Bonjou Timoun yo! jodi a se     



 

Emisyon timoun yo

Achiv ti moun yo
Lot Sit ti moun

 
Pwoje Vwa Ti Moun Yo reyalize gras ak sipò :

Panos Caraibes


plan


unicef

 

 

    A pwopo de pwoje sa a pwopo de esponnso pwoteksyon Timoun kontakte nou
 

 

Vil Kote nou ye



Twou Dinò - Depatman Nòdès Ayit

 

Kòmansman

Twou Dinò chita nan zòn plat depatman nòdès peyi Ayiti a. Li gen yon popilasyon ki ozanviwon 62.200 moun k ap viv nan 10 kominote.

Menn jan ak kèk lòt vil nan peyi a, Twou Dinò se pa yon kote ou jwenn kouran eletrik fasil, se apèn 4è kouran yo jwenn chak jou. Majorite moun nan zòn nan abite nan yon seri kay ki fèt ak siman e ki kouvri ak tòl. Fanmi k ap viv nan zòn riral yo, byen souvan abite nan yon seri ti kay ki klise ak bwa, apresa yo masonnen (voye mòtye sou klis yo) mi klise yo. Pifò nan zòn riral yo pa gen kouran elektrik.

Aktivite Plan Entènasyonal yo

Plan kòmanse travay nan Twou Dinò depi nan lane 1992. Pogram sa a ki nan Twou Dinò a parene 3.700 timoun ak fanmi yo.

Diran senk (5) al sis (6) premye ane aktivite l yo nan Twou Dinò, Plan te plis konsakre l nan travay pote yon amelyorasyon nan koze edikasyon timoun yo, tankou bati oubyen repare kèk lekòl primè, mete materyèl ladan yo pou elèv yo, ba yo inifòm, peye lekòl pou yo. Apre sa, li vin bay koutmen nan koze dlo potab, li konstui latrin, li bay kèk ti sèvis sante tou ak agrikilti.

Edikasyon

Anviwon 80 sou chak 100 lekòl k ap fonksyone an Ayiti se lekòl prive, gen ki nan men misyon evanjelik ak òganizasyon imanitè yo. Edikasyon timoun yo se yon bagay ayisyen yo bay yon pakèt enpòtans, nan konsa yo fè tout sa yo kapab omwen pou yo wè si timoun yo va fè sètifika (Etid primè) yo.

Distri Twou Dinò bò kote pa li, li genyen 75 lekòl, gen 15 nan yo ki te jwenn yon amelyorasyon gras ak èd Plan te ba yo. Gen 7 lekòl segondè prive ak 2 lise. Tout lekòl sa yo manke materyèl e anpil nan yo mande repare.

Sante

Twou Dinò gen yon sant sante ak six (6) dispansè. Anpil nan sèvis swen sante yo, se òganizasyon prive ki p ap travay pou fè kòb ki bay yo. Gen plis pase san fanm saj ki fòme k ap travay nan nèf (9) kominote nan zòn nan. Yo bay koutmen tou nan vaksinen timoun ki gen pi piti pase senk (5) an ak fanm ansent yo.

Nitrisyon

Anjeneral, fanmi yo manje 2 fwa nan yon jounen, prèske chak jou se mayi moulen oubyen diri ak sòs pwa. Le maten byen bonè yo pran yon kafe dous byen fò ak pen. Moun yo manje kann tou pou ba yo enèji epi yo renmen manje mango lè sezon l rive. Prèske tout manje yo kuit nan lakou lakay yo, yo sèvi ak twa (3) wòch oubyen yon trepye pou kenbe chodyè sou dife a.

Kominikasyon ak transpò

Gen yon estasyon otobis, kote tap tap yo fè virewon ant zòn nan ak Okap, Fòlibète epi Wanament. Gen yon ekip ti kamyonèt, motosiklèt ak bourik ki fasilite tranpò nan kominote riral yo. Moun yo kominike bouch an bouch, paske yo pa gen telefòn nan ti vil riral yo. Se sèl nan vil Twou Dinò a ki gen yon sèvis telefòn.

Aktivite ekonomik

Pifò abitan yo se tè yo travay, men anpil nan yo pa gen tè. Moun sa yo ki pa gen tè a fè sa yo rele demwatye a, kote yo aranje yo ak mèt tè a, tankou yo travay li, yo plante l, lè rekòt la pare yo bay mèt tè a yon ka epi yo pran twaka nan sa yo rekòlte a.

Tè a pa yon tè ki kiltivab, epi agrikilti a tou se pa yon bagay ki bay randman. Fanmi yo gade youn oubyen plizyè zannimo, tankou kabrit, bèf, mouton ak bèt volay. Akoz jan vyann se yon bagay ki chè se pa yon bagay ayisyen manje anpil. Yo konsidere zannimo yo tankou yon lajan kach yo depoze labank. Yo vann bèt sa yo, sèlman lè yo gen yon pwoblèm lajan, tankou ka lanmò, maladi oubyen yon okazyon espesyal.

Aktivite sosyal

Banbòch se yon rasanbleman sosyal. Banbòch nan zòn riral yo toujou fèt anba yon tonèl (se yon swadizan kote yo pike kèk ti poto lejè epi yo kouvri l ak pay, tankou bannann) Majorite moun ki vin pran pa nan jan de aktivite sa yo se jen ak granmoun gason andezaj ki vin fè konesans ak lòt moun. Yo pratike divès kalte dans tankou: kongo, woumba, mereng ak bolero. Chak dimanch maten pandan tout ane a yo bat kòk. Mesye yo chita sou yon seri ban ki fèt ak bwa ki fè yon wonn ki pase sou kote kòk yo ap batay la.

Ayiti gen anpil jou fèt, fèt yo fete tout kote yo se fèt nwèl, madigra, pak ak jounen timoun yo. Maryaj ak batèm se yon seri okazyon espesyal tou. San n pa bliye, premye janvye gen anpil enpòtans an Ayiti, se pa sèlman paske se premye jou nan ane a, men tou paske se jou endepandans li.

Patwon Twou Dinò se Sen Jan Baptist, yo fete l chak 24 jèn.

 


Retounen

Monte

 

sit web sa a se insyativPanòs Karayib ki konstui
www.panoscaribbean.org
Conception : Isidor Cherenfant / powerx2000@yahoo.fr