|
Extrait
d'émissions
Emission
5
SIJE
DWA LAPAWOL
Premye
pati
Naratè 1 Bonswa Lumencie
Naratè
2
Bonswa Kensly ! Nou kontan rankontre ankò jounen jodi a.
Naratè1
w ap di mwen tèlman kontan, se tankou m te nan syèl.
Sa nou pote jodi a pou oditè nou yo ?
Naratè
2
Nan dènye emisyon an, nou te pale sou enpòtans ledikasyon
genyen nan yon sosyete. Nou te pale sou pwoblèm timoun ki
pa kapab ale lekòl ; sou chak 100 timoun ki gen laj pou antre
lekòl, genyen apeprè 72 ki rete lage nan savann nan.
Jounen jodi a n ap pale sou yon sijè ki pi enpòtan
toujou : se respè opinyon ak dwa lapawòl timoun genyen.
Naratè
1
Aa ! Lumencie, se yon sijè ki konn bay anpil tèt chaje
wi, men vle pa vle timoun se moun, yo gen dwa pale menm jan ak tout
moun.
Nan emisyon Pawòl Tmoun jodi a, nou pral gade yon ti listwa
sou yon fanmi kote dwa lapawòl timoun pa respekte.
Naratè
2 Ann li ak anpil atansyon. Listwa sa a gen anpil leson ladan
n .
Dezyèm
pati
NARATE
Se istwa yon paran ki anpeche pitit li pataje lapawòl, menm
ak kanmarad ki nan lekòl li. Daprè manman sila a timoun
pa gen dwa pale konsa, se sou siveyans paran l sèlman pou
l fè sa a. Se konsa bagay yo te ye lontan, pou n repete pwòp
pawòl madan Jak, manman Edlin. Lakay man Jak, tout timoun
se dwèt sou bouch, se yon lè konsa yon timoun pale
; se sèlman lè li gen yon bezwen.
Madan Jak Ou konnen Jak, timoun pa gen dwa ap pale konsa,
gen yon lè k ap rive nou p ap kapab frennen yo non, mwen
gen Edlin, sa kòmanse pale tankou jijirit k ap pete nan chodyè
cho, m ap frennen l tou ! Mwen tande l nan lekòl fondamantal,
se pou l pale, m ap chanje l lekòl tou.
Jak
Pou kisa man Jak ? Okontrè, nou gen chans pitit nou ap konn
pale byen, l ap kapab fè opinyon l pase byen ! Sa w di ?
Man
Jak
Ou tande papa sitirè a. Edlin genyen yon pakèt zanmi
lekòl li. Mwen mete swiv li, li pale ak nenpòt timoun
; ou pa wè menm ak nou Edlin kòmanse diskite, se kòm
si pa gen diferans ni ant granmoun, ni ant timoun, sa l ye la menm
? Mwen pa ladann mwen menm, se timoun mwen genyen m ap fè
edikasyon l byen, twòp kontak papa !
Jak
Adje man Jak, koze sa a pa egziste ankò, Edlin gen dwa pale
ak moun, ni ak elèv parèy li. Yo pa ka retire dwa
lapawòl nan bouch yon timoun ni nan bouch yon lòt
moun, jan ou menm ou panse a. Se kòm si ou ta va di moun
nan pa egziste ankò.
Man
Jak
Mwen wè ou vle bay Edlin pye sou mwen. Atansyon! Fè
respè w Jak?
NARATE
Diskisyon pete nan mitan man Jak ak mari l; se atò, yon matant
Edlin vini parèt ansanm ak yon tonton li.
Tonton
Ki diskisyon n ap fè konsa? Pou ki tout bri sa yo ? Sa nou
genyen menm ?
Man
Jak
Mwen pa vle pitit mwen pale san rete. Sa ap fè l tounen tripòt,
enpi tou, denpi kilè timoun konn ap pale konsa ? se granmoun
ki gen dwa lapawòl. Si mwen pa rete l nan wout, sa k ap sipòte
l ?
Tonton
Mwen dakò avèk ou, ou bay pitit la bon labitid, si
tout manman te tankou w bagay yo ta va ranje.
Matant
Mwen tande jan nou reflechi, men mwen pa fin dakò ak nou
non !Se pi gwo malè ki ka rive, lè yon paran, osinon
nenpòt reskonsab ta va retire dwa lapawòl nan bouch
yon timoun. Lè sa a, ou bloke l pou lavi. Mwen se ak Jak
m ap mache. Timoun gen dwa lapawòl.
Man
Jak
Kisa w ap vin di la a Ana ? Se ou k ap bay Jak jarèt, pou
fè Edlin vin pi malèdve. Mwen m tande yon seri de
timoun deyò a, piga pitit pa m nan tankou yo non ? Fè
respè w ! kote timoun gen dwa lapawòl? sa w ap vin
pale la? Timoun se bay manje, abiye l, voye l lekòl, kale
l, enpi sa fini la.
NARATE
Edlin te nan wout, li vini. Li tande koze yo ap pale li di :
Edlin
Manman, timoun se moun tankou tout moun, se sa yo kòmanse
aprann mwen lekòl la, ni nan reyinyon dwa timoun. Mwen gen
dwa lapawòl, se sèl mwayen pou m fè lopinyon
m pase nan gwoup moun m ap rankontre chak jou wi ! Ni timoun, ni
granmoun gen dwa pale pou di bezwen yo genyen.
