Bonjou Timoun yo! jodi a se     



 

Emisyon timoun yo

Achiv ti moun yo
Lot Sit ti moun

 
Pwoje Vwa Ti Moun Yo reyalize gras ak sipò :

Panos Caraibes


plan


unicef

 

 

    A pwopo de pwoje sa a pwopo de esponnso pwoteksyon Timoun kontakte nou
 

Kontribisyon ti moun yo

 

Granmoun ann di wi pou timoun yo

Pa: Jeanel ODNEY

 

Lè m gad Nan peyi m ak nan lòt peyi
Pou kèk sa k ap pase se pa ditou yon plezi
Granmoun ki jounen jodi k ap soufri
Ak vye vyolans mal y ap sibi …
Tout se pandan yo te tou piti
K aji sou yo pandan yo fin grandi
Lè n gad Timanno ki te vle pati
Al pase yon moman nan yon lòt peyi
Pou sa k rive l, anverite mwen sezi
Mwen sezi ! mwen sezi ! mwen sezi ! m ap reflechi
Pou dat Timanno ap travay tè
M te ka di l plis ke yon notè
Pou m pa ta di pou dat li sou tè
Pou l pa janm gen yon batistè
Koze sa yo nou pa dwe rete je louvri ap gade
Ni bwa kwaze ak zòrèy louvri ap tande
Se pou nou menm granmoun
Nou met tèt nou ansanm
Pou nou di wi pou timoun yo !
Pandan nap evite fè yo abi,
Pandan nap envite lòt moun nan lòt peyi,
Bay timoun yo batistè depi lè yo fèt,
Okipe yo nan swen medical,
Ledikasyon AK kote Pou yo rete,
Bay yo libète pou yo jwe,
AK pale koze ki entèrese yo.
Tout se pou nou panse ak dwa timoun yo
E devwa nou tou anvè timoun yo
Ebyen se pou nou fè yon chenn
Granmoun, jèn pou n di wi pou timoun yo !


 


Retounen

Monte

 

Emisyon Radio Ti Moun Yo

Ti moun nan Estidyo

1.

Dwog
00:30':03"
[Ecouter]      [Télécharger]

2.

Viyolans sou Ti Moun
00:30':06"
[Ecouter]      [Télécharger]

3. Dwa Pou Ti Moun devlope Talan Yo e Pou Yo Jwe
00:31':56"
[Ecouter]      [Télécharger]
4. Ti Moun Enfekte/Afekte ak Maladi SIDA a
00:28':12'
[Ecouter]      [Télécharger]
5. Dwa Pou Ti Moun Gen Edikasyon
00:27':16"
[Ecouter]      [Télécharger]
7.

Timoun Restavèk
00:28':31"
[Ecouter]      [Télécharger]

8. Trafik Oubyen Trèt Ti Moun
00:26':30"
[Ecouter]      [Télécharger]
13. Sityasyon Ti Moun an Ayiti fas a objektif milenè-a
00:23':33"
[Ecouter]      [Télécharger]
15. Dwa pou Ti Moun Jwenn Manje
00:27':22"
[Ecouter]      [Télécharger]
18. Kanpay Vaksinasyon
00:14':57"
[Ecouter]      [Télécharger]
19. Sèvis Sante pou ti moun yo
00:27':22"

[Ecouter]
     [Télécharger]
 



N ap mande tout timoun ak jèn k ap patisipe yo, pou yo voye ban nou istwa ak kòmantè pa yo, foto ak emisyon radyo. N ap mete yo nan paj sa a pou ti zanmi yo k ap viv nan lòt peyi kapab wè yo.

Souple, voye tout pwodiksyon nou yo nan: panoshaiti@aol.com




 
   
sit web sa a se insyativPanòs Karayib ki konstui
www.panoscaribbean.org
Conception : Isidor Cherenfant / powerx2000@yahoo.fr