Bonjou Timoun yo! jodi a se     



 

Emisyon timoun yo

Achiv ti moun yo
Lot Sit ti moun

 
Pwoje Vwa Ti Moun Yo reyalize gras ak sipò :

Panos Caraibes


plan


unicef

 

 

    A pwopo de pwoje sa a pwopo de esponnso pwoteksyon Timoun kontakte nou
 

 

Resous



Espresyon ak patisipasyon timoun nan medya yo an Ayiti

Ronald Colbert ak Carril Desrosiers (*1)


Rakousi


Panse timoun yo
Kesyon pedagojik
Pa kisa e kòman pou kòmanse?
Tranch laj pou konsidere
Lang ak kontni
Imaj medya yo ap prezante
Apò jounalis ak espesyalis yos
Cadre: Estanda Jounalistik pou repòtaj sou tèm ki konsène timoun
Sitiyasyon pogram yo
Istorik ak entegrasyon timoun nan medya yo
Wòl Leta
Cadre: Eleman esansyèl ki gen nan konvansyon sou dwa Timoun yo
Atikilasyon avèk enstitisyon ak òganizasyon
Cadre: Timoun ki jounalis nan Twou di Nò ak Fòlibète (Trou-du-Nord ak Fort Liberté) Depatman Nòdès
Pèspektiv
Kèk nan enstitisyon referans yo

Sosyete ayisyèn nan gen anpil jefò pou l fè ankò pou ankouraje nan medya yo prezans timoun yo ki gen pou vin ranplase pi granmoun yo demen. Yon lòt bò, patisipasyon timoun yo nan medya yo ak bèl lide yo kapab bay, sa ta kapab jwe yon gwo wòl nan sa nou rele pwosesis yon devlopman dirab nan peyi a.

Se sa ki soti nan rechèch yon dokimantè Enstiti Panòs (Institut Panos)(*2) te reyalize nan mitan ane 2000 la sou patisipasyon timoun yo nan medya yo.

Malgre gen anpil medya ki ofri yon espas nan pwogramasyon yo pou timoun, anpil nan emisyon sa yo parèt yenyen (*3)(yon jan san sans). Sa vle di yo pa gen eleman fondamantal ki montre koutmen timoun nan pote tankou yon moun nòmal, ki gen yon entèlijans, pèsonalite kote li kapab bay lide pa l sou sa k ap deside pou yon bon chanjman. Yo poko janm sèvi ak lide timoun yo sou reyalite nan pwogram enfòmasyon y ap bay chak jou.

"Olye pou kòamnse ak dwa timoun yo, li ta pi bon pou yo ta konsidere wòl dwa yo jwe nan kominikasyon, dwa pou yo jwe, pou fè tande vwa yo nan medya yo." Se yon obsèvasyon Joseph Georges ki se direktè Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal (SAKS), yon enstitisyon ayisyèn ki travay nan tèt kole ak medya kominotè nan peyi a.

planDosye sa pwodui ak kolaborasyon epi sipò finansye PLAN INTERNATIONAL-HAITI, nan kad pwojè "Dwa timoun ak medya ki bay bourad nan sosyete sivil la."

Rèv PLAN se wè pou tout timoun ta viv nan yon mond, kote yo alèz nan yon sosyete yo respekte dwa ak diyite moun. PLAN ap bat pou timoun, jèn ak adil yo jwen yon ediaksyon solid ak yon tenik lavi ki pou pèmèt yo viv san pwoblèm pandan y ap bay koutmen pa yo nan devlopman sosyete yo a..

Prensipal pwogram PLAN yo se : amelyore lavi, chache pou tout timoun jwenn posiblite pou jwi dwa yo, fè timoun yo patisipe plis nan desizyon y ap pran pou yo.



Fas ak mouvman entènasyonal pou retranche lide chanjman, tankou respè inivèsèl dwa moun, ki gen ladan l dwa fanm ak timoun, peyi ki nan rejyon an rankontre anpil pwoblèm chak jou sou dwa pou di sa yo panse ak pa gen dwa pou sa.

Se konsa timoun nan pa dwe lite sèlman pou wete baryè sa a ki anpeche li pataje sa li panse ak moun ki bò kote l yo, men tou pou l jwenn dwa pou kominike, yon dwa timoun nan genyen depi l fèt l ap bat pou l devlope l epi manifeste l jan li vle ak mwayen li genyen.

An Ayiti, depi nan finisman ane 1970 yo, gen yon bann medya ki fè pwogram ki gen pou tèm timoun, pwogram ki gen rapò ak sa yon timoun dwe fè ak pou l pa fè. Pwogram sa yo pito bay tandans repwodui yon kilti otoritè, selon li menm timoun nan pa pral gen okenn dwa. Nan kondisyon sa a, gen tout yon seri vye pratik yo adopte nan relasyon granmoun ak timoun, yo konsidere timoun sa yo tankou yon kategori enferyè, yo konsidere yo tankou bèt kote yo pa gen dwa pran desizyon, sèlman yo la pou resevwa lòd pi gran pase yo.

"Nan pwogram sa yo, ou pa jwenn timoun k ap pale de sa yo panse pou demen sou sa k ap pase nan peyi a. Pwogram sa yo konsidere timoun yo tankou yon èt enferyè, kote yo pa gen pouvwa ni pou distenge ni pou esprime yo, sa sanble pito yo pa gen respè pou timoun yo. Nan kalite pogram sa yo, timoun yo resite powèm, yo chante, se timoun ou bay opòtinite prèske pou ranse, pou fè plezantri." Se sa Monique Clesca ki se direktris fim ayisyèn kominikasyon MC Conseils di.

Pandan li pase plizyè ane ap travay nan seksyon kominikasyon nan branch ayisyèn Fonds des Nations Unies pour l`Enfance (UNICEF), Monique Clesca parèt ak yon lòt apwòch ki pi patisipativ ki respekte dwa lapawòl, dwa pou timoun yo fè kòmantè sou lavi yo.

Panse timoun yo

Anpil timoun yo te poze kesyon nan kad rechèch sa a, montre nesesite pou medya yo antre nan pwogram yo, espas dokimantè ki gen arevwa ak bèt, ak istwa epi jewografi jeneral, mete sou ti istwa, powèm, kont, blag, desen anime, je edikatif, emisyon kiltirèl (mizik, teyat). Yo ta renmen tou pou yo ta pase nan televizyon plis fim sou timoun. Se pa fim k ap montre yon seri vye imaj ak vyolans (kote y ap tire, y ap fè masak, y ap pale de dwòg, delenkans) bagay ki kapab pouse timoun yo al refè menm sa yo sot wè yo sou kanmarad yo.

