Extrait d'émissions

Emission 4

TEM : DWA TIMOUN
SIJE : EDIKASYON

Kensly Mezanmi gade kijan kè m kontan jodi a ! Paske mwen wè lè emisyon pawòl timoun rive, men mwen rete kwè sa p ap nòmal ditou si nou pa salye popilasyon an ki t ap tann 6zyèm emisyon pawòl timoun nan moman sa a. Ak vwa mwen, nou di tout moun bonswa, se pa vre Lumencie?

Lumencie Wi Kensly ou konnen deja depi se emisyon pawòl timoun ki rive, kè m pa poze ditou tèlman m kontan. Se toujou mwen menm Lumencie ak Kensly ki pral prezante nou emisyon sa a.

Kensly Nan emisyon jodi a nou va gen pou n pale sou edikasyon sitou bò kote moun ki pa gen chans ale lekòl.

Naratè 1 Kantite timoun ki pare pou ale lekòl ap ogmante chak ane. Se yon reyalite ki mande pou gen plis lekòl ak yon kantite anseyan ki prepare pou resevwa timoun yo nan saldeklas la - sa ki ta dwe fèt ?

Naratè 2 Atik 32.3 konstitisyon an di : tout timoun dwe al lekòl. Lalwa va di ki pinisyon yo prevwa lè sa pa fèt. Leta dwe bay elèv lekòl yo tout liv ak tout sa ki nesesè pou yo aprann gratis ti cheri. Se nan lide pou bay garanti lekòl primè pou tout timoun kèlkeswa kote li ye.

Naratè 1 Nan lane 1994-1995, genyen yon milyon 156 mil 937 timoun ki te ale lekòl primè, sou chak san, 67 nan yo se te nan lekòl prive yo te ye. Sa vle di leta dwe fè anpil jefò pou amelyore ledikasyon ak fòmasyon popilasyon an.

Naratè 2 Sou chak 100 timoun ki nan laj pou ale lekòl, genyen 72 ki pa kapab jwenn chans pou yo frekante lekòl, nan milye andeyò sitou. Sa vle di kantite timoun ki rete andeyò san yo paka ale lekòl, yo anpil.

Naratè 1 Zanmi oditè nou pral tande ansanm yon ti istwa ki chita sou sitiyasyon edikasyon an Ayiti.

NARATE Se istwa Fifi ki gen 8 pitit pou 2 papa. Jan se 2e papa a ki okipe sèl pitit li ya. Tipyè menm nan laj pou ale lekòl. Malgre anpil jefò Fifi, li pa reyisi voye tout timoun yo lekòl. Yon lè diskisyon te pete ant Fifi ak mari li, Jan. Ann tande sa ki te genyen lakay Fifi jou sa a.

Fifi Mezanmi m gen yon pakèt timoun sou kont mwen ; m pa p travay, mwen pral pale ak direktè lekòl nasyonal la pou l pran yo pou mwen, kisa w wè Jan?

Jan Mwen li, m pa vini pou m okipe tout bann timoun sa yo. Kisa pou m di ou, si ou deside voye yo lekòl se kouraj ou genyen?

Fifi Ou konnen sa fè m mal lè ou di m ; sa paske m te pran w pou w edem ak timoun yo, men kounye ya se sèl pitit ou, ou okipe, nan ki woulo m pran la a?

Jan Ou mèt tou retire sa nan lide w, ou pa menm jwenn ankadreman leta nan yon peyi epi ou chita ap fè pitit tribò babò epi pou te vin jwen mwen fè tout ale lekòl, si se te pitit mwen, wi, m t ap dakò, se sèl pa m nan mwen konnen, degaje w ak lòt yo.

NARATE Lè Jan fin di Fifi tout koze sa yo, Fifi wont, li santi li imilye, li pa jwenn mo pou l di Jan. Ak dlo nan je l li rele Mak pi gran gason l lan ; li di l :

Fifi Mak pitit mwen ou tande sa bòpè w di : pa gen mwayen pou m voye w lekòl ane sa a, pitit ou pral oblije al travay latè. Gen yon kò veye k ap vann jounen an, pouki ou pa ale ladann ? ou ta manyè distrè w.

Mak Manman ou konnen timoun gen dwa ale lekòl, nan peyi òganize leta asire edikasyon tout timoun jous rive nan sètifika, men nou, nan peyi nou an pa menm genyen ase pwofesè ak lekòl leta pou ede malèrèz. Men se pa ofanse m ofanse ou non ki fè mwen di tout bagay sa yo.

