Kòmansman
Fòlibète
chita sou kòt Nò peyi Ayiti, tou pre fontyè
l ak Repiblik Dominikèn. Vil la sanble ak bè
Manseniy (Mancenille). Se espanyòl yo ki te fonde l
menm jan ak vil Bayaha nan lane 1578. Fransè yo te
pran vil sa a nan ane 1725 epi yo ba li yon lòt non,
yo rele l Fò Dofen nan ane 1731 nan lonè Lwi
15 (Louis XV). Nan menm ane sa a, yo bati yon fò nan
pwent nò vi l la, yo rele l Fò Dofen. Se yon
fò ki te fè pati tout yon seri sistèm
yo te mete anplas ozalantou bè a pou pwoteje l. Gen
4 lòt fò ki chita nan rantre vil sa a ki la
pou pwoteje l tou, se: Fò Labouk, Batridelans, Fò
Sen Chal ak Fò Sen Frederik.
Tousen
Louvèti pran l nan ane 1796 e li vin rele l ankò
Fò Libète. Li fè Fò Dofen tounen
yon baz, ak baz sa a li te gen espwa yon jou li gen pou l
debake sou tèritwa panyòl espayòl ki
nan vwazinay li a.
Fòlibète
sete toujou yon sant pandan peryòd revòlt ak
soulèvman nan peryòd istorik yo. Se nan menm
fò sa a yo te siyen jounen 28 Novanm 1803 premye pwoklamasyon
endepandans lan. Nan ane 60 yo, fò a te sèvi
kote pou fè reyinyon pou mouvman kont esklavaj nan
mond lan. Pandan peryòd okipasyon amerikèn nan,
nan ane 1915, vil sa a se te yon zòn enpòtan
kako yo te konn kwaze.
Gen
kenz (15) lane de sa, Fòlibète te kapab fè
moun pale de li avèk 48.000 ekta tè li te genyen
ki te plante ak sizal.
Antre
vil la ankadre ak yon gwo kay jon estrawòdinè.
Menn jan ak kèk lòt vil nan peyi a, Fòlibète
se pa yon kote ou jwenn kouran eletrik fasil, se apèn
4è kouran yo jwenn chak jou. Majorite moun nan zòn
nan abite nan yon seri kay ki fèt ak siman e ki kouvri
ak tòl. Fanmi k ap viv nan zòn riral yo, byen
souvan abite nan yon seri ti kay ki klise ak bwa, apresa yo
masonnen (voye mòtye sou klis yo) mi klise yo. Pifò
nan zòn riral yo pa gen kouran elektrik.
Aktivite
Plan Entènasyonal yo
Plan
kòmanse travay nan Fòlibète depi nan
ane 1990. Pogram Plan nan zòn sa a kouvri onz (11)
kominote kote li parene 4.340 timoun epi fanmi yo resevwa
èd nan men l tou.
Diran
senk (5) al sis (6) premye ane aktivite l yo nan Fòlibète,
Plan te plis konsakre l nan travay pote yon amelyorasyon nan
koze edikasyon timoun yo, tankou bati oubyen repare kèk
lekòl primè, mete materyèl ladan yo pou
elèv yo, ba yo inifòm, peye lekòl pou
yo. Apre sa, li vin bay koutmen nan koze dlo potab, li konstui
latrin, li bay kèk ti sèvis sante tou ak agrikilti.
Edikasyon
Distri
Fòlibète gen karant (40) lekòl primè,
gras ak sipò finansye Plan, gen dizuit (18) nan yo
ki rive repare. Gen senk (5) lòt lekòl prive,
yon lise, yon lekòl lwa ak yon bibliyotèk. Tout
lekòl sa yo manke materyèl e anpil nan yo mande
repare. An 1997, Plan vin antre ak yon pwojè ekipman
pou teren jwèt.
Sante
Fòlibète
gen yon sant sante ak kat (4) dispansè. Anpil nan sèvis
swen sante yo, se òganizasyon prive ki p ap travay
pou fè kòb ki bay yo. Gen plis pase senksansenkant
(550) fanm saj ki fòme k ap travay nan trèz
(13) kominote nan zòn nan. Yo bay koutmen tou nan vaksinen
timoun ki gen pi piti pase senk (5) an ak fanm ansent yo.
Nitrisyon
Anjeneral,
fanmi yo manje 2 fwa nan yon jounen, prèske chak jou
se mayi moulen oubyen diri ak sòs pwa. Le maten byen
bonè yo pran yon kafe dous byen fò ak pen. Moun
yo manje kann tou pou ba yo enèji epi yo renmen manje
mango lè sezon l rive. Prèske tout manje yo
kuit nan lakou lakay yo, yo sèvi ak twa (3) wòch
oubyen yon trepye pou kenbe chodyè sou dife a.
Kominikasyon
ak transpò
Gen
yon estasyon otobis, kote tap tap yo fè virewon ant
zòn nan ak Okap epi Wanament. Gen yon ekip ti kamyonèt,
motosiklèt ak bourik ki fasilite tranpò nan
kominote riral yo. Moun yo kominike bouch an bouch, paske
yo pa gen telefòn nan ti vil riral yo. Se sèl
nan vil Fòlibète a ki gen yon sèvis telefòn.
Aktivite
ekonomik
Pifò
abitan yo se tè yo travay, men anpil nan yo pa gen
tè. Moun sa yo ki pa gen tè a fè sa yo
rele demwatye a, kote yo aranje yo ak mèt tè
a, tankou yo travay li, yo plante l, lè rekòt
la pare yo bay mèt tè a yon ka epi yo pran twaka
nan sa yo rekòlte a.
Tè
a pa yon tè ki kiltivab, epi agrikilti a tou se pa
yon bagay ki bay randman. Fanmi yo gade youn oubyen plizyè
zannimo, tankou kabrit, bèf, mouton ak bèt volay.
Akoz jan vyann se yon bagay ki chè se pa yon bagay
ayisyen manje anpil. Yo konsidere zannimo yo tankou yon lajan
kach yo depoze labank. Yo vann bèt sa yo, sèlman
lè yo gen yon pwoblèm lajan, tankou ka lanmò,
maladi oubyen yon okazyon espesyal.
Aktivite
sosyal
Banbòch
se yon rasanbleman sosyal. Banbòch nan zòn riral
yo toujou fèt anba yon tonèl (se yon swadizan
kote yo pike kèk ti poto lejè epi yo kouvri
l ak pay, tankou bannann) Majorite moun ki vin pran pa nan
jan de aktivite sa yo se jen ak granmoun gason andezaj ki
vin fè konesans ak lòt moun. Yo pratike divès
kalte dans tankou: kongo, woumba, mereng ak bolero. Chak dimanch
maten pandan tout ane a yo bat kòk. Mesye yo chita
sou yon seri ban ki fèt ak bwa ki fè yon wonn
ki pase sou kote kòk yo ap batay la.
Ayiti
gen anpil jou fèt, fèt yo fete tout kote yo
se fèt nwèl, madigra, pak ak jounen timoun yo.
Maryaj ak batèm se yon seri okazyon espesyal tou. San
n pa bliye, premye janvye gen anpil enpòtans an Ayiti,
se pa sèlman paske se premye jou nan ane a, men tou
paske se jou endepandans li.
Patwon
Fòlibète se Sen Jozèf, yo fete l chak
19 mas.
Retounen |
Monte |
|