Ansanm, yo pwononse yo pou yo ta difize jan de emisyon pou ankouraje timoun yo pou prepare avni yo, pou pran reyalite peyi yo nan men, san pa gen diskriminasyon moun ak kategori sosyal. Nan sans sa a li envite paran yo pou montre yo pi toleran pandan y ap bay timoun yo posiblite pou yo suiv emisyon ki fè timoun plezi (emisyon timoun renmen)

Stephane, yon timoun ki gen douz (12) an k ap viv Kafou fèy (Carrefour Feuilles) ki nan sid kapital ayisyèn nan, pwopoze pou Leta ta prepare yon gwo espas, kote moun ap respire bon van, pou timoun yo kapab rasanble dè do paran yo. Se konsa yo kapab pase nan medya yo, tankou nan televizyon jwèt timoun yo fè pi byen yo.

Junior, ki li menm gen douz (12) an, li abite Kot Plaj (Côte Plage), (Carrefour) yon zòn ki chita nan sid kapital la, li ta renmen patisipe yon jou nan yon emisyon yo fè pou timoun. Li deklare li pa janm konprann anyen nan emisyon li konn ap koute sou estasyon radyo nan kapital la, Junior mande pou timoun yo patisipe nan emisyon yo fè pou timoun, jis pou yo kapab wete poukont yo timidite ki gen lakay yo.

Nan kontèks sa a, Fedja ki gen nèf (9) an, esplike kòman pandan li te patisipe nan emisyon Gete anfantin (Gaieté Enfantine) radyo Lumière òganize chak samdi a. Sa te aprann li chante ak lòt, viv tankou frè ak sè ak lòt yo.

Bò kote pa l, Yvenante, ki gen douz (12) an, li montre kijan patisipasyon l nan emisyon Kach Kach Liben nan estasyon kominotè radyo Vwa Klodi Mizo Okay (Cayes), (Sud d'Haiti) sa pèmèt li reyalize rèv li : li pale sou radyo epi li patisipe nan jwèt kesyon repons. Yvenante pa kache jan li renmen yon seri fim ak videyo klips kèk gran aktè jwe (sèlman li pa presize yo)

Se konsa tou, Jean Nathel, ki gen onze (11) an deklare jan sa ta enpòtan si yo ta pèmèt plis timoun patisipe nan spòt ak fim piblisite, pou kapab fè wè talan yo epi rann yo sosyal.

Jocelyn (alyas Ti Dye) ki gen onze (11) an, li se moun Site Solèy (Cite Soleil), yon gwo bidonvil ki gen plis pase twasan mil (300.000) moun ki chita nan nò kapital la. Misye pa wè bagay yo menm jan ak lòt timoun yo. Li pa dakò ak jan moun ki gen mwayen ap sèvi ak timoun yo pou fè piblisite pou biznis yo. Li bay kòm prèv, ka kèk zanmi li yo, kote yo sèvi ak vwa yo pou fè piblisite, epi anretou yo pa ofri yo anyen.

Michenard ak Paul Evans ki gen katòz (14) ak kenz (15) an, yo panse medya ayisyen yo pa bay timoun yo twòp enpòtans. Selon yo menm radyo ak televizyon ki reprezante mwatye nan distraksyon yo an Haiti, yo di kote sa yo bay nouvèl ak evènman politik yo twòp priyorite.

Coucou, li menm ki gen nèf (9) van pa dakò ak opinyon de (2) lòt timoun sa yo, li di timoun yo dwe bay tout nouvèl yon atansyon espesyal, pou yo ka gen enfòmasyon sou sa k ap pase, pwoblèm k ap boulvèse sosyete a, men tou pou yo kapab reponn tou lè yo poze yo kèk kesyon, tankou nan egzamen ofisyèl oubyen lè y ap brase lide ak zanmi ki gen menm laj ak yo.

Maité, yon timoun uit (8) an, montre jan emisyon rekreyativ yo atire li anpil, tankou desen anime y ap apse nan televizyon yo. Men, li envite medya yo pou yo panse tou ak zòn defavorize yo tankou Site Solèy (Cite Soleil), tankou lè y ap abòde yon seri tèm ki gen arevwa ak timoun.

Se menmjan Tania ki li menm gen katòz (14) lane wè bagay yo, li di nan ki emisyon televizyon timoun yo kapab jwenn enfòmasyon sou edikasyon, tankou kote yo bay bon konsèy, yo pale de pwoteksyon anviwònman ak pwoteje patrimwàn nou yo. Emisyon ki fèt an franse yo, mete analfabèt peyi a yo sou kote. Tania di gen yon seri pwen yo pa janm soulve ale wè pou yo ta pale de yo sou lèzond, tankou prejije koulè, diskriminasyon sosyal, tout yon seri bagay ki pa piti an ayiti.

Nan kontèks sa a, Fabiola, li menm ki gen katòz (14) zan, montre nesesite pou medya yo ta mete aksan sou jan medam ayisyèn yo ap sibi asèlman seksyèl, epi tou pou yo ta fè kou lang ak alfabetizasyon. Li di, pase fim ak desen anime nan lang anglè kapab ede moun aprann lang sa a, men li di sa ki kapab pi bon an, se pou yo ta pase yo swa an kreyòl oubyen an franse.

Kesyon pedagojik

Sa kapab parèt yon jan dwòl pou bay timoun lapawòl nan medya yo nan yon sistèm pedagojik tankou sa ye an Ayiti ak anpil lòt peyi nan karayib la, kote yo pa bay timoun valè, ki pa ba yo dwa pale ni pou yo patisipe nan sa k ap fèt yo.

Difikilte yo genyen pou fè yon mesaj pase nan yon pogram timoun fè, sa poze yon pwoblèm avèk pi gran yo, tandiske jounen jodi a, timoun yo ta dwe gen posiblite esprime yo nan medya yo, sou edikasyon sa ki pi gran yo, sou baz yon pataj ant paran ak timoun, se sa Joseph Georges fè kòm remak.

Se konsa reyalite a ye an Ayiti ak lòt peyi nan karayib la, anpil granmoun wè tèt yo tou tankou timoun yo wete nan yon seri aktivite nan sosyete a ak patisipasyon yo nan medya yo.

"Akoz endepandans ak pouvwa deside timoun fanmi pòv yo pa genyen, se yon rezon ki esplike sa ki fè se konsa lavi paran sa yo ye. Se konsa nou kapab di èske paran pòv yo pa gen tan pou suiv sa pitit yo ap fè. Yon lòt kote, timoun pòv yo, chak jou nan lavi yo, eseye gen menm konpòtman paran yo genyen nan sa nou rele pe bouch yo (pa renmen pran lapawòl)." (UNICEF, Innocenti Essays, N.4)

Sitiyasyon dwa anpil moun nan popilasyon an pa genyen an, touche timoun yo pou plizyè rezon.

