Extrait d'émissions

Emission 3

Tèm: Dwa timoun
Sijè : tès depistaj


Premye pati


Naratè 1 Bonswa Lumencie, ou anfòm ? sa k ap pase menm ?

Naratè 2 Bonswa Kensly, nou kontan rankontre w ankò pou n sèvi tout zanmi fanatik nou yo ki pa janmen lage nou nan emisyon Pawòl Timoun.

Naratè 1 Bonswa tout zanmi oditè, kouman nou ye? n ap kenbe ?

Naratè 2 Nou kwè nan lè sa a granmoun tankou timoun deja branche ak kè yo kontan paske se emisyon pa yo wa, Pawòl Timoun ki antre lakay yo. Nou menm tou nou kontan anpil, sa w di Kensly ?

Naratè 1 Nan emisyon Pawòl Timoun pou jodi a n ap genyen pou n pale sou tès depistaj VIH ; se yon analiz yo fè nan yon sant sante. Se yon emisyon k ap genyen anpil enpòtans ; se pou nou koute l ak anpil atansyon.

Naratè 2 Nan emisyon pawòl timoun jodi a, n a pral rakonte yon listwa k ap louvri je nou pou nou wè klè nan zafè fè tès ; lè nou malad pou nou pa gen kè sote. Konsa lespri nou ap pi anpè.

Naratè 1 Se Lumencie, Kensly, ak patisipasyon lòt timoun ACEDDEP yo k ap pale ak nou n ap pran yon ti poz, n ap tounen.

Dezyèm pati

Naratè 1 Tout moun k ap koute radyo a ki fenk branche n ap koute emisyon Pawòl Timoun, emisyon ki pase sou radyo a chak dimanch, a 5è aprèmidi, nou reprann li chak mèkredi, a 6zè nan aswè. Kounye a nou envite n tande yon ti listwa, ou pral renmen anpil !

NARATE Se te listwa Linda, yon jenn fi ki te enfekte ak mikwòb ki bay maladi SIDA a. Li te toujou ap malad. Pat gen siy ki te montre aparans Viris SIDA a nan san li. Li t ap swiv lopital ale vini, prive kou piblik ; yon fwa nan lopital ki pi pre li ya, dokè a mande l pou l fè yon tès pou dekouvri sa k ap pase l konsa. Manman Linda pat vle pou l te fè analiz la, li te pè paske yon bagay t ap pase nan tèt li : ou kwè se pou chache wè si se maladi SIDA pitit li fè, paske li konn tande mikwòb SIDA a, se nan san li ye.

Doktè Bonjou madanm

Man Pyèsen Bonjou dòk

Doktè Eske w ta renmen m ede w ? ki pwoblèm ou ankò ? sa fè 15 jou depi ou sòti isit la?

Man Pyèsen Wi dòk, sa k fè m te vini kote w la ankò, se pitit mwen an, Linda; mwen retounen avèk li paske medikaman yo fini, angiz li geri, mwen wè li pi malad.

Doktè Kouman li ye menm ?

Man Pyèsen Bon, l ap vomi, dyare ya ap pase sou li tankou dlo, lafyèb la bese leve.

Doktè M bali bon medikaman deja, mwen eseye tout sa ki pi bon yo, si li pa reprann li m ap mande w pou l fè yon analiz pou nou kontwole si li pa genyen kèk mikwòb nan san l sitou. Li kapab fè kèk gwo fyèv tou.

Man Pyèsen Adje dòk ! tès nan san tou?

Doktè Wi madanm, se pa anyen, ou pa bezwen genyen pwoblèm avèk sa ? se yon rechèch n ap fè nan aparèy sou maladi pitit ou pou dekouvri ki maladi l genyen.

Man Pyèsen Men dòk pitanm pa nan lobo non. Tès, analiz, mwen pa genyen lajan non, konbyen kòb m ap peye?

Doktè Okontrè pa enkyete w madanm, ou p ap peye senk kòb, se gratis ti cheri.

Man Pyèsen M a va retounen dòk, mwen ponkò klè. Mwen te kwè se sèl tès pou maladi SIDA ki pou granmesi lopital. Pitit mwen pa nan lobo, se ti fi chanm mwen genyen dòk.

NARATE Olye Man Pyèsen fè pitit la fè tès depistaj la, li prefere ap kouri agòch adwat, li te prefere koute konsèy konpè li Antwan. L ale fè wout lakay papa ti chèz.

Man Pyè Bonjou konpè Antwan ! A a ! pitit fi w la ap ban m pwoblèm, chak jou se yon lòt koulè maladi.

Antwan Bonjou kòmè, sa k pase Linda ? konsa ou te ale kay doktè ?

Man Pyè Antwan pitit ! denpi lotre jou, lespri m pa anpè ; tout doktè mwen wè ak Linda li pa bay jespwa ditou. Kounye a m tande pou l fè tès depistaj la, e m konnen se pou wè si moun fè SIDA yo fè l.

Antwan Makomè, pa trakase tèt ou konsa ! ou mèt poze. Lòt bò savann nan gen yon bòkò yo rele papa Samfèyo, l ap trete pitit la pou ou trap de.

Man Pyèsen Ou kwè monkonpè? mwen deja fè 3 wout, menm yon bal pa pati. Enben nou prale, zòrèy pa dwe twò lou pase tèt.

NARATE Konsa man Pyèsen ak Antwan mennen pitit la kay gangan Samfèyo.

Antwan Kote moun yo ? se mwen Antwan, mwen mennen yon kliyan pou ou.

