|

Par:
Rodelin Exavier
Timoun Jounalis
Fort-Liberté
La
sante enpòtan anpil pou fonksyonman kò nou. Li pèmèt
moun viv plis tan, konsa la sante kontribye anpil nan devlopman
yon peyi. Se youn nan dwa tout timoun gen sou latè pou yo
jwi bon kondisyon la sante, pou yo manje byen, pou yo jwenn bon
jan dlo pwòp.
Tout
timoun dwe jwenn lasistans doktè ak pwoteksyon kont tout
vye maladi ki kapab mete lavi yo an danje, men malgre sa anpil timoun
pa
|
benefisye
dwa sa a akoz pa gen ase doktè, men pi gwo pwoblèn
nan. Konbyen timoun ki mouri chak ane paske paran yo pa gen lajan
pou yo ale konsilte doktè? Pi gwo ènmi lasante se
la mizè.
Nou
dwe travay pou fè timoun yo jwi pi bon la sante ak pou yo
jwenn bon manje ki nesesè pou devlopman kò yo. Anpil
timoun pa devlope paske yo pa manje ase ou paske yo pa toujou manje
manje ki bon pou yo. Manman ak papa pitit bezwen resevwa enfòmasyon
sou avantaj lèt manman, nitrisyon ak ijyèn.
Responsab
la sante bezwen panse konstwi plis dispansè, plis lopital
pou amelyore kondisyon la sante ann Ayiti. Jèn yo bezwen
bon jan enfòmasyon sou viris ak maladi SIDA k ap ravaje lemonn
e ki rann anpil timoun san manman, san papa.
Fòk
nou pa bliye malgre timoun gen dwa jwenn la sante, nou gen devwa
pa nou pou'n fè pou nou kapab viv an sante tankou: pa bwè
alkòl, pa pran dwòg ak lòt bagay ki ka mete
lavi nou an danje.
|