Premyèman, Georges di anplis pouvwa yo pa genyen pou ale lekòl, timoun sa yo rankontre tout pwoblèm ki menm egzije yo rete nan sitiyasyon y ap viv la.

Pandan l ap bat pou l lite ak lavi a, ale lekòl vin sèl chans li genyen, men se pa yon dwa. Sa ki ale lekòl pa konnen kijan pou l fè pou jwenn sa l ap bezwen pou l travay yo, ni kouman avni l ap ye. Tandiske tout timoun ta dwe gen dwa pou yo rantre nan yon kindègadenn, depi nan klas primè anpil pa rive lwen, kote timoun nan yo pa rive wè rèv yo reyalize.

"Nou nan yon peyi kote la mizè tèlman ap boulvèse moun, manman yo konn oblije bay pitit yo pou rete ak lòt ak espwa moun sa pral bay timoun sa a edikasyon, epoutan ki pral fè l pase plis mizè," se sa Georges te ajoute.

Timoun sa yo tèlman pase mizè, yo p ap janm pale de gete nan medya yo, men y ap pale de soufrans: kout fwèt, kalòt, kout pye, kèk move pinisyon, tankou sa make sou figi anpil timoun.

Se tout rezon sa yo ak motif pedagojik yo, ki fè lè yon timoun transmèt yon mesaj bay timoun parèy li nan medya yo, espesyalman nan radyo, mesaj sa a t ap pi byen pase. Nan sans sa a, fason pou jèn yo entèvni depan dirèkteman de reskonsab medya yo.

" Akoz paran yo konsidere verite timoun yo yon jan enpètinant devan yo, yo kapab koute timoun yo di nan radyo konpòtman sa a kapab blame vizavi dwa timoun yo kòm moun k ap viv nòmal sa ap kreye lòt pwoblèm," se sa direktè SAKS la di, kilès k ap asepte jan de konvèsasyon sa yo sèvi yon liy pou yon dyalòg ant paran ak timoun yo.

Yon anbyans pedagojik, ki ensiste sou otonomi timoun, rekonèt li kòm yon moun tankou tout moun, mande depi li piti pou li aprann esprime l, pou l aprann travay ansanm ak lòt timoun, pou li aprann pran desizyon.

Pa kisa e kòman pou kòmanse?

" Depi ane 1970, majorite medya an Ayiti te mete pwogram pou timoun. Sa pa t pote yon chanjman. Pwoblèm la toujou rete la menm jan, sitou : fason yo trete sijè yo, ak vizyon ki parèt nan pwogram yo, fason timoun yo patisipe." Se sa Monique Clesca presize.

Poukisa medya yo ki te konn mande chanjman nan sosyete a, an Ayiti ak lòt peyi ki t ap soufri anba diktati yo, poukisa yo pa kapab jwe wòl sa a ankòm jan yo te deja fè sa nan tout kanpay "TIMOUN SE MOUN" (ladan yo te konn pase spòt ak vwa timoun yo). Poukisa medya yo menm jan y ap pale souvan sou chanjman demokratik, yo pa kontinye mache ak timoun yo, malgre kontradiksyon ki gen nan sistèm edikasyon an?

Direktris MC Conseils la panse, timoun ki gen laj ant zewo pou rive disèt (0-17) ane ki reprezante karantsèt (47%) pou san nan popilasyon ayisyèn nan(*4), yo te dwe gen dwa pou yo patisipe nan emisyon liy ouvèt, nan pogram enfòmasyon, yo te dwe reyalize repòtaj tou. Timoun yo ta dwe poze kandida ki pral patisipe nan eleksyon yo kesyon. Ni tèm yo, ni kesyon yo pa ta dwe bagay yo tou prepare pou timoun yo, men pwòp afè pa yo, pou yo ta prepare.

Bò kote pa l, Me Bethie Casty ki se adjwen enfòmasyon nan branch ayisyèn Fonds Nations Unies pour l'Enfance (UNICEF) Konsidere tankou yon bagay valab pou timonu yo patisipe nan medya yo nan de (2) nivo : Patisipe nan òganizasyon pogram li epi patisipe nan pogram ki fèt pou li, nan sans yon pwomosyon l ap fè pou konvensyon ki te gen rapò ak dwa timoun yo.

"Pale de timoun nan medya yo, sa pèmèt yo egsèse dwa libète lapawòl yo. Akoz matirite yo poko genyen, timoun yo bezwen pwoteksyon ak konpay, men fòk konpay la kapab kite yo deside tou, kite yo òganize yo, ba yo chans pou aji, ou kapab oryante yo lè ou ap korije yo sèlman, men pa ba yo direksyon pandan se pa ou la ou vle pase yo lòd pou yo fè, jan yo abitye fè sa lakay nou."

Stephanie Conrad, ki nan PLAN INTERNATIONAL - HAITI, envite medya yo, pou yo dispoze pwogram ki vize timoun yo, men se granmoun ki prepare yo, yo dwe chanje pratik yo kote pou yo pèmèt timoun yo pran pa chak lè y ap pran desizyon.

"An jeneral, timoun yo gen talan pou yo ta antre nan medya yo. Depreferans ou dwe ba yo libète pou chache pwòp tit pou popgram pou timoun yo."

Men alò, kesyon k ap poze pou yon ti salè pou timoun k ap anime, se yon revandikasyon ki nòmal daprè Monique Clesca, ki panse kesyon jere lajan se yon bagay ki konsène timoun nan ak paran l.

Roody Thélémaque fè sonje, yon lòt bò patisipasyon timoun yo san yo pa menm peye yo pou piblisite yo, se pa yon bagay ki kadre ak dwa timoun yo.

Yon timoun nan lari Petyonvil ki nan Lès Kapital ayisyèn nan, te eseye tradui devan lajistis yon ensitisyon lokal ak yon lòt entènasyonal ki te pibliye foto l sou yon depliyan san konsantman l, ni tou yo pa t peye l pou sa.

Sepandan, kijan yo kapab bay timoun yo lapawòl?

Tranch laj pou konsidere

Nòmalman, fò n ta konsidere kòm minè tout moun ki poko genyen dizuit (18) an, jan konvansyon sou dwa timoun yo mande l la. Epoutan, fòk nou ta admèt yon lwa sivil pou timoun ki gen laj soti zewo rive dizuit (0-18) an, lwa ayisèn nan di depi yon timoun gen sèz (16) an li kapab rekonèk zak li devan la lwa. Defensè pwomosyon dwa timoun yo kont lwa sa a, se sa avoka Béthie Casty fè konnen.

