|
"Our
Own Voice" derape nan mwa mas 2000 ak yon pwojè
pou yon peryòd 3 lane, se Plan Entènasyonal,
Sant Fòmasyon Radyo Nedèland ( Centre de Formation
de Radio Nederland) ansanm avèk Enstiti Panòs
ki ekzekite l. "Our Own Voice" se youn nan pi gwo
pati nan pogram Plan Entènasyonal genyen ki rele: Dwa
timoun ak patisipasyon medya yo nan sosyete sivil la, kote
nan moman sa a li gen ladan l timoun Salvadò, Ayiti,
Onndiras ak Nikaragwa.
A
travè pogram sa a, yon gwoup timoun nan divès
kominote lokal pwodui emisyon radyofonik tanzantan ki pral
pase apre nan radyo lokal yo. Timoun sa yo, yo pral resevwa
fòmasyon kòm repòtè. Y ap jwenn
asistans lè yo pral kouvri yon seri evènman
ki gen rapò ak devlopman kominote ak dwa timoun. Pi
ta, n ap tann pou yo kapab menm rive fè kanpay pou
sansibilize moun sou sijè ki makònen ak dwa
timoun e yo kapab pwodui liv komik ak postè tou.
Pogram
sa a gen pou objektif pou l fè timoun yo pi abil epi
rann yo pi konpetan pou yo kapab patisipe nan aktivite devlopman
dirab devlopman kominote yo, kote yo kapab sèvi ak
medya yo yon fason toutafè espesyal pandan y ap ouvè
chemen pou yo kapab jwenn plis espas nan medya yo. Pogram
sa a vize tou pou l sansibilize plis paran ak timoun sou dwa
timoun ak valè yo dwe genyen nan patisipasyon yo nan
aktivite devlopman kominote a.
Sit
wèb la bay yon kafou pou chanje lide k ap soti nan
lòt peyi yo, esperyans, kòmantè ak enfòmasyon
nan mitan timoun jounalis ak lòt gwoup timoun yo ki
enterese yo. Li bay timoun yo asistans li tou nan ede timoun
yo pibliye pwodiksyon nan divès kalte lang, tankou:
kreyòl, franse, anglè ak espanyòl. Tankou
sit wèb "Our Own Voice" konte konplete l.
Kolaborasyon
ak patenarya nan pwodiksyon atik nan mitan timoun jounalis
yo k ap viv nan peyi diferan.
Pwopozisyon
enfòmasyon sou dwa timoun ak tèm ki konsène
timoun an Ayiti, nan karayib la, nan amerik santral ak entènasyonal.
"Our
Own Voice" bay timoun jounalis nan depatman peyi a yo
sipò adisyonèl nan aktivite sa yo:
Òganize
eskisyon pou timoun jounalis yo nan bi pou l ba yo posiblite
pou yo gen pratik repòtaj, kote yo nan sous la menm,
la y ap tande divès kalte enfòmasyon.
Fòmasyon nan teknik ekriti jounalistik.
Yon asistans nan pwodiksyon ak distribisyon yon magazin pou
timoun.
|