Soti
20 pou rive 22 oktòb ane 2000 la, gen yon kanpay pwòpte
yo te bay non "Clean Up Twou di Nò" ki te fèt
nan lokalite sa a ki nan Nòdès peyi a.
Pou
aktivite sa a, yo te jwenn bourad lajan nan men PLAN INTERNATIONAL,
epi kèk bizismann ak antrepriz lavil la. Aktivite koukouwouj
dèyè fatra sa a te reyini anviwon 10.000 moun,
ladan yo anpil pwofesè, elèv, timoun, granmoun,
manm legliz, bizismann, ki nan anpil komite katye.
Pou
fasilite travay sa a ki reyalize nan kad pwogram "Clean
up the world" (pwòpte le mond), yo te mete sou
pye premye fwa nan peyi Ostrali nan lane 1989, gen yon komite
yo te fòme pou sa pou separe ekipman.
Pandan
3 jou travay sa yo, chak jou yo te ofri chak moun ki te mete
men pou travay la te kapab fèt, yon bèl plat
manje (yon pla cho).
Atik
"Island Beat" sa a rive reyalize gras ak sipò
finansye PLAN Parenaj / Ayiti, nan kad yon projè "Dwa
timoun ak patisipasyon medya nan sosyete sivil la."
Vizyon
PLAN parenaj se yon mond kote tout timoun ka devlope kapacite
yo nan sosyete kote yo respekte dwa ak diyite moun. PLAN parenaj
osire-l ke timoun yo grandi nan kay ki pwòpe ki gen
sekirite. Nan pwogram li yo, PLAN pèmèt tout
moun lap travay avè yo gen aksè egal e ekitab
pou itilize resous natirèl yo. PLAN reyalize travay
sa-a selon kompreyensyon relasyon moun yo ak envirònman.
Kèk
jèn yo te poze kesyon sou operasyon dechouke fatra
sa a, te deklare lajan yo te depanse yo te kapab sèvi
pou enfrastrikti nan vil la.
Necker
Eustache, ki se prezidan kanpay pwòpte a deklare malgre
sa yo di "clean up" la te byen reyisi.
Daprè
Wilfrid Pierre Noel ki se direktè lopital Twou di Nò
a epi an menm tan ki se konseye nan komite pwòpte a.
"Aktivite sa a gen yon enpòtans espesyal. Lide
a mande pou yo pale de li, akoz
relasyon sere ki genyen nan mitan sante ak anviwònman".
"Anviwònman
pa konsène sèlman dlo, lè, pye bwa yo,
kote ki vèt yo, men kote ou ap viv la, katye ou la,
lakay ou," se sa li te ajoute.
Selon
Richemond Luckny, ki se prezidan katye "Tout moun jwenn"
aktiivte a byen pase.
"Nou
fè yon bon travay pandan 3 jou sa yo. Gade koulye a
kòman lè a pi lejè isit la. Men kòman
pou n fè pou anpeche moun yo pa vid jete okenn vye
bagay la a ankò. Mwen panse travay ki rete dèyè
yo gen plis enpòtans. Nou swete lakomin ak komite netwayaj
la kenbe pwomès yo pou travay sa a kapab dire,"
se sa li te kontinye di.
Bò
kote pa l, majistra lavil la Luccio Seraphin, deklare, li
satisfè de aktivite sa yo. Li fin pa dekouvri koze
pwòpte a pa rete sèlman zafè ki regade
meri a. Pou diminye salte yo, pral gen yon seri gwo bak avèk
poubèl yo pral mete nan yon seri zòn espesyal.
La komin ak komite netwayaj la angaje yo pou yo pote fatra
yo yon kote ki la pou sa.
Yon
sèl bagay, PLAN INTERNATIONAL ak komite netwayaj la
ap chache posiblite pou kenbe anviwònman an sen epi
pwòp nan komin nan, pou lontan
Yo
pral triye fatra yo, yon seri ajan ki la pou sa epi ki genyen
esperyans pou fè fatra yo tounen konpòs (angrè),
y ap mete yo nan yon sak pou yo vann moun k ap travay tè
nan zòn nan yo, ki bò kote pa yo pral sèvi
pou tè yo. Yo pral mete sou pye tou pou timoun yo,
yon seri aktivite nan tretman fatra ak bagay ki kapab resikle
yo epi yo pral kreye yon bon sistèm pou leve fatra
yo.
PLAN
ede kanpay netwayaj nan lòt zòn tankou: Jakmèl,
Fòlibète ak Wanament.
Twou
di Nò se youn nan gran vil nan depatman Nòdès
la. Li chita nan limit depatman Nò avèk Nòdès.
Li gen anviwon 62.000 moun k ap viv ladan l.
[580
mo]
Retounen |
|