Sadepan de lide w ap suiv ak piblik ou vize a, chak laj gen diskou pa l. Sa a se opinyon pa Me Casty.

Yon emisyon pou timoun soti zewo pou rive kat (0-4) lane, se pou manman yo yo fè l, pou yo kapab enterese yo bay timoun tete ak ki kalite swen pou ba yo pou evite enfeksyon. Lè timoun nan gen sis (6) zan, li kapab di sa li santi, li pi byen konprann bagay yo, li kapab poze kesyon, se sa lil ajoute.

Joseph Georges ki nan SAKS, estime lè yon timoun gen ant senk al sis (5-6) zan, entèlijans li ase devlope pou l kominike ak tout moun, moun ki genm laj ak li, paran l.

"Eske nou konn rann nou kont talan timoun nan klas matènèl yo genyen, tankou sa ki nan kindègadenn yo. Espesyalman nan seremoni gradyasyon yo kote y ap jwe wòl. Se yo ki kòmanse fèt yo, yo resite powèm, yo chante, yo fè teyat, yo jwe pyano, twonpèt, yo sonnen kès. Paske nan laj sa a se jwe y ap jwe, men yo tou pwofite fè mesaj yo pase."

Pou Monique Clesca, tranch laj ki enteresan pou timoun yo ta pale nan medya yo se ta soti nèf pou rive trèz (9-13) an. Timoun sa yo konnen anpil bagay nan tan sa a, ki se yon peryòd ki rive an menm tan timoun nan pral rantre nan adolesans li, li kòmanse rekonèt pèsonalite l, li kapab di sa l wè nan sosyete a.

Matthew Frey de Save The Children U.S.A. pa dakò ak koze laj la. Li di kèlkeswa laj timoun nan, tout timoun dwe pote kole nan posesis devlopman dirab la, an rapò ak sa li jije ki nesesè pou timoun. Se sèlman ti bebe li di ki pa an mezi pou patisipe nan pwogram pou timoun nan medya yo, paske bebe a poko kapab pale byen.

Stéphanie Conrad ki nan Plan Intènasyonal ( PLAN INTERNATIONAL ) di, timoun yo kapab pote kontribisyon yo nan devlopman ak reyalize pogram nan radyo ak televizyon, li wè li pi fasil pou travay ak timoun ki gen ant onz (11) pou rive disnèf (19) van, timoun sa yo kapab pale byen, sitou lè y ap genyen pou fè repòtaj.

Lang ak kontni

Espè nasyonal kou entènasyonal dakò li obligatwa pou moun k ap edike moun tout peyi pou yo sèvi ak lang manman yo pou montre.(*5)

Nan sans a a plizyè animatè radyo kominotè ansanm ak reskonsab òganizasyon non gouvènmantal yo, yo te poze kesyon nan kad dosye sa a, yo tout di yo ta kontan pou pogram yo fèt an kreyòl. Nan peyi ki pale de (2) lang nan rejyon an tankou Ayiti ak Sent Lisi(St. Lucie), lang moun yo pale plis se kreyòl, medya yo dwe bay kreyòl la valè l, medya sa y poko janm reyalize ti ponyen moun ki pale lòt lang yo, se sa ki nan pouvwa a yo.

Selon yo menm, emisyon pou timoun yo fè nan lòt lang pi fò popilasyon an pa konprann, pa enterese timoun yo, sa reprezante yon gwo pwoblèm pou timoun yo distrè yo, espesyalman timoun paran pòv yo.

Yon lòt kote, sa ki ap prepare nan yon pogram pou timoun dwe gen rapò ak dokiman, tèks entènasyonal, tankou deklarasyon inivèsèl dwa timoun Convention relative aux Droits de l'Enfant, les règles de Beijing, pour les procédures de justice des mineurs, se sa Me. Béthie Casty rekòmande.

Imaj medya yo ap prezante

Sipò medya yo se youn nan mwayen endispansab ki pèmèt timoun yo pwofite pwogrè syantifik yo, tankou yon pakèt envansyon teknoloji (tankou entènèt) ki disparèt tout distans ki te genyen nan mitan peyi yo. Yon sèl bagay, sa medya yo ap prezante yo montre twòp move bagay tankou vyolans. Byen souvan evènman politik tèlman pran tèt yo, timoun yo vin pèdi tout mès ak valè yo, se sa Richard Widmaier Radyo Metropole fè kòm remak.

Olye pou yo ta pase repòtaj ki montre sa yo kapab fè pou kont yo, ede yo devlope talan yo genyen, montre yo reflechi, pran desten yo an men epi pote mo pa yo sou jan yo wè sosyete a ap fonksyone. De preferans medya yo prezante yon seri imaj ki di timoun sa yo men jan yo dwe konpòte yo, epi yo mande yo pou yo dakò ak li, oubyen pou plede repete yon seri bagay yo pa menm konprann, se sa Stéphanie Conrad ki nan "PLAN INTERNATIONAL - HAÏTI" ak Jean Claude Thouin ki nan "Aide à l'Enfance Canada" deklare.

" Sèvi ak timoun kòm atirans pou fè komès vann, se yon fòm esplwatasyon ki pa mache ak prensip Convention relative aux Droits de l'Enfant. Yo fè piblisite pou pwodui yo kapab fè lòt timoun yo fistre, sa kapab fè timoun sa yo gen anvi genyen l, menm lè se yon bagay ki kapab nui sante oubyen devlopman pèsonèl yo. Pa egzanp timoum yo renmen je elektwonik (sa ki mache ak pil oubyen kouran) vyolan yo, san dout anvi sa a vini apre yo fin tande oubyen gade yon reklam yon lòt timoun fè."

Joseph Georges rann yon pati nan sosyete a reskonsab fason gen plis delenkan deyò a. Sou chèn televizyon an Ayiti yo pa gen ni fim, ni pogram pou timoun ki nan laj kat (4) pou rive nèf (9) an, espete sa ki gen ant onz (11) pou rive dizuit (18) an. Menm desen anime ak band desine (ti komik) yo plen ak zak sovaj.

Pandan yo pa gen anyen ki kapab edike timoun, anpil nan fim y ap pase nan medya yo montre bagay aktè nan fim long yo (long metrages) olye pou yo ta ede timoun yo devlope sansiblite yo, tankou sou mèvèy ki gen nan lanati, travay pou poteje anviwònman. Sou pretèks yo sivilize, gen yon seri espòt yo pase tankou timou ki detounen manman yo (prensipalman manman pòv yo) nan lèt manman pou lèt anpoud ak bibon.

