|
Extrait
d'émissions
Emission
8
TEM
SIDA
SIJE
ABA SIDA
Premye
pati
Animatè
1 Bonjou Lumencie ! n ap kenbe !
Animatè
2
Bonjou Kensly ! nou toujou anfòm, sitou se moman pou nou
prezante emisyon nou renmen anpil la : Pawòl Timoun.
Animatè
1
Jodi a n ap prezante 6e emisyon nou sou maladi SIDA. Nou kòmanse
vanse nan pwogram nou. Mwen kwè ni granmoun, ni timoun kòmanse
pran konsyans.
Animatè
2
Se sa n ap chèche Kensly, maladi sa a tèlman ap fè
ravaj, fòk nou goumen jis mayi mi pou nou menm ansanm ak
lòt yo pa viktim.
Animatè
1
Nan dènye emisyon an nou te pale sou kalite pwoblèm
SIDA kapab bay nan yon kominote. Pwoblèm yo anpil : lapèrèz,
dezespwa, pwoblèm moral, pwoblèm ekonomik, moun k
ap mouri, anpil moun k ap itil kominote a k ap disparèt anba
maladi sila a, pwoblèm imilyasyon ( sa yo rele stigmatizasyon
an ), elatriye.
Animatè
2
Jodi a n ap mande moun yo di ABA SIDA ! SIDA ou fè twòp
ravaj nan mond lan.
Animatè
1
Nan emisyon an, n ap pale sou divès kalite enfeksyon yon
jèm SIDA kapab pote nan kò nou, pou fè nou
malad. N ap pale sou divès etap yo osinon kòman yo
devlope lakay moun.
Animatè
2
Jodi a nou pral pale sou mobilizasyon kont maladi SIDA ; n ap prezante
l sou fòm dyalòg nan mitan yon rankont ak peyizan
anba savann. Moun yo ap chita pale ak doktè Jules, Miss Fara
ak lòt moun ankò.
Dezyèm
pati
Jan
Mak
Mezanmi lè a rive pou n al fè yon ti chita pale sou
mobilizasyon kont SIDA paske maladi sa a bay anpil pwoblèm
nan peyi Dayiti.
Anita
Mezanmi Jan Mak, lè a rive pou n al kòmanse ti chita
pale a.
Doktè
Jules
Envite yo bonjou, nou kontan anpil pou nou reyini la a pou nou kapab
fè ti chita pale sa a. Nan jounen jodi a n ap gen mwen menm
ak Mis Fara ak lòt fòmatè ankò pou nou
bay plis enfòmasyon sou maladi sa yo rele SIDA.
Mis
Fara
Nan jounen jodi a, n a va enfòme plis de maladi sa a.
Mis
Klodyan
Nou trè kontan jodi a pou nou fè ti chita pale sa
a sou SIDA : kisa SIDA ye ? SIDA se yon Viris yo rele VIH ki rantre
nan san yon moun.
Anita
Mis, eske bèt pa konn gen SIDA?
Miss
Daprè fòmasyon ke m pran, yo di m ke bèt pa
pran maladi sa a. Ban m pase mikwo a bay doktè Jules.
Doktè
Jules
Jodi a se avèk kè kontan m ap di tout moun anba Savann
bonjou. Kòm mis Claudianne deja defini kèk pwen avèk
nou, pa egzanp kisa SIDA ye? E ke se sèl moun ki kapab pran
n.
Kijan yon moun kab pran SIDA? \ SIDA se lè yon moun ale nan
kontak seksyèl \ lè yon moun ki gen SIDA blese epi
ou blese tou, ou ka pran l. Anpil lòt egzanp ankò
nan kontak san moun ki gen maladi a.
Mis
Fara
Mwen menm Mis Fara, jodi a mwen vin isit la pou m bay anpil konsèy
sou maladi sa a paske nan peyi nou an, yo jete epi meprize moun
ki enfekte ak maladi sa a. Kòm doktè Jules, mis Fara
ak mis Claudiane te pote anpil enfòmasyon pou nou, n ap di
senpleman : yon moun ki enfekte ak maladi SIDA se pa yon moun pou
yo jete, se yon moun tankou tout moun, se yon moun ki ka jwenn djòb
tankou moun e se pa yon moun yo ka mete apa.
André
Yon moun ki enfekte ak maladi sa a, ou ka bwè dlo nan men
l tankou tout moun, sa pa vle di si ou bwè dlo nan men l
w ap gen SIDA, si ou chita sou menm chèz avèk li ou
kab pran SIDA non ! se pou sa nou sot pote anpil enfòmasyon
sou maladi sa a e nou rete kwè nou p ap di sa pou nou pa
di ankò.
Anita
Nan refleksyon jodi a nou sot tande anpil enfòmatè
ki sot pote pou moun yo anpil enfòmasyon sou mobilizasyon
de maladi SIDA kap fè ravaj nan peyi nou an. Nou rete kwè
nan leson ki sot bay yo, sa ki ponkò enfekte yo va pridan.
Animatè
1
Nou sot viv yon ti chita tande kote moun yo santi se yon nesesite
pou yo òganize yo, pou yo mobilize kont SIDA. E pa vre Lumencie?
Animatè
2
Se yon aksyon ki pozitif moun yo ap fè. Lòt moun ak
lòt òganizasyon yo ta va dwe swiv egzanp sa-a.
KONKLIZYON
Animatè
1
Emisyon nou an rive nan bout li jounen jodi a, nou pa ka rete fòk
nou ale.
Animatè
2
Jodi a nou t ap montre enpòtans pou tout moun mobilize kont
maladi SIDA.
Animatè
1
Se sèl mwayen pou nou di ABA SIDA. Tout moun ka pran l, tout
moun ka viktim.
Animatè
2
Emisyon jodi a te fè nou aprann anpil bagay sou pwoblèm
enfeksyon maladi SIDA ka rale sou nou.
Animatè
1
n ale, n a wè yon lòt jou.
Animatè 2 Se te Lumencie ak Kensly ki
t ap pale ak nou. Orevwa.
|