|
Extrait
d'émissions
Emission1
TEM:
SIDA
SIJE: STIGMATIZASYON
Premye
pati
Naratè
1
Zanmi k ap koute nou, bonjou. Nou kontan jodi a pou n rankontre
pou yon lòt emisyon Pawòl timoun. Sa k pase Kensly,
n ap boule? M kwè w deja pare pou emisyon an.
Naratè
2
Menwi Lumencie, nan emisyon jodi a n a va pale sou SIDA, sitou nan
sa ki konsènen stigmatizasyon an.
Naratè
1
Dakò Kensly, ou konnen jodi a stigmatizasyon ap vale teren,
li menm tounen yon pwoblèm pou moun ki enfekte yo. Sa ou
di Kensly ?
Naratè
2
Wi Lumencie yo konsidere stigmatizasyon an kòm yon mak yo
mete sou do moun ki enfekte a pou yo imilye l, fè l pèdi
tout valè li. Moun sa a, yo pa gade li menmjan ak fason yo
te wè li avan li te enfekte a. Tout sa se mepri lèzòm.
Naratè
1
Nan emisyon nou jodi a, n ap genyen pou n pale sou sa ki stigmatizasyon
an atravè yon ti istwa.
Dezyèm pati
Naratè
1:
Nou pral koute yon ti istwa sou yon elèv lekòl ki
enfekte ak viris SIDA ; malgre eta fizik li, li toujou djanm.
Naratè
Vwala, se te istwa Jan Lik, yon elèv lekòl ki t ap
bese leve akoz eta sante l pat bon. Aprè yon tès depistaj
VIH-SIDA nan lopital la, yo dekouvri li pote viris ki bay maladi
SIDA nan san l . Yon lè koze a rive nan direksyon lekòl
la, etan yon gwo diskisyon te pete ant Jan Lik ak yon gwoup elèv.
Paran mete bouch, koze a rive menm nan vwazinaj lakay, lajistis
te mele tou.
Janèt Ey! Kote madan Ednè, ou pa tande yo pran
!
Madan
Ednè Sa fi sa gen, l ap fè bri, epi kèl
kontan konsa ?
Janèt
Ou tande koze ya ? Jan Lik pran SIDA. !
Madan
Ednè Sa l ye ? Chita pitit, kote ou jwenn koze sa-a ?
Janèt
Madanm, se talè ya m sot tande Jan Lik k ap di manman li
sa paske koze sa-a kòmanse fè zen nan lakou lekòl
mèt Jozèf la.
Madan
Ednè An an, se konsa, timoun mwen yo te konn al jwe lòtbò
a, m p ap kite yo ale ankò, pou yo pa pran SIDA.
Janèt
W
ap pale, kite koze pran pawòl ! Fò n al pale direktè
ya pou l pa resevwa sidayis nan lekòl li.
Naratè listwa Konsa yo imilye Jan Lik, yo mete l sou
kote. Li pa t pote l byen ditou, li te gen anpil move panse nan
tèt li, manman l t ap pale ak li.
M Jan Lik Jan Lik cheri pale manman w sa ou genyen non, m
pa konprann ou menm ?
Jan
Lik
Bon men li manman, sa pou m fè ? men m al lopital jodi a
ankò ak matant mwen Sofya, yo di l se maladi SIDA a k ap
trakase m konsa, se pou yo pran swen m epi tann sa k ap vini pou
pita.
M.
Jan Lik
Ou retounen ak pawòl SIDA sa a ankò ? Kote m te voye
w ? Se gwo lajan m depanse pou voye w lekòl ! Gade kote w
ale met tèt ou.
Jan
Lik
M pat konnen si m t ap rive la. Tout moun nan kò m kounye
a ; menm Janèt ak madan Ednè ap mache fè moun
pou mwen ; menm nan lakou lekòl la yo kòmanse rizibye
m, direktè a voye m retounen lakay, timoun yo ap rele m sidayis.
Pou m ta pi byen se pou m ta bay tout moun sa yo k ap imilye m nan
maladi a !
Naratè
listwa Pandan tan sa-a, Janèt t ap koute, diskisyon mete
pye, se jij Panyòl ki t ap pase, ki te vin mete lapè.
Janèt
Sa w di Jan Lik ? se mwen ou akize k ap fè moun pou ou?
M
Jan Lik
Wi Janèt, ou fè sa vre, se ou k ap fè moun
nan lari a pou pitit mwen an.
Janèt
Ki moun ki di w se mwen k ap mache fè moun pou pitit ou nan
lari a?
Jij
Panyòl
Mezanmi, sa nou gen la konsa, nou fè twòp bri la,
sa nou genyen menm ?
M
Jan Lik
Non jij, m tande Janèt ap mache fè moun pou pitit
mwen li di ki gen SIDA.
Janèt
Non jij, etan m ap pase m tande Jan Lik di fò l banm SIDA.
Jij
Panyòl
Mezanmi antann nou, menm lè yon moun gen maladi SIDA, se
pa pou n imilye l ni mete l sou kote, nou dwe toujou konsidere l
menm jan ak lè li pa t ko malad.
Janèt
Mwen jij, pou m byen di w se man Ednè ki te vin di m sa.
Si m te konnen m pat mele nan koze sa a. M menm tande direktè
a retire Jan Lik nan lekòl la twòp eskandal.
M
Jan Lik
Janèt, mwen vle padone w, men pa mete bouch ou nan koze sa
a ankò.
Janèt
Dakò man Jan Fis, o kontrè m ap ede ou ak Jan Lik.
Twazyèm
pati
Naratè
1
Peyi dayiti se youn nan peyi karayib yo, kote kantite moun ki gen
viris SIDA vin pi plis chak jou. Chak ane anviwon 4 mil timoun ki
fenk fèt, pote Viris SIDA nan san yo. Preske 2/3 moun k ap
viv nan karayib la soti nan peyi nou, an Ayiti. ( enfòmasyon
nou jwenn nan rezime dokiman 2 mil sis, CECOSIDA mete deyò).
Plis maladi SIDA ap fè pale de li, plis moun dwe fè
efò pou yo pa imilye yo.
ANIMATE
Se pou nou fè jefò pou nou pa meprize moun ki gen
Viris SIDA nan san yo paske n ap fè yo vini pi mal.
Naratè
1
Zanmi oditè se la nou mete fen nan emisyon jodi a
Naratè
1
Nou kwè, aprè emisyon an nou tout wè li enpòtan
pou n konpòte n byen ak moun ki enfekte yo, pou n ankadre
yo, pale ak yo byen, konsa yo va santi yo nan sosyete ya tou.
Naratè
2
Nou remèsye tout moun ki t ap koute nou nan emisyon pawòl
timoun.
Naratè
1
Nan mikwo a, moun ki t ap sèvi n se te : Lumencie Jose-Gardie
Orphilien ak Flecher Kensly.
Naratè
2
Randevou a kase pou yon lòt emisyon. Orevwa.
|