Medya an Ayiti yo fonksyone tankou boutik, yo ta dwe bay edikasyon an plis epòtans nan pogram yo, menm jan anpil peyi nan Amerique Latine nan fè l, kote yo fè anpil pogram sou edikasyon pou kapab pèmèt yo konble reta ki gen nan devlopman an Ayiti oubyen zile ki pale angle yo na karayib la.

Apò jounalis ak espesyalis yo

Manke jounalis espesyalize nan domèn sa a an Ayiti. Si ou vle byen konnen tèm timou nan. Fòk ou ta panche sou yon seri sijè serye, sijè ki byen sansib, ki mande yon atansyon espesayl, ou dwe fè anpil rechèch. Nan travay sa a dwe genyen yon pòte psikolojik ak yon pòte legal ki gen anpil enpòtans.

"Yon fwa jounalis la fin gen ase dokiman ak agiman, li byen konn sijè l la, li pral gen pou l defini plan emisyon l lan. Yon bagay ki pa difisil pase sa, tankou trete ka timoun ki gen pwoblèm avèk la lwa, konprann poukisa yon timoun ki fè krim pa kapab kondane menmjan ak yon kriminèl ki majè. Menm avoka yo pa byen konen jistis timoun yo, malgre li nan la lwa depi nan ane 1961, se jis apre ane 1994 yo kòmanse mete l an pratik, se dat sa a Ayiti te ratifye convention sur les droits de l'Enfant," selon Béthie Casty.

Jounalis ki deside travay sou tèm timoun dwe byen fòme. Fòk yo pran prekosyon pou yo pa jwe nan tèt timoun yo, byen souvan ki gen yon konpòtman dwòl, selon Plan International.



Estanda Jounalistik pou repòtaj sou tèm ki konsène timoun

La Fédération Internationale des Journalistes (IFJ) kòmanse devlope aktivitepou l fè repòtaj sou sijè ki gen konsne timoun, gras ak yon ankèt y ap mennnen a fon sou kòd ak konduit ki deja kòmanse nan mond la. Men sa prensip yo genyen:

1- Kenbe pwofesyonalis ak etik epi fè pase plis enfòmasyon ou kapab sou konvansyon dwa timoun yo ( la Convention relative aux droits de l'Enfant).

2- Sou vyolasyon dwa timoun ak sijè ki gen arevwa ak sekirite, edikasyon, sante, byennèt sosyal, ak esplwatasyon timoun, se kesyon enpòtan ou kapab mennen envestigasyon ak deba piblik.

3- Konprann move sitiyassyon timoun yo nan aktivite jounalis.

4- Bat pou jwenn anpil ekzatitid ak sansiblite, evite stewotip oubyen prezantasyon ki gen sansasyon, fè yon evalyasyon sou konsekans piblikasyon oubyendifizyon enfòmasyon sou timoun an, pwoteje kont idantifikasyon ki pa nesesè, ede timoun yo esprime opinyon yo, verifye enfòmasyon timoun nan ba ou la san ou pa mete lavi timoun sa a an danje, evite sèvi ak imaj seksyèl timoun, sèvi ak metòd ki jis pou tire foto yo, verifye si òganizasyon k ap pale oubyen ki reprezante enterè timoun yo se yon òganizasyon ou kapab fè konfyans.

 

San li pa retire koutmen paran yo kapab bay nan edikasyon timoun yo, Stéphanie Conrad mande pou ta gen espesyalis ki akonpanye timoun yo, espesyalis sa yo ta kapab fè emisyon nan medya yo pandan y ap travay ak timoun yo. Nan sans sa a, radyo ki gen anpil moun k ap koute yo ak televizyon ta pi bon pou fè pase mesaj ki gen rapò ak dwa timoun.

Fò di tou "le centre haïtien d'appui aux médias et aux journalistes Info-Services" te fè, soti 1995 rive 1997 nan tèt kole ak UNICEF- HAITI, plizyè seyans fòmasyon sou tèm timoun (manman ak fanmi an jeneral) pou jounalis medya yo (près ekri, radyo, oubyen televizyon) ki nan tout kwen peyi a.

Sitiyasyon pogram yo

Tout Amerique Latine ak Caraibe la mete pogram pou timoun ala dispozisyon yo, kote se timoun ki reyalize emisyon sa yo, yo aprann reyalize entèvyou. Timoun nan kominike chak jou, li sèlman bezwen zouti ki nesesè pou l fè travay sa a.

Fò nou soulinye apre aparisyon medya kominotè yo nan kòmansman ane 1990 yo an Ayiti, anpil timoun ki soti nan kouch sosyal defavorize yo vin gen aksè a radyo. Jan tradisyon an te ye lontan, se te sèlman timoun paran zafè bon ki te konn patisipe nan kèk pogram ki te konn fèt nan radyo ak televizyon prive nan kapital la. Estasyon radyo ak telvizyon piblik nan peyi a kòmanse antre tou piti timoun nan pogram yo.

Malgre travay medya yo fenk fè sou lide pou yo epi avèk yo sou tèm timoun, dwe jwenn konsiderasyon, yo manke yon konsyans dwa yo gnyen nan medya yo ak posiblite pou kreye mwayen pou ekzèse dwa sa a. Anpil espas yo bay timoun yo, parèt yo kòm flè.

"Nan reyalite esklavaj ak restavèk (domestik) sa a ki fèt nan medya yo, parèt pa ase epi yo pa siyifi anyen. Gen yon seri televizyon ki tèlman bay espas pou distrè timoun yo, yo rive voye jete pati dwa timoun yo. Pa gen deba ant timoun sou dwa timoun, ni ant timoun ak sosyete a sou reyalite politik anviwònman an," se sa Joseph Georges denonse.

Medya yo rete yon poto mitan pou garanti dwa timoun yo daprè Raoul Denis Jr. Ki anime emisyon televizyon Ribambelle nan estasyon televizyon prive Tele Max . Li konsidere lide sa yo pa ase tankou Ribambelle, Le Petit Nouvelliste, Ti Jounal Mwen (*6) , Raoul Denis Jr konsidere medya ayisyen yo kòmkwa yo pa gen vokasyon vrèman pou pouse timoun yo konnen kòman pou yo viv ak anviwònman, fè edikasyon sivik.

" San okenn mezi, medya odyovizyèl (televizyon) yo pa pratike otosansi, yo pase nenpòt fim, nenpòt lè san yo pa avèti pèsòn. Timoun yo byen konprann vyolans yo epi yo refè yo sou zanmi yo. Peyi a dwe gen estabilite politik ak ekonomik, dwe genyen yon palman pou kapab gen bonjan lwa anfavè dwa fondamantal ki gen kòd lonbrit li mare ak edikasyon, lwazi, manje, sante," se sa animatè Ribambelle la swete.

