Extrait d'émissions

Emission 2

Tèm: Dwa timoun
Sijè : Kòmès timoun

Premye pati

Naratè 1 Bonswa Lumencie kòman w te pase semèn nan? Kòm nou konnen, fèt la fin pase, men mwen rete kwè ou toujou kontan pou n anime emisyon an jodi a.

Naratè 2 Bonswa Kensly ou deja konnen sekrè m, depi emisyon Pawòl Timoun rive kè m toujou kontan. Ebyen Kensly se moman pou nou salye popilasyon an ki t ap tann emisyon an ak anpil enpasyans.

Naratè 1 Tout moun k ap koute 4e emisyon pawòl timoun nan lè sa a, yon gwo bonswa pou nou. Se 2e edisyon sou Dwa Timoun ki antre lakay ou, jodi ya nou pral pale sou komès timoun, Lumencie di nou kòman trafik sa a te kòmanse.

Naratè 2 Nan lane 1952, Tourilyo, prezidan dominiken an nan lepòk la, te siyen yon akò ak gouvènman ayisyen an ki te rele <COVENIO> ki te bay libète pou anpil ayisyen rantre nan peyi panyòl pou yo al travay nan chan kann. Nan lane 2003 yo evalye plis pase demi milyon ayisyen kap viv laba a, pami yo gen 20% timoun ; anpil nan yo pa legal, gen nan yo se trafik yo te fè ak yo pou yo al pase mizè nan peyi blan.

Naratè 1 Nan dat ki te 2 desanm 1999 la, Ayiti ak Sendomeng te mete yo dakò sou yon pwotokòl pou mete anpil siveyans nan fwontyè a pou kontwole lè ayisyen yo ap rantre sòti sou fwontyè a. Lalwa 344 dominiken an pini tout moun k ap fè tranzaksyon nan move kondisyon sa yo ; te gen yon dekrè ki te siyen nan 17 novanm 1980 pou menm kòz sa a.

Naratè 2 Konsa nou pral tande istwa yon manman ki gen 6 pitit, sa ki pi gran an rele Jak, li gen 14 lane. Mari dam nan mouri, li p ap travay, li deside pati voye ti Jak Sendomeng pou l ale chèche lavi miyò pou ede l ak timoun yo. Ti Jak pa deside ale. Manman l bali anpil presyon ak bèl pawòl, kòm se timoun li ye li oblije obeyi.


Man Dò Jak pitit mwen, men ou rive nan 3e ane, m pa wè devan, m pa wè dèyè, m pral pale ak yon pasè pou l mennen w Sendomeng pou mwen, se ou ki pi gran gason m nan kay la, papa w mouri. Pye bwa fè fèy se pou kouvri rasin ni. Malè pa mal, w a va soulaje m ak timoun yo.

Ti Jak Manman ! mwen li, se pa Sendomeng mwen wè devanm la ditou. Mwen vle kontinye lekòl paske mwen ta renmen yon filozòf demen.

Man Dò Gade figi ti nèg la ! se moun tankou w ki rive filozòf ? manman w ak papa w te filozòf ? antouka se mwen ki granmoun ; sa m di se sa !

Ti Jak Men manman fason w pale a se kòm si m pa gen dwa chwazi sa m vle ; menm lè m se timoun m gen dwa pou m ale lekòl. M gen dwa refize yon chwa yon granmoun fè pou mwen malgre m respekte w.

Man Dò An an, se vre, m remake depi w fin jwenn yon gwoup timoun k ap pale w sou dwa timoun yo, ou pa manke ponmen papa. Antouka fè vit ale anwo bouk al chache mesye Wobè, se yon pasè, li konn mennen timoun Sendomeng, li rete tou pre bòs Djo a. Lè li vini m va antann ak li pou vwayaj la. Fè vit wi!


Naratè Malgre li pa kontan Ti Jak soti pou l al bay pasè ya komisyon an. Li gen yon rigòl dlo nan je l, sa ba l pwoblèm anpil.


Wobè Oke Ti Jak di manman w m ap vini kote l nan trant minit paske m ap ranje valiz mwen pou m al Sendomeng, m gen yon vwayaj ki cho la a. Se wikenn pa gen twòp siveyans.


