Bonjou Timoun yo! jodi a se     



 

Emisyon timoun yo

Achiv ti moun yo
Lot Sit ti moun

 
Pwoje Vwa Ti Moun Yo reyalize gras ak sipò :

Panos Caraibes


plan


unicef

 

 

    A pwopo de pwoje sa a pwopo de esponnso pwoteksyon Timoun kontakte nou
 

 

A pwopo de "Vwa Ti Moun Yo"



"Our Own Voice" derape nan mwa mas 2000 ak yon pwojè pou yon peryòd 3 lane, se Plan Entènasyonal, Sant Fòmasyon Radyo Nedèland ( Centre de Formation de Radio Nederland) ansanm avèk Enstiti Panòs ki ekzekite l. "Our Own Voice" se youn nan pi gwo pati nan pogram Plan Entènasyonal genyen ki rele: Dwa timoun ak patisipasyon medya yo nan sosyete sivil la, kote nan moman sa a li gen ladan l timoun Salvadò, Ayiti, Onndiras ak Nikaragwa.

A travè pogram sa a, yon gwoup timoun nan divès kominote lokal pwodui emisyon radyofonik tanzantan ki pral pase apre nan radyo lokal yo. Timoun sa yo, yo pral resevwa fòmasyon kòm repòtè. Y ap jwenn asistans lè yo pral kouvri yon seri evènman ki gen rapò ak devlopman kominote ak dwa timoun. Pi ta, n ap tann pou yo kapab menm rive fè kanpay pou sansibilize moun sou sijè ki makònen ak dwa timoun e yo kapab pwodui liv komik ak postè tou.

Pogram sa a gen pou objektif pou l fè timoun yo pi abil epi rann yo pi konpetan pou yo kapab patisipe nan aktivite devlopman dirab devlopman kominote yo, kote yo kapab sèvi ak medya yo yon fason toutafè espesyal pandan y ap ouvè chemen pou yo kapab jwenn plis espas nan medya yo. Pogram sa a vize tou pou l sansibilize plis paran ak timoun sou dwa timoun ak valè yo dwe genyen nan patisipasyon yo nan aktivite devlopman kominote a.

Sit wèb la bay yon kafou pou chanje lide k ap soti nan lòt peyi yo, esperyans, kòmantè ak enfòmasyon nan mitan timoun jounalis ak lòt gwoup timoun yo ki enterese yo. Li bay timoun yo asistans li tou nan ede timoun yo pibliye pwodiksyon nan divès kalte lang, tankou: kreyòl, franse, anglè ak espanyòl. Tankou sit wèb "Our Own Voice" konte konplete l.

Kolaborasyon ak patenarya nan pwodiksyon atik nan mitan timoun jounalis yo k ap viv nan peyi diferan.

Pwopozisyon enfòmasyon sou dwa timoun ak tèm ki konsène timoun an Ayiti, nan karayib la, nan amerik santral ak entènasyonal.

"Our Own Voice" bay timoun jounalis nan depatman peyi a yo sipò adisyonèl nan aktivite sa yo:

Òganize eskisyon pou timoun jounalis yo nan bi pou l ba yo posiblite pou yo gen pratik repòtaj, kote yo nan sous la menm, la y ap tande divès kalte enfòmasyon.
Fòmasyon nan teknik ekriti jounalistik.
Yon asistans nan pwodiksyon ak distribisyon yon magazin pou timoun.


 

 

 

sit web sa a se insyativPanòs Karayib ki konstui
www.panoscaribbean.org
Conception : Isidor Cherenfant / powerx2000@yahoo.fr