Badjikan an Bòs se Antwan ki mennen yon moun kote w.

Sam fè yo Fè yo antre woy djab la! Mm….

Man Pyè Bonjou bòs!

Sam fè yo Kouman nou ye pitit mwen yo? Dlo pase farin? Dlo rantre nan joumou nou ?
Man Pyè Se ak yon maladi mwen vini, m vin wè sa l genyen ? nou konnen se sèl ou ki ka sove li pou nou.

Sam fè yo Oke ! fè l travèse nan badji ya non. N a pral gade. Isit la se antre malad, sòti gaya!

NARATE Nan pase limyè, papa Samfèyo fè man Pyè konnen, pitit la malad anpil. Se 7 nanm ki sou li. Man Pyè dwe peye 3500 dola pou nanm yo soti sou pitit la.

Sam fè yo Madanm fò w mete fanm sou ou, paske nanm yo gwo nèg. Travay la pa piti non, mete fanm sou ou, si ou vle pitit la geri vit, w ap banm 3500 dola ak yon kòk wouj sèlman. Tande ak wè se de.

Man Pyèsen Si se pou sa, nou pito vann tout sa nou genyen pou pitit la sove, mwen tande pale de wou.

NARATE Man Pyèsen degaje l, li peye kòb la, Samfèyo fè tout mannèv, li bay pitit la dòz, li mete remèd sou li, li fè seremoni nan 7 kalfou ak kòk la, li fè ranvwa. Samfèyo bay 7 jou pou pitit la geri, men paske genyen yon dènye nanm ki tounen yon pongongon, man Pyè dwe peye yon dènye kou pou 2500 dola pou pitit la geri nèt.

Samfèyo Ay pitit mwen ! nou goumen, nou retire 6 nan 7 nanm yo. Dènye ya se yon nanm san batize, m ap fè yon dènye kou, m ap voye achte yon pyès anba Latibonit pou m fè kou a. N ap pote 3000 dola, men kòm se nou, nou mèt bay 2500 dola.

Man Pyèsen Kou a boule bòs, men kòm mwen wè Linda ap gazouye, pa gen pwoblèm.

NARATE Samfèyo benyen pitit la, li voye l ale ak yon rad madyok sou li. Men aprè 3 mwa, Linda tombe malad pi rèd. Tout lajan man Pyè fin depanse lakay bòkò Samfèyo. Man pyè moute sou mòn, li fè jèn, anyen pa mache. Yon lè mis Silya ki rete nan katye a konseye man Pyè pou li voye Linda lopital poul fè yon tès depistaj pou wè sa pitit la genyen ekzateman.

Miss silya Man pyè ! apa m pa janm wè ou? Kote w ye konsa? Se lè m ap mande pou ou, yo di m ou gen maladi.

Man Pyè A a miss, Linda malad kon zaboka pouri.

Mis Silya Kisa l soufri menm?

Man Pyè M ale lopital, anyen pa mache, papa bòkò fin manje tout ti kòb mwen te genyen, bichi! Linda pa janm rèfè.

Mis Silya Sa doktè te di w ?

Man Pyè Doktè ya te mande pou m fè yon tès depistaj, sèlman sa.

Mis Silya M ap ba w menm konsèy la, eseye al fè yon tès depistaj, la va bon, se pou yo dekouvri ki maladi pitit la soufri.

Man Pyè Adye miss ! ekon m pa gen senk kòb ki rete nan menm ankò a. Mwen te kòmanse lopital aprè sa, papa ti chèz pran rès la.

Mis Silya Ou mèt vini lopital la, se gratis yo fè tès la, chèche wè m nan sèvis m ap travay la ; m a va ede w.

Man Pyè Kòm ou di m, m prale. M pa wè devan, m pa wè dèyè.

NARATE Man Pyè te aksepte pou pitit la fè tès la, yo bay rezilta. Se yon jèm maladi SIDA ki t ap trakase Linda nan san l. Se lè sa a man Pyè regrèt, li rele 2 fwa. Pitit li malad ak SIDA yon bagay li pat panse, enpi li fini vann tout bagay enpòtan li te posede, li depanse pifò lakay gangan. Li reflechi, si l te koute konsèy doktè a sa pa t ap rive la.
Li toujou bon lè yon moun malad pou l ale fè yon tès lopital, paske se pa sèlman pou yon sèl maladi ou kapab fè yon tès depistaj. Nou kwè se pa sèlman Man Pyèsen ki tonbe nan ka sa a ; ann pran konsyans.

Naratè 2 Jis jounen jodi a genyen anpil moun ki vle kache kò yo lè yo malad, akòz vye kwayans, epi pwoblèm diskriminasyon ak mepri yo fè kont moun ki malad ak SIDA. Listwa jodi a ak konsèy yo envite nou pran konsyans.

Naratè 1 Lumencie, emisyon jodi a te tèlman enpòtan, m santi m pat kapab ale.

Naratè 2 Ou konnen Kensly, santi bon koute chè, fò n ale. Sèlman n ap fè moun yo sonje, denpi w malad, ale lopital, pou nou wè doktè. Fè tès pou yo dekouvri maladi nou genyen. Kèlkeswa maladi ou genyen, sipòte l avèk kouraj, pran swen kò w.

Naratè 1 Nou ale, nou kase randevou pou yon lòt emisyon pawòl timoun.


LUMENCIE AK KENSLY ap di nou tout bonswa e orevwa.

 

Emission 3