|
Extrait
d'émissions
Emission
9
TEM
DWA MOUN
SIJE
EKSPLWATASYON FIZIK AK MORAL
Premye
pati
Animatè 1 Bonswa Lumencie ! sa k ap fèt ? n
ap kenbe !
Animatè
2
A.a a a, Kensly, nou toujou ap kenbe. Aktivite lekòl la reprann.
Men sa pa anpeche nou toujou kenbe ak emisyon nou an : Pawòl
timoun !
Animatè
1
Jodi a n ap prezante 11e emisyon Pawòl timoun, nou konnen
tout oditè nou yo deja ap tann nou.
Animatè
2
Nan emisyon nou jodi a n ap pale sou pwoblèm esplwatasyon
fizik ak moral moun ap sibi nan peyi nou sitou lè se timoun
ki se lespwa peyi a demen, ki ap viktim nan sitiyasyon sa yo : eksplwatasyon
nan kò yo ak moral yo.
Animatè
1
Asanble jeneral Nasyon Zini adopte yon konvansyon sou yon pakèt
dwa timoun genyen. Konvansyon sa a te tabli denpi 20 novanm 1989.
Peyi Ayiti se yonn pami 193 peyi ki dakò pou mete an pratik
tout sa ki nan konvansyon sa a.
Animatè
2
Timoun jodi a, granmoun demen, ou konnen Kensly, si timoun yo ap
sibi tout kalite eksplwatasyon nan kò yo ak moral yo, kouman
sosyete a ap ye demen ?
Animatè
1
Konvansyon mwa novanm 1989 la, sou dwa fondalnatal timoun ap raple
tout paran ak tout moun an jeneral, tout peyi manm Nasyon Zini yo
pou yo tout fè jefò pou pwoteje timoun yo kont tout
zak britalite fizik ak mantal y ap fè sou timoun. Penga neglije
yo, ni abandone yo, ni pinga fè vyolans sou timoun, ni fòse
yo fè sèks nan move kondisyon k ap fè yo soufri
tout fason.
Animatè
2
Nan emisyon jodi a n ap tande yon jèn fi ki t ap viv nan
Sendomeng k ap di nou mizè li te pase laba a.
Animatè
1 Se moman pou nou rakonte n yon istwa.
Animatè
2
Jodi a n a pral tande kouman kèk nan jenn moun nan kominote
a ap fè konnen mezi pwoblèm yo konn rankontre nan
lavi yo. Jèn sa yo k ap pale pwoblèm esplwatasyon
yo sibi ni nan kò yo, ni nan moral yo, gen pami yo se nan
peyi vwazen an, Sendomeng, yo fè yo moute lesyèl pa
do, genyen lòt se pa bò isit lakay : Astrude (Patricia)
ansanm ak Lucson se de jèn k ap rakonte n istwa sa a.
Patricia
Sonita t ap viv pandan 2 lane nan Sendomeng, se matant li ki te
mennen l nan panyòl. Lè l rive lòt bò
a, bagay yo chanje an mal pou li ki te genyen 14 lane sèlman.
Travay yo te difisil pou li. Menm lè li te fatige, fòk
li te travay. Sa k te pi mal pou li : yon jou etan matant lan te
ale nan travay mari a ki te rete lakay la twouve mande l pou l kouche
l pou fanm.
Dezyèm
pati
NARATE
Kounye a Sonita tounen lakay l ap reflechi sa l ta va fè
pou l reprann fòs nan lavi li : konsa li te vini jwenn ak
madan Gérard Valcin, yon reskonsab sant kouti nan Pilat,
CRS, ki ankadre l. Man Gérard te envite Sonita vini nan sant
lan gratis, etan jounalis yo t ap pase, yo rankontre ak Sonita ki
pat kache pale sou lavi li.
Kounya Sonita kòmanse santi lavi a pa pi mal pou li nan sant
lan, men li toujou bezwen ti èd pou li achte papye pou l
kontinye metye l pou l pa retounen sibi eksplwatasyon ankò
nan kò l ak moral li.
Lucson
Se pa sèlman Sonita ki te tonbe nan ka nan peyi vwazen an
; Sylvanie, yon jèn 16 lane, gen tan vini soti laba a ak
yon pitit nan move kondisyon. Pwoblèm li a te pi rèd
toujou pase Sonita. Annou tande kouman lavi a te tris pou li. Kounye
a l ap degaje l isit l ap aprann yon metye grasa CRS.
PATRICIA Novaline Décias li menm gen 15 lane. Li te
kite andeyò pou l ale chache lavi li nan kapital la. Lè
li fenk rive lavi a pat pi mal pou Novaline. Li te kòmanse
ale lekòl, men koze a pat pran tan pou li te kòmanse
chanje an mal pou li.