Ribambelle mete entèdi pou l pase desen anime ki pa koresponn ak vizyon estasyon a a, ki refere l ak plent lekòl ak enstititè toujou ap pote, selon yo menm gen kèk imaj k ap pase nan televizyon ki mete move lide nan tèt timoun yo.

Kantite moun k ap koute Ribambelle la, li ozanviwon de mil (2.000) espektatè konsa, tout popilasyon Pòtoprens lan ta kapab suiv emisyon sa a selon Raoul Denis Jr ki felisite jefò Telemax ak fè pou pa pase move imaj pou timoun.

Richard Widmaier deklare se konsa radyo Métropole deside prepare yon espas pou timoun, selon li menm ki gen anpil bagay pou yo di, pou yo fè granmoun yo konn dwa fondamantal yo.

"Timoun k ap anime emisyon sa a manifeste anpil enterè fas ak konvansyon sou dwa timoun yo, byen souvan yo poze m kèk kesyon dwòl sou sa. Pou byen satisfè yo, mwen ba yo lide pou nan chak emisyon, pou yo pran kèt atik epi pou yo debat li. Epi lòt timoun k ap koute yo pote koutmen pa yo tou," selon Widmaier.

Direktè radyo Metropole la ki konte agrandi pogram lan plis pandan l ap ajoute kèk lòt pati tankou espò ak teyat, li deklare menmsi se pa yon fason dirèk, li kolabore ak UNICEF ki toujou voye nan estasyon an bwochi ak dokiman ki gen rapò ak dwa timoun. Kòmanditè ki soti nan sosyete prive a pou ede radyo a kenbe emisyon an, yo menm tou yo jwenn satisfaksyon, paske se san pwoblèm yo fè pwomosyon pou pwodui yo, se sa Richard Widmaier deklare.

Estasyon Radyo Limyè (Lumière) ki se zèvMission Evangélique Baptiste du Sud d'Haiti (MEBSH) dispoze yon espas tou pou timoun yo rele ``Gaieté Enfantine``, se yon emisyon ki pase nan radyo a chak samdi maten vè nef (9). Selon Madan Robenson Joseph ak Madan Sylvie Merisier, ki se de (2) animatris emisyon sa a, yo di se yon emisyon edikativ ak distrayant, yo mete aksan sou konvansyon dwa timoun yo, men tou sou bib la ki se zam kretyen yo.

Se emisyon pou timoun ki la pi lontan, timoun kou granmoun koute l anpil kote nan peyi a. Emisyon sa a fòme anpil vedèt ak pwofesyonèl. Se yon emisyon ki separe an de (2) pati: premye a se timoun yo ki fè tout zafè yo poukont yo soti nan reyalizasyon rive nan animasyon, lòt pati a se medam yo ki anime l.

Moun ki konn patisipe nan emisyon sa a deklare yo jwenn posiblite pou kenbe lafwa yo fèm ak yon fason pou kenbe tèt yo sou respè yo gen pou Bondye. Se sa Jean - Tho Gérilus, ki gen disèt (17) lane deklare, li se moun Fond Parisien (ki chita a anviwon 40 kilomèt nan nòdès Pòtoprens) li se mayestwo gwoup Choeur d'enfants yo rele Les Enfants de Dieu.

Radyo ak tele Timoun, se ansyen Prezidan Aristid ki te fonde yo, enstitisyon sa yo fè anpil jefò e yo rive byen lwen ak patisipasyon timoun nan emisyon yo, san bliye pogram enfòmasyon yo. De (2) medya sa yo, se yo sèlman an Ayiti ki konsakre sèlman emisyon pou timoun ki prepare epi anime emisyon yo.

Radyo Timoun ki te kòmanse travay nan lane 1996 ak timoun nan lari Lafanmi Selavi yo, yon zèv ansyen Prezidan Aristid, li travay katòz (14) è chak jou. Tele Timoun ki te inogire an 1999, fonksyone prèske menm jan, yo gen yon pogram ki byen varye, tankou pogram enfòmasyon yo a, se timoun ki prezante l epi se yo ki reyalize l tou, tankou se timoun (ti fi kon ti gason) ki korespondan nan vil pwovens yo.

Daprè yon ansyen animatris radyo timoun ki gen onz (11) an, radyo ak tele Timoun pral sèvi yon gwo chans pou timoun nan lari yo, timoun ki rete ak moun yo ki vle deside fè tande vwa yo nan sosyete a.

Nan kad rechèch sa a, malgre divès randevou Institut Panos te pran ak reskonsab Radyo ak Tele Timoun yo, Panos pa t rive jwenn yon seri enfòmasyon sou estasyon sa yo.

Bò kote pa yo, radyo kominotè yo òganize pogram pou timoun yo tou, se yon seri emisyon yo tande anpil. Gen epòk nan ane a, tankou fèt manman yo fete dènye dimanch mwa me nan peyi a, kote gen emisyon pou paran ak timoun yo.

Nan kèk lokalite, se timoun yo ki prepare tèks yo pral difize pou swete manman yo bòn fèt yo pou kont yo. Nan lòt estasyon radyo kominotè yo, yo pase ansyen chante moun pa tande lontan, si pa gen pogram pou timoun.

Pascale Pierre k p travay nan Radyo Vwa Peyizan Sid, yon estasyon ki chita nan pliche pa twò lwen Kavayon (Cavaillon) ki nan Sid Dayiti, esplike kòman yo adapte yo byen ak pogram Timoun VPS ki kòmanse depi nan lane 1995, gras ak kritik epi sijesyon moun ki tande radyo a, emisyon sa a ap vanse.

"Timoun nan rejyon sa a toujou mande paran yo pou achte pil pou yo pou yo kapab mete nan radyo pou suiv emisyon sa a jou dimanch. Yo tèlman renmen emisyo an, byen souvan timoun ki jis sou zile Lagonav voye kasèt kote yo anrejistre dizon pa yo pou emisyon an. Jan de emisyon sa yo enpòtan anpil pou pèmèt timoun yo konnen yo pi byen."

Pandan l ap sèvi ak eslogan ki di yon lòt kominote pou yon lòt sosyete a, estasyon kominotè Radyo Vwa Klodi Mizo (RVCM) ki nan vil Okay (Cayes), bay priyorite sou konvansyon dwa timoun yo, nan kad yon emisyon ki rele Kach kach Liben, yon non yo pran nan yon jwèt timoun yo renmen fè an Ayiti(*7).

