Pourquoi
aller à l'école?
Poukisa mwen ale lekòl?
Quand
est-ce que tous les enfants de Trou-du-Nord (pourquoi pas d'Haïti)
iront à l'école?
Kilè tout timoun Twoudinò
prale lekòl?
Cina:
Mwen
pat janm jwenn yon moun poze m kesyon sa a e se yon gwo kesyon.
Mwen ale lekòl pou m kapab itil tèt mwen, pou m
kapab itil fanmi mwen, kominote kote m ap viv la ak peyi mwen.
Ancelot:
Mwen
ale lekòl pou m ka itil peyi mwen, fanmi mwen ak kominote
mwen. Lè yon moun ale lekòl, konesans li devlope
anpil, li ka vin prezidan, medsen... lè sa a peyi a gen
chans pou devlope. Mwen ale lekòl paske mwen wè
Ayiti fin tonbe nan twou, m ap travay plis pou demen m ka bay
kout men pa m. Ale lekòl gen anpil enpòtans pou
mwen. Si m pa ta l lekòl, m pa ta p ka patisipe nan pwogram
sa a.
Lourdes-Dina:
Mwen
al lekòl, se paske si yon moun pa konn li, li antrave.
Si ou pa konn li ak ekri: gen anpil lajan pap ka fè anyen
pou ou. Lè yon paran voye timoun li lekòl, se pi
gwo richès li ba ou. Nan lavi, tout sa w ap fè mande
pou ou pase sou ban lekòl. Se lekòl ki avni mwen.
Shedelin:
Mwen
ale lekòl pou m kapab itil tèt mwen, fanmi mwen,
pou m itil peyi m demen. Pou mwen menm, se twòp moun ki
pa konn li ki fè peyi a rive la a.