Panos lanse Media NET ki pemèt li gaye enfòmasyon nan lòt peyi yo. Media NET pèmèt jounalis yo rankontre pwoblèm yo san kè kase epi ak nouvo prezantasyon ki pa t enterese medya yo.

Se nan ane 1986, yo te kreye Institut Panos nan Washington D.C, tankou yon òganizasyon ki p ap ofri sèvis li pou lajan, avèk lwa 501 (c) 3 ki ba l tout dwa granmoun li. San pèdi tan yo vin kreye 2 lòt biwo, youn Paris lòt la Londres, chak biwo sa yo granmoun tèt yo, youn pa depann de lòt epi yo chak òganize pwogram pou yo kapab reyalize travay pa yo. Pafwa yo fè travay yo ansanm.

Gen plizyè kote ki ede Panos jwenn lajan pou l reyalize rèv li yo, tankou : Fondation Mac Arthur, Fondation Ford, PLAN International, population Services International (PSI), Save the Children Canada, les Agences de developpement de Cooperation Internationale de la Hollande, de la Suède, Union Européen, Open Society Institute, Fondation Nationale pour la Democratie des Etats-Unis ak Agences des Nations-Unies.

Aktivite prensipal li an Ayiti ak nan karayib la.

Pwodiksyon plizyè atik pou laprès ak plizyè pwogram radyo jounalis peyi a yo reyalize.
Se yon seri nouvèl ki soti nan zile Caraïbe la yo sou : sante, anviwònman, dwa moun, jistis sosyal, yo fè pati tou nan kalite repòtaj yo fè sou rejyon yo "Island Beat". Kalite travay sa yo baze sou yon seri nouvèl ki soti nan kominote lokal yo. Yo pibliye yo ak kolaborasyon Institut des Ressources Naturelles de la Caraibe (CANARI) ak Réseau Caraïbéen des Ecojournalistes (CERN). Lè gen posiblite Panos pibliye atik yo nan lang angle, kreyòl, panyòl oubyen franse.


Pwodiksyon dosye pou laprès yo.
Pwogram "MediaNET bulletin - se yon dosye pou laprès sou peyi Haiti" ki bay enfòmasyon sou devlopman dirab an Haiti, yon pwogram ki plase Haiti nan kontèks zòn nan. Se pa sèlman yon ide jeneral yo devlope nan sijè y ap trete a, men chak dosye gen yon lis kote ou kapab kontakte, yo pote solisyon e yo bay referans yo pou si yon moun ta bezwen jwenn plis enfòmasyon.


Temwayaj oral.
Se esperyans ak lide anpil gwoup moun yo meprize bay nan yon seri temwayaj oral, yo mete yo ansanm epi yo distribiye yo sou fòma radyo ak jounal. Gen piblikasyon sou fòma miltimedya k ap prepare.


Etid ka sou kominote ak anviwònman- Leson nan Caraïbe la.
Etid ka sa yo mete deyò kèk modèl devlopman ki byen reyisi nan kominote rejyon an. Yo pibliye yo ak kolaborasyon Institut des Ressources Naturelles de la Caraibe (CANARI).


Ankadreman ak Fòmasyon travayè laprès yo, ONG ak òganizasyon kominote yo
fè aktivite nan rejyon an ak tout peyi a sou sijè ki gen arevwa ak devlopman dirab ki enterese jounalis yo, lidè ONG ak òganizasyon kominote yo gras ak yon seri seminè ak konsèy sou ka yo.


Pwodiksyon materyèl resous pou enfòmasyon ak edikasyon a distans.

Liv ak gid pou repòtaj ki konbine ak materyèl ki gen son yo fè epi yo dispoze yo chak jou nan plizyè fòma, tankou sou papye, kasèt, CDROM ak entènèt.


Ranfòsman asosiyasyon medya yo.

Panos bay Réseau Caraïbéen des Ecojournalistes (CERN), koutmen ak objektif pou kenbe jounalis nan fòmasyon. Panos rantre tou nan bay yon seri jounalis Haïtien k ap travay sou zafè VIH/SIDA fòmasyon "Cellule de Communication sur le SIDA" (CECOSIDA).



Retounen

Monte

 

 A pwopo pwojè sa a | A pwopo esponnsò yo | Pwoteksyon timoun yo

"Vwa timoun yo" se yon espas pou ede vwa nou rive pi lwen. Objektif "Vwa timoun yo" se pwomouvwa patisipasyon timoun jounalis yo nan medya yo."Vwa timoun yo" ede simayen nouvèl timoun jounalis Ayiti, Salvadò, Onndiras ak Nikaragwa.

© 2000-4, Plan Haiti comhti@planinternational-ht.org
Se Enstiti Panòs ki konstui sit web sa a
panoshaiti@aol.com

Konsepsyon sit la: Arobase Interactive - Jean Samuel Pierre Louis© 2005