Tout timoun kèlkeswa ran sosyal li, relijyon li yo tout kapab patisipe nan emisyon sa a pou di sa yo panse, esprime lide yo epi òganize yo. Selon Pierre Renel Moise ki anime emisyon Kach Kach Liben an ki toujou esplike timoun yo ki sa ki gen nan yon lwa ki la pou pwoteje yo. Pandan timoun yo ap pran reskonsablite yo epi y ap patisipe nan vi soysal peyi a, medya yo pral fè timoun yo lib (otonòm) nan desizyon yo.

Espwa demen se tit yon emisyon radyo kominotè Zèb Ginen (Herbe Guinèe) fè pou timoun. Estasyon sa a chita nan mòn Pilbowo ki nan depatman Nò peyi a. Emisyon sa a pran nesans apati ti koze sa a ki di "Timoun jodi a pral granmoun demen" Les enfants d'aujourd'hui seront les grandes personnes de demain, objektif emisyon sa a se pou retire tout move lide ki kapab anpeche timoun yo patisipe nan sosyete a.


Lequilson Charles ki travay nan radyo Zèb Ginen, fè konnen espwa demen, se yon emisyon ki pase sou radyo a lè dimanch, li gen yon pati teorik ki konsakre pou pedagoji (fason chwazi pou travay ak timoun yo) ak yon pati pratik kote timoun nan esprime l sou sa li viv. Sèl pwoblèm yo rankontre jiskensi, se yon seri paran ki pa renmen tande koze ki gen rapò ak zafè dwa timoun yo, tandiske yon seri lòt paran pa gen lajan, yo pa menm ka achte yon radyo pou tande emisyon sa a..

Selon Osny Agénor k ap travay nan radyo Lakay, emisyon "Timoun se moun" ki pase nan estasyon kominotè sa a, yo mete anpil aksan sou jan timoun nan ap leve, depi l nan vant manman l pase nan lòt etap evolisyon l, nan bi pou l fòme yon fi oubyen yon gason djanm pou demen. Radyo a eseye envite yo reflechi tou sou kalte ankadreman yo bay timoun ki patisipe nan pogram sa a, tou depan de tèm yo chwazi a.

"Menmjan ak anpil lòt estasyon radyo kominotè nan peyi a, rezon ki esplike prezans emisyon sa a nan estasyon an, se pou bay timoun yo yon edikasyon. Sitou gen anpil nan Sen Lui di Sid ki pa ale lekòl. Sijè ki trete nan emisyon sa a soti nan konvansyon sou dwa timoun yo. Enpak emisyon sa a fè sou sitiyasyon timoun ki rete ak moun yo, se kòmansman yon chanjman nan sen Lui di Sid. Timoun ki rete ak moun nan vil la ap sibi mwens diskriminasyon pou ane 2000 la parapò ak lòt timoun ki nan kay kote yo rete a."

Joseph Georges k ap travay nan SAKS, di danje ki t ap genyen si emisyon sa yo pat egziste t ap tonbe sou moun ki disponib ak atis ki gen vokasyon pou fè pwodiksyon sou enterè timoun yo.

Istorik ak entegrasyon timoun nan medya yo

Plizyè estasyon, tankou radyo Limyè, te genyen nan ane 70 yo yon seri emisyon detant pou timoun, kote timoun vin tire kont, bay blag, rakonte istwa, resite powèm, eksetera. Sou kote lòt espas ki rakonte sou tèm timoun, Radyo Nasyonal te konn pase yon emisyon sou anpil jwèt timoun fè. Nan epòk sa a koze dwa timoun nan po t ko sou moun konsa.

Monique Clesca rakonte, kòman patisipasyon timoun yo nan medya yo se pa t yon bagay ki te prèske egziste pandan li te kòmanse travay nan UNICEF nan lane 1983. Li di moun yo pa t konn pale de sa, yo te konsidere yo tankou yon objè, tankou yon mèb oubyen yon bagay pou fè bèbèl. Menm konsèp dwa timoun yo se pa t yon bagay ki te egziste.

Apre premye gwo kanpay vaksinasyon pou timoun ki te fèt nan lane 1986, gen yon ankèt yo te fè bò kote anpil manman ak papa timoun yo ki fè konnen, se gras ak timoun yo anpil nan yo rive konnen koze vaksinasyon an. Se konsa nan bi pou sèvi ak sous sa a, nan pwochen kanpay vaksinasyon yo te fè se timoun yo ki te gaye nouvèl la.

Yon bò, timoun yo di "fè vaksinen m," yon lòt kote, yo ekzije paran yo pou al mennen yo pran vaksen. Yo ta konsidere timoun yo fè mesaj la pase, men tou yo te pran yon angajman tou nan transmèt mesaj la. Yo te bay timoun yo mesaj kote yo te di yo pran vaksen an paske se yon bagay k ap bon pou yo epi fè gaye pawòl la. Sa vle di ou ba yo yon reskonsablite. Apre vaksinasyon an timoun yo te reskonsab kanpay sewòm oral ak sa ki gen arevwa ak lèt manman.

Monique Clesca fè konnen, youn (1) oubyen de (2) ane pita, lide timoun ki te kòmanse parèt nan UNICEF la, vin ogmante mesaj sou dwa timoun yo genyen pou pale ak devwa paran yo genyen pou tande yo. Apre sa, pou fè mesaj dwa timoun yo pase, yo vin deside sèvi ak vwa timoun yo. Se te yon timoun ki te di Timoun se Moun.

Zafè konsidere timoun nan kòm moun nan sosyete a, sa toujou rete yon bagay ki pa klè. Pandan l ap montre kòman yo pa bay timoun yo valè, direktris MC conseils la repòte kòman li difisil pou l jwenn foto timoun pou kont yo pou l fè yon kalandriye sou timoun ak listwa yo, paske "timoun yo te toujou ak paran yo, timoun nan toujou nan yon lòt mond."

Selon listwa, an Ayiti gen 2 epòk yo te adopte pou bay timoun lapawòl.

Nan okazyon jou nasyonal timoun ki tonbe dezyèm dimanch mwa jen chak ane.
Nan okazyon jounen entènasyonal radyo ak televizyon pou timoun, yo fete dezyèm dimanch chak ane.
Monique Clesca fè sonje, jounen sa yo, yo kite tout espas yo nèt pou timoun, kote ni fi ni gason ki konn anime kite plas yo pou timoun yo, se yo menm pou jounen sa yo ki vin tounen animatè oubyen animatris.