Man
Jak
Enben nan kondisyon sa a, si se ou menm ki granmoun mwen ou mèt
fè sa ou vle ? Ala koze !
Jak
Si timoun nan la, epi li pa ka pale ni ak timoun parèy li,
ni ak granmoun, ni moun k ap travay ak li, li pat menm bezwen egziste
tankou moun, li pat bezwen la. Epi tou ki sosyete n ap prepare demen
?
Man
Jak Edlin, pwoche ! vini m pale w ?
Edlin
Men mwen manman.
Man
Jak
Vle pa vle, m ap chanje w lekòl ane sa a, ou twò konnen
pou mwen.
Edlin
Men, depi mwen tou piti se la m ye, enpi manman se toupatou, lekòl
yo, fanmi yo ap fè jefò pou dwa lapawòl timoun
respekte.
Man
Jak
M te kwè m te di w pou ou pa pale ak timoun, ni replike ak
granmoun ?
Edlin
Timoun yo se moun kon mwen, yo gen dwa pale avè m. Se yonn
nan dwa ak yonn nan valè yon moun fèt ak li manman.
Si m te bèbè, ou pa t ap kontan. Se andikape yo t
ap rele m, se pa vre manman ?
Naratè
2
Aprè, manman-an chita men l nan figi l, li t ap reflechi
ak tout sa yo so t ap pale, li vin wè si yon timoun ap viv
li gen dwa pale. Li vin wè sa yo t ap di l la se vre. Aprè
manman-an di :
Man
Jak
Edlin ou wè tout sa ou menm, papa w, toton w ak matant ou
t ap di ya, se vre wi, paske depi yon timoun la li dwe pale, kounya
ou lib pou pale ak moun ou vle, men kontwole lang ou tande, evite
tripotaj.
Edlin
Ebyen, mwen mèt al jwenn zanmi m yo ?
Man
Jak
Wi pale ak yo, di yo, yo gen dwa lapawòl. Se sa yo rele respè
opinyon tout moun, ni timoun, ni granmoun, nou pa vle yon sosyete
zonbi ankò. Timoun jodi granmoun demen. Timoun gen dwa panse,
timoun gen libète konsyans, libète pawòl, libète
reyinyon, libète patisipasyon. Tout peyi ki siyen konvansyon
dwa timoun, dwe rekonèt sa enpi fè aplike l.
NARATE
Petèt genyen lòt moun tankou man Jak, ki deside bloke
dwa lapawòl timoun yo. Fè atansyon, reflechi sou fason
n ap ede timoun yo pale ak nou. N ap fè plis byen pase mal,
lè nou pèmèt yo egzèse dwa sa a depi
tou piti. Peyi nou ap bezwen bon sitwayen ki konn pale, ki konn
òganize, ki konn fè bon revandikasyon, ki dakò
ak sa lalwa mande.
Narate
1
Listwa man Jak nou sot koute a dwe pèmèt nou pran
konsyans pou n koute timoun yo lè y ap pale. Si gen kèk
koreksyon, fè l. Men pa bloke lapawòl yo. Se yon dwa
natirèl anyen paka chanje l.
Narate
2
Denpi nan lane 1989, asanble jeneral Nasyon Zini adopte akò
ki pale sou dwa timoun yo genyen. Denpi 1990, konvansyon sa a antre
an vigè. Nan dat 2 novanm 2003 divès kalite peyi manm
Nasyon Zini te ratifye l. Peyi Dayiti vote l tou. Respè opinyon
timoun se yon prensip fondalnatal. Nan ki nivo nou ye ak prensip
sa a ?
Naratè
1
Enterè timoun yo dwe pase an premye ni bò kote paran
yo, ni bò kote reskonsab nan edikasyon yo, ni bò kote
leta, paske timoun se lavni peyi a. Timoun genyen valè menm
jan ak tout moun. Lalwa pa dakò, lè dwa lapawòl
timoun ap pase anba pye, se pa vre Lumencie ?
Naratè
2
konvansyon entènasyonal pou dwa timoun kreye yon komite dwa
timoun. Wòl li se siveye kòman tout peyi ki mete yo
dakò ak konvansyon an ap fè jefò pou respekte
dwa timoun yo. Chak 2 zan, yo gen pou rann kont bay reskonsab yo,
pou moutre nan ki fason yo respekte obligasyon yo nan respè
dwa timoun yo.
Naratè
1 Genyen anpil koze toujou, men nanpren tan. Se moman pou emisyon
jodi a rive nan bout li, anvan n'ale n ap fè nou sonje sa
ki te domine refleksyon an:
Naratè
2
Pa bliye jodi a nou t ap reflechi sou dwa pawòl timoun yo
genyen, nan sosyete y ap viv ; pèsonn pa gen dwa retire dwa
pou timoun yo pale lib nan respè yonn pou lòt.
Naratè
1
Paragraf 3 konstitisyon peyi a rekonèt dwa pou moun ekri
enpi pale lib. Soti atik 28 rive atik 29.1, enpi tou se yon dwa
natirèl ki enpòtan nan lavi moun.
Naratè
2
Enpi, ou konnen Lumencie, tankou anpil lòt peyi sou latè,
leta peyi a dwe dakò ak dwa sa a, fòk tout moun fè
jefò pou respekte l. Timoun se moun tankou tout moun, yo
gen dwa.
Lumencie ak Kensly ap di nou orevwa.
|