Naratè Pandan Mak ap di manman l tout dwa yon timoun kapab jwi nan zafè edikasyon an, Moyiz ti frè Mak la vin antre ak yon briz rèl li di :

Moyiz Manman se paske chak jou mwen leve m pa ale lekòl epi mwen kanpe sou kafou wa kifè tout timoun bò lakay la ap rele m kokorat, yo menm konn voye m al fè domestik lakay moun.

Mak Ti frè ou pa bezwen kriye paske se pa ni nou ni manman nou ki pa vle voye nou lekòl, men se sitiyasyon ekonomik ak pwoblèm ankadreman peyi ya ki lakòz sa rive.

Moyiz Se kisa nou ta fè pou nou distrè nou pandan tout lòt yo ale lekòl ?

Mak Monchè ti fizik ou piti toujou, ou wè gwoup nèg yo ki konn ap pase bò wout la ak wou oubyen manchèt nan men yo a, se ak yo m pral travay, men pou ou m pa konnen ki kote m ta di manman m voye w.

ANIMATE Zanmi oditè k ap koute emisyon pawòl timoun, si w fenk branche, w ap koute yon ti listwa sou yon manman ki te vle voye pitit li lekòl men ki pat kapab.

Moyiz A ou mèt kite m ale ansanm ak nou nan veye ya, menm se boukannen m a boukannen pou nou lè n ap travay.

NARATE Aprè, depi gran gason yo te oblije al travay latè, manman an ak anpil tristès t ap priye Bondye li di :

Fifi O Bondye ! O papa ! di yon mo pou pitit ou yo! Ou wè mizè mwen ak 8 pitit, mari a mouri, tout lòt timoun aprale lekòl, yo menm yo pa ka ale. Leta nan peyi nou an pa asire edikasyon primè timoun yo. Nan moman sa a pale nan kè yo pou yo louvri kèk lekòl nasyonal nan zòn nan, konsa pitit ou yo va espere yon demen miyò.

NARATE Se konsa depi lekòl pral louvri, manman ak papa pitit nan lapenn. Sa ki gen chans voye pitit yo se ak anpil kalamite, nan pase jounen grangou. Sa ki pa kapab voye pitit yo menm, se toujou ak anpil lapenn yo blije kite timoun yo chita lakay.

Dezyèm pati

Kensly Zanmi oditè, mwen kwè nou te byen apresye ti istwa sa a ki te moutre nou nan ki sitiyasyon yon fanmi trouve l, paske li pa gen posiblite voye timoun yo lekòl, lè sa a yo pran tout kalite desepsyon nan lavi.
Nan lane 1994-1995 leta ta dwe dispoze 59 mil pwofesè lekòl primè pou asire edikasyon tout timoun ki nan laj pou antre lekòl. Men se 38 mil sèlman ki te disponib, sa vle di gen yon defisi 21 mil pwofesè lekòl peyi a ta va bezwen pou garanti edikasyon timoun primè.

Lumencie Kounya nou nan lane 2004, bezwen an vin pi pi plis toujou.

Lumencie Daprè tout sa nou sot pote nan emisyon an pou oditè yo, mwen reyalize kè yo ap kontan anpil pou emisyon jodi a.

Kensly Kantite timoun ki pare pou ale lekòl ap ogmante chak ane. Se yon reyalite ki mande pou gen plis lekòl epi yon kantite anseyan ki prepare pou resevwa timoun yo nan saldeklas, sa ki ta dwe fèt ?

Lumencie Atik 32.3 konstitisyon an di tout timoun dwe ale lekòl. Lalwa va di ki pinisyon yo prevwa lè sa pa fèt. Leta dwe bay elèv lekòl yo tout liv ak tout sa ki nesesè pou yo aprann gratis ti cheri. Se nan lide pou bay garanti lekòl primè pou tout timoun kèlkeswa nan rankwen li ye nan peyi a.

Lumencie Sou chak 100 timoun ki nan laj pou ale lekòl, genyen 72 ki pa kabab jwenn chans pou yo frekante lekòl nan milye andeyò sitou. Sa vle di kantite timoun ki rete nan savann nan san yo paka ale lekòl, se yon gwo mòso.

Nou rete la pou jodi a, na va wè nan yon lòt okazyon pou nou koute emisyon Pawòl Timoun. Se sou enpòtans edikasyon epi kantite timoun ki pa ale lekòl nou tap pale jodi a.

Zanmi nou yo Lumencie ak Kensly ap di nou orevwa !

 

Emission 4