Naratè Ti Jak retounen li pote repons bay manman l ki te gen tan mete yon sèl ti bèf yo genyen nan lavant pou vwayaj la fèt pi vit.


Man Dò Bonjou bòs Wobè, ou gentan jwenn nouvèl la. M tande pale de ou. Ou se yon vyewo nan travay ou . Se Ti Jak, pitit gason m nan m vle voye Sendomeng, se pou sa m rele w pou nou negosye.

Wobè A a madanm, ou pa gen pwoblèm, mwen nan trafik la depi 10 lane m poko fè mank menm. Pitit ou wa ap rive san pwoblèm, se mwen ki te ale ak pa bòs Moklè a, kounye a l ap degaje l ase byen lòt bò a, li menm kòmanse voye bagay bay paran l.

Ti Jak Men pitit Moklè a se yon gwo nèg li ye, li ka travay, mwen menm lè m rive sa m pral fè se timoun mwen ye m apèn nan klas senk lekòl.

Man Dò Kisa w di la a? kòmsi ou pa p jwenn ti travay ou ka fè? Lè w rive laba a fè ti kò w piti anba panyòl yo, wa va viv.

Ti Jak Ekon yo di dominiken pa vle wè ti ayisyen, yo di yo konn fè yo anpil mechanste.

Wobè Ti Jak ou pa bezwen pè pa bay tèt ou pwoblèm m ap regle koze w, antan m ak manman w, ranje valiz ou, n ap pati demen vandredi byen bonè.


Naratè Manman Ti Jak fin prepare tout bagay pou vwayaj la. Anyen paka anpeche Ti Jak ale. Vandredi byen bonè mesye yo pati. Depi Wanament se pa de mizè Ti Jak kòmanse pase. Se ak anpil brimad yo rive. Laba mesye Wobè vann Ti Jak pou 3 mil peso, depi lè ya yonn pa wè lòt ankò. Ti Jak kòmanse degaje l ak anpil difikilte. Li sove kote l te ye ya l al mande nan lari. Li pran anpil desepsyon. Li manke mouri plizyè fwa. Men li toujou ap reflechi, se manman l ki mete l nan sa. Pitit Bòs Moklè ya rive kay Man Dò, li di l mesaj sa a : m wè Ti Jak Sendomeng, afè l pa tèlman bon se mande l ap mande lakay moun.


Man Dò Se pa vre pitit, di m non, Ti Jak pa p fè anyen lòt bò wa. Mwen devenn vre. Mari m mouri. Yon sèl pi gran ti gason m genyen, men l twouve ap pase mizè nan panyòl si m te koute l sa pa ta rive. Kisa m ap fè pou m voye chache l ? Yon sèl ti bèf mwen te genyen m te vann li pou m fè l pati. Mezanmi ooooo !


Naratè Se konsa mandò rekonèt li pa bon ditou pou n itilize timoun nou voye y al chache lavi lòt kote. Malerezman, anpil paran viktim anvan yo reyalize sa a.
Emisyon an rive nan bout li. Jodi a nou t ap pale sou komès timoun k ap fèt an Ayiti ak R.D se yon trafik ki gen anpil danje ladan l ; sa mande pou manman ak papa pitit pran anpil prekosyon pou yo pa kouri lapli tonbe larivyè.
Nan dat ki te 13 desanm 2000 Ayiti te ratifye tou de konvansyon Nasyon Zini yo ki pale sou komès moun. Men ponkò gen okenn lwa anndan peyi ya pou fè aplike kòmsadwa pratik sa yo, yo konsidere kòm yon deli nan vyolasyon dwa moun andan peyi ya. Ankèt yo revele gen anpil ka konsa nan tout peyi a, men nan Pilat ak Plezans se yon pwoblèm ki repete anpil. Emisyon pou jounen jodi a rive nan bout li n ap kase randevou pou yon lòt emisyon pawòl timoun nan menm lè sa. Bonswa tout moun.

LUMENCIE AK KENSLY di nou orevwa.


Emission 2