Extrait d'émissions

Emission 6

SIJE PWOBLEM SIDA NAN SOSYETE A

Naratè 1 Bonjou Lumencie!

Naratè 2 Bonjou Kensly, vakans lan fini wi! Nou oblije retounen lekòl.

Naratè 1 Se sa, Lumencie, menmsi lekòl louvri ou konnen nou pa ka bliye randevou ak zanmi nou yo, nou deja gate yo ak emisyon Pawòl Timoun.

Naratè 2 Se vre wi, se yon randevou tout fanatik yo pa janmen rate. Yo deja branche.

Naratè 1 Nan emisyon jodi a n a pral pale sou diferan pwoblèm maladi Sida kapab bay nan yon sosyete, sitou nou menm ayisyen ki deja chaje ak anpil lòt pwoblèm.

Naratè 2 Jis kounyea gen moun ki ponkò vle konprann, sa maladi Sida a ye? Ki dega li kapab pote nan yon fanmi, ak nan yon sosyete.

Naratè2 N ap gen pou nou reflechi ansanm sou yon ti istwa sou maladi Sida a, jounen jodi a.

Naratè 1 Nou envite n koute istwa Magdala k ap pale mal sou maladi Sida etan l ap koute pawòl timoun. Nan trap de, li rankontre Pouchon ak Anriette ki te mete l chita pou koze ansanm.

Magdala Mesye ! ala de koze papa kon wè aryennafè, yo jwenn radyo pou yo chita ap pale. Atò Sida sa a, se yon bagay ki egziste vre ! Tan nou jwenn pou n rablabla, vant nou ki plen, n ap pale anpil.

Pouchon O !Magdala sa k pase la a menm ?

Magdala Pouchon, mwen wè w ap mache ake mennaj ou Anriette. Pouchon !

Anriette A ! ou pap pa wè mwen, se sa l ye menm wi !

Pouchon Magdala, epa w ap mache, w ap pale pou kont ou ?

Magdala Non monchè, depi lòtjou m wè y ap pale de yon koze SIDA. Kounyea menm emisyon yo fè sou li nan radyo. Yo panse yo ka pran tèt tout moun. Sa ki rele SIDA a ?

Pouchon Magdala, koze SIDA, sa pa yon jwèt non ! Sa ap pale nan tout reyinyon, nan jounal, ni nan radyo. M sezi ou pa okouran.

Anriette Ou wè Magdala, kounyea mwen menm ak mennaj mwen n ap pran tout prekosyon pou n pa trape maladi SIDA. Nou pat vle tande sa, men nou kwè kounyea. Maladi a egziste.

Magdala O, O ! Anriette epa ni ou ni Pouchon pran nan blòf sa yo ?

Pouchon Non Magdala, SIDA a pa blòf non ! yo wè maladi ya nan rechèch nan laboratwa. Genyen anpil moun ki kòmanse mouri ak SIDA.

Anriette Mwen lontan m pat kwè nan SIDA non ! men kounyea m wè se vre paske SIDA kòmanse fè anpil dega nan peyi nou.

Magdala Ki dega konsa SIDA ka fè menm ?

Anriette L ap fè anpil dega paske gen anpil moun ki trape Viris SIDA. Maladi SIDA sa a gentan touye anpil kretyen vivan.

Pouchon Bon… W ap pale ! Si se sèl moun yo ki enfekte yo ak fanmi yo ki t ap peye konsekans la, sa pa t ap anyen… men sa aji sou tout moun.

Magdala Aji sou tout moun…

Pouchon Wi sa aji sou tout moun. Ann pran yon egzanp : lontan lè machin nan te konn an pàn, m pat konn gen pwoblèm paske bòs Dò te gwo mekanisyen, men depi maladi SIDA fin touye l la, m oblije deplase mekanisyen jis Okap, tout lajan deplasman se sou kont mwen, plis pou m bay manje. Lè bòs Dò te la, chak mwa m te depanse kat a senk mil goud nan machin nan, men kounya m ap depanse 14 a 15 mil goud pafwa.

Anriette Mwen tou nan katye ya, gen yon doktè yo te rele Georges, lè l te la, moun lakay pat bezwen al lopital Lenbe. Kounya li mouri paske l te soufri maladi SIDA. Kounyea lè yon moun malad bò lakay, se pi gwo tèt chaje ki ka gen.

Pouchon Magda, ou wè emisyon sa a timoun yo ap fè a, li gen anpil enpòtans, se li menm ki pou fè tout moun pran konsyans pou nou tout leve kanpe pou n di aba SIDA.

Magdala An…, si se konsa, nou pa dwe jwe ak SIDA, n ap kore emisyon timoun yo pou n fòme yon chenn solidarite, pou n leve kont SIDA paske SIDA rale yon pakèt maladi lakay yon moun.

NARATE Nou sot tande refleksyon moun yo sou maladi SIDA. Nou sot tande yon istwa ki montre n menm yon doktè nan kanton an pat epanye nan kous SIDA, paske yon jou li te fè yon enpridans. Se pou nou fè jefò chak jou pou maladi SIDA sispann simen dèy ak dezespwa nan fanmi nou ak nan sosyete nou. SIDA pa epanye pyès moun !

Naratè 1 Ti istwa nou sot tande la a fè nou reflechi anpil sou pwoblèm SIDA ap bay sosyete a. Si tout moun pa pran konsyans, pita ap pi tris.

Naratè 2 Moun ki entèrese nan zafè gwo etid sou maladi SIDA, yo wè nan 6 lane ankò swa nan lane 2010, ap genyen 350 a 500 mil moun k ap malad ak jèm SIDA nan san yo.

Naratè 1 Menm moun save sa yo wè : chak ane gen 28 a 40 mil moun, nouvo moun ki malad ak SIDA.

Naratè 2 Piske nou, se timoun nou ye, nou dwe enterese ak lavi timoun yo. Ou konnen nan lane 2010 yo deja wè, ap genyen ant 263 a 375 mil timoun ki p ap genyen manman ak papa, se òfelen yo pral ye.

Naratè 1 Nan menm lane 2010 la, sou chak 100 kòz ki bay moun maladi pou moun mouri, 40 kòz pami yo ap mennen moun nan lanmò kòz SIDA. Nan 6 lane ankò ap genyen 150 moun k ap mouri chak jou ak maladi SIDA.

Naratè 2 MALADI sida bay plizyè lòt enfeksyon, genyen nan yo ki frajil anpil pou sante moun.

Naratè 1 Nou tande jodi a SIDA pa yon jwèt nan yon sosyete. Kisa n ap fè ak bèl lavi Bondye ban nou pou n fè tè a grandi nan pwogrè ?

Naratè 2 Nou rive moman pou nou fini ak emisyon an jodi a. Pa bliye nou sot pale sou diferan pwoblèm maladi SIDA bay nan yon sosyete. Piga nou jwe ak lavi nou ni ak lavi lòt moun tou, pou n sispann simen lanmò nan kominote nou ak peyi nou.

Naratè 1 Maladi SIDA ansanm ak pakèt lòt enfeksyon li rale sou moun, se yon gwo pwa lou pou ekonomi ak sosyete peyi nou.

Naratè 2 Se moman pou nou di tout moun mèsi paske nou t ap siv ansanm ak nou.

Naratè 1 N ap mande si genyen yon timoun k ap siv emisyon sa a, ki ta renmen voye di mo pa yo, si nou Pilat, voye l nan radio Eko, si nou nan Plezans, voye l nan radyo Vwa Pèp La.

Kensly ak Lumencie ap di nou orevwa, na wè nan yon lòt emisyon.

 

Emission 6