NARATE
A
Genyen anpil lòt ka ankò, pafwa yo konn pi grav toujou
pase sa yo. Tankou anpil lòt moun kapab remake l, pwoblèm
move trètman y ap fè moun sibi grav nan peyi a.
Man
Jonas
Mwen li, sa fè 8 lane m ap ede fanm anba boule louvri je
yo anba tout kalite maltrètman, mo sal enpi vyòl.
Men sa poko ka sispann toujou. Nan reyinyon an vandredi se ak anpil
lapenn Marina ap fè nou konnen ki kalite kalvè mari
l ap fè li pase.
Marina
Mwen li medam kanmarad mwen yo, m santi m bouke, mwen paka sipòte
ankò, fòk nou mete tèt nou ansanm pou nou ede
m nan sitiyasyon malouk sa a m ap viv lakay la ak Maryo.
Man
Jonas
Ou pa bezwen fin pale. Genyen plizyè lòt fanm vanyan
ki genyen menm pwoblèm nan, n ap etidye dosye a nan reyinyon
dwa moun yo fè chak mwa a.
Twazyèm
pati
Kendy
Kè nou kontan jodi a. Nou prale nan lekòl nou. Mwen
li mwen pa kontan menm, paske yo te bat mwen twòp ayè
nan lekòl mwen.
Lòt
yo Adje ! Sa ou ap di konsa ? Zafè bat moun nan lekòl
pa alamòd ankò.
Patricia
Yon sèl bagay timoun ! fò nou fè devwa nou,
etidye leson nou, aprann byen enpi respekte tout prensip yo lekòl
la mande.
NARATE
ISTWA A
Patricia
Se tout moun ki pou pran konsyans ke pwoblèm move trètman
fizik ak moral ap vale tèren toupatou. Genyen kote li pi
mal pase lòt. Se pou chak ayisyen fè jefò pou
respekte kò moun, lavi moun ak diyite chak moun.
1e)
Premye kote sa dwe kòmanse se nan chak fanmi nan fason y
ap leve timoun yo. Pa bat yo tankou bèt ni fè yo bagay
pou yo wont. Leve yo ak bon jan prensip.
2e)
Dezyèm kote se lekòl yo ki pou fè anpil jefò
tou. Evite bay pinisyon k ap deranje fizik ak moral elèv
yo, ou konnen yo. Pa aprann yo gwo mo di pou yo pa rayi enpi ababdone
ansèyman yo nan laj bonè.
3e)
Tout otorite tankou lapolis, oubyen tit li ta va pote a, se pou
nou chanje sistèm pinisyon nou yo paske lalwa defini ki fason
yo kapab pini, enpi trete yon moun ki antò ou ta renmen korije.
Lucson
Se pou moun ki reskonsab pou fè lalwa aplike, mete plis serye
nan travay yo. Li pa nesesè nan moman n ap viv jodi a, pou
y ap bat moun nan move kondisyon, pou y ap tire sou moun, rache
moun ak kout manchèt, fè moun soufri ak imilyasyon,
ni vyole moun. Li pi grav ankò lè se timoun k ap sibi
kalite move trètman sa yo. Ki kote avni peyi a ye? Ki sa
n ap fè pou n tabli bon jan demokrasi nan respè tout
moun.
Se la nou rete ak ti listwa jodi a.
Animatè
2
Tout abitid, se yon dezyèm fason lavi natirèl. Annou
pran abitid pou nou pa esplwate moun nan kò yo ak nan moral
yo.
Animatè
1
Genyen plizyè fòm esplwatasyon, tankou nan kò
ak moral. Fò nou fè jefò pou nou youn respekte
lòt, pou youn sispann esplwate lòt andan peyi Ayiti
e anndan peyi vwazen.
Animatè
2
Tout sa k di nan emisyon jodi a chita sou lalwa : Atik 34 la sou
konvansyon dwa timoun pale kont plezi lachè nan move kondisyon
timoun ap sibi.
Animatè
2
Atik 37 nan menm konvansyon an pale kont tout move trètman,
soufrans nan kò, ni nan moral, menm atik sa a pale sou anprizonman
timoun anvan 18 lane.
Animatè
2
Nan peyi Dayiti, lwa nan lane 2001 an kondane tout fòm vyolans
y ap fè sou timoun.
Animatè
1
Nou envite tout timoun vini mete tèt yo ansanm pou lite kont
tout fòm eksplwatasyon.
Animatè
2
Nou di tout moun ki t ap koute emisyon an yon gwo mèsi. N
a wè nan yon lòt emisyon Pawòl timoun.
Se te Lumencie ak Kensly ki tap pale ak nou.
|