Bonjou Timoun yo! jodi a se     



 

Emisyon timoun yo

Achiv ti moun yo
Lot Sit ti moun

 
Pwoje Vwa Ti Moun Yo reyalize gras ak sipò :

Panos Caraibes


plan


unicef

 

 

    A pwopo de pwoje sa a pwopo de esponnso pwoteksyon Timoun kontakte nou
 

Kontribisyon ti moun yo

 

Jounen nasyonal timoun kay Pè Chibly
Engreed Joissaint

Jou ki te dimanch 13 jen 2004, nan etablisman Pè Chibly nan lokalite Aviasyon, plizyè timoun te reyini pou fete jounen nasyonal timoun yo.

Nan okazyon sa a te gen plizyè aktivite kitirèl ak espòtif pou mete ambyans tankou : foutbòl, dans, teyat, chanson, elatriye…

Te gen tou yon Konferans avoka Frantz Comonce te bay sou tèm : Devlopman timoun ak akò sou dwa timoun.Nan entèvansyon l nan, li te fè yon istorik sou akò ak jounen nasyonal timoun.

Akò sou dwa timoun nan te siyen nan ane 1989 pa plizyè chèf Leta ak gouvènman nan lemonn e li te siyen pa gouvènman ayisyen an nan ane 1990 nan asanble jeneral Oganizasyon Nasyon Zini (ONI).

Palman ayisyen an te dakò ak li nan mwa desanm 1994 e gouvènman an te plibliye l nan jounal ofisyèlpeyi a kise Le Moniteur nan dat 13 mas 1995.

Pou sa k konsène jounen nasyonal timoun yo , li te pran nesans nan ane 1960 sou pwopozisyon yon asosyasyon ke te rele : Asosyasyon zanmi timoun pòv yo k ap viv andeyò.

Asosyasyoon an te ekri chanm Depite a ki ,bò kote pa l, pa t pran anpil tan pou aksepte lide sa a e ki te vin jwenn tou akò Prezidan François Duvalier.

Toujou pou pote kole ak pwopozisyon sa a , chanm Depite a te fè sòti yon lwa nan dat 19 me 1960 ki te gen ladann 4 atik. N ap site premye: chak dezyèm dimanch mwa jen, n ap fete jounen nasyonal timoun yo nan peyi Dayiti.

Men sa kèk timoun nou te entèvyouve di nou sou zafè dwa timoun

Suze marie Loudy: "Mwen trè satisfè de jounen sa a paske mwen wè gen moun ki sonje nou menm timoun e yo respekte dwa nou"

Jean Marc Dieumercy : "Jounen nasyonal timoun yo se yon jou trè espesyal nou genyen e nou dwe patage l chak jou nan vi nou. Jan bandwòl la di l timoun jodi granmoun demen. Se apati de jodi a pou nou kòmanse "


Retounen

Monte

 

Emisyon Radio Ti Moun Yo

Ti moun nan Estidyo

1.

Dwog
00:30':03"
[Ecouter]      [Télécharger]

2.

Viyolans sou Ti Moun
00:30':06"
[Ecouter]      [Télécharger]

3. Dwa Pou Ti Moun devlope Talan Yo e Pou Yo Jwe
00:31':56"
[Ecouter]      [Télécharger]
4. Ti Moun Enfekte/Afekte ak Maladi SIDA a
00:28':12'
[Ecouter]      [Télécharger]
5. Dwa Pou Ti Moun Gen Edikasyon
00:27':16"
[Ecouter]      [Télécharger]
7.

Timoun Restavèk
00:28':31"
[Ecouter]      [Télécharger]

8. Trafik Oubyen Trèt Ti Moun
00:26':30"
[Ecouter]      [Télécharger]
13. Sityasyon Ti Moun an Ayiti fas a objektif milenè-a
00:23':33"
[Ecouter]      [Télécharger]
15. Dwa pou Ti Moun Jwenn Manje
00:27':22"
[Ecouter]      [Télécharger]
18. Kanpay Vaksinasyon
00:14':57"
[Ecouter]      [Télécharger]
19. Sèvis Sante pou ti moun yo
00:27':22"

[Ecouter]
     [Télécharger]
 



N ap mande tout timoun ak jèn k ap patisipe yo, pou yo voye ban nou istwa ak kòmantè pa yo, foto ak emisyon radyo. N ap mete yo nan paj sa a pou ti zanmi yo k ap viv nan lòt peyi kapab wè yo.

Souple, voye tout pwodiksyon nou yo nan: panoshaiti@aol.com




 
   
sit web sa a se insyativPanòs Karayib ki konstui
www.panoscaribbean.org
Conception : Isidor Cherenfant / powerx2000@yahoo.fr