"Radyo Sipè Esta (Super Star) se te youn nan medya ki te asepte sijesyon sa a tèt kale : Timoun yo fè spòt, yo anime tou. Radyo Metwopòl (Metropole) jwe yon wòl tou, li jwenn chante timoun ap chante epi li fè kòmantè sou yo. Depi lè sa a, sa ki gen pi enteresan se emisyon radyo Metropole timoun yo anime poukont yo."

Selon Monique Clesca, lide yo t ap suiv la se te jwenn patisipasyon plis timoun ki deside. Timoun pou okipe gwo pòs, reskonsab pogramasyon emisyon pa yo, reskonsab tou erè yo fè, jere emisyon yo, trete tèm ki enteresan yo, pale tankou timoun.

Wòl Leta

Pandan y ap plenyen san rete de sa yo pase nan yon seri emisyon (mizik oubyen lòt bagay) ki pa bon pou timoun yo, anpil paran mande Leta pou l pran yon dipozisyon sou koze mès ak savwa viv k ap disparèt la. Gen kèk estasyon televizyon ki pran plezi san yo pa pè, pase yon seri move imaj di, ki gen vyolans, yon seri espòt agresif, videyo klips, fim, betiz) yo rive pase menm fim pòno, san yo pa avèti sa davans, yon vyolasyon dwa timoun yo.

"Kisa Leta Ayisyen fè, tankou Conseil National des Télécommunications (CONATEL), sou koze Convention relative aux droits de l'Enfant ki vin toupre konstitisyon nasyonal la. Kilès ki klè sou respè dwa moun yo. Eske Leta gen volonte, pou regle epi veye oubyen jwe wòl sansè?" Daprè Clesca.

Depi palman ayisyen an te fin ratifye konvansyon sou dwa timoun yo, UNICEF mete nan aktivite l yo, yon bèl pati li konsakre ak patisipasyon timoun nan kèk medya nan kapital la, swa ki te deja genyen yon emisyon sou sa deja oubyen ki pral kòmanse, se sa Béthie Casty sinyale.

"Pètèt timoun yo kapab pi byen pale ak Leta pase nou," se sijesyon sa a Joseph Georges fè, li di refleksyon timoun fas ak otorite paran yo ki tante montre pini yon timoun se yon bagay ki jis pou sa y ap fè chak jou nan kay la.

"Poukisa an tan ke paran, tan ou pran pou ka le n yo, ou pa pran l de preferans pou fè dyalòg ak nou?"

Kote wòl ak reskonsablite Leta nan matyè edikasyon pou timoun ka viv tankou moun nan pou yo gen dwa pou yo respekte yo, pou yo gen menm dwa ak tout moun, selon Radyo Lakay Sen Lui.

"Se ledikasyon yo dwe bay priyorite. Tout timoun ki pa gen yon baz byen prepare, ap gen pou konsekans demen pou l tounen bandi, dwogè, tonbe nan koripsyon, sa pral ba l posiblite pou rann sitiyasyon relasyon sosyal yo pi mal pase sa n ap viv jodi a. Non sèlman granmoun yo pral peye konsekans lan tou, men peyi ap rantre nan tou pi mal."

Radyo Zèb Ginen pale tou sou nesesite ki genyen pou mete pogram edikasyon familyal ki gen rapò ak paran yo ki dwe tanpere yo, paske yo konnen si yo pa mete enpe dlo nan diven yo, timoun yo kapab denonse yo nan radyo.

"Lè timoun yo lage nan lari a, san yo pa gen yon bon edikasyon, yo pral vin ogmante kantite timoun ki kite andeyò pou vin abite lavil yo(fenomèm ekzòd riral) sa ki kapab ogmante kantite banditism ak alfabetizasyon ki toujou rete yon mistè pou Leta a." Se a Lequilson Charles ki travay pou radyo Zèb Ginen, fè konnen.

Pa rapò ak eta peyi a, pou yon bon chanjman, fòk gen yon demach edikasyon ki fèt ak sansibilizasyon pou frennen kantite timoun k ap viv nan lari yo, koze restavèk la ak koze lekòl la.

Eleman esansyèl ki gen nan konvansyon sou dwa Timoun yo
Asanble Jeneral Nasyon Zini te adopte jounen 20 novanm 1989 la, Konvansyon ki gen arevwa ak Dwa timoun yo, yo te kòmanse aplike l jounen 2 sektanm 1990 la. Malgre se yon konvansyon ki pa la lontan, istorikman se yon konvansyon dwa moun ki gen plis moun ki dakò ak li epi se konvansyon yo adopte pi rapid tou. Sou menm lide sa a li kòmanse vin premye lwa ki sèvi pou tout pèp sou latè. Ayiti te siyen pa l la 26 janvye 1990 epi li ratifye l 23 desanm 1994.

Konvansyon relatif sou dwa timoun yo, li baze sou prensip fondamantal (1) desizyon otorite yo ap genyen pou pran nan bon enterè timoun yo (2) pandan y ap defini sa ki nan bon enterè timoun yo, opinyon timoun yo enpòtan tou (3) tout timoun gen dwa nan devlopman, se pa sèlman nan lite pou viv (4) tout dwa dwe aplike pou tout timoun san diskriminasyon.

Konvansyon an di Leta ki gen angajman pou fè sikile enfòmasyon ki konsène dwa timoun yo epi sansibilize piblik la sou dwa sa yo.

Pou koze patispasyon timoun nan medya yo, konvansyon an site nan atik 12 ak 13

Dwa timoun nan genyen pou esprime l san pwoblem sou tout kesyon enteresan ak chache, resevwa, oubyen voye enfòmasyon ak lide tout kalte.
Posiblite pou yo tande tout timoun nan tout koze ki gen arevwa ak lajistis oubyen administrativ ki enterese l.

Atik 17 la presize : " Kote ki rekonèt enpòtans fonksyon medya yo ranpli ak veye si timoun yo jwenn enfòmasyon ak materyèl ki vini soti nan peyi a ak etranje, espesyalman sa ki kapab devlope byennèt sosyal, espirityèl ak moral menm jan ak sante fizik ak mantal. Nan fen sa a kote ki te siyen yo :

Ankouraje medya yo pou bay enfòamsyon ak materyèl ki reprezante pou yo yon itilite sosyal ak kiltirèl e ki koresponn ak atik 29 la
Ankouraje koperasyon entènasyonal jis pou kapab pwodui, chanje epi difize yon enfòmasyon ak materyèl ki soti nan diferan sous kiltirèl, nasyonal ak entènasyonal
Ankouraje pwodiksyon ak difizyon liv pou timoun
Ankouraje medya yo pou kenbe patikilyèman bezwen lenguistik timoun nan peyi a ki fè pati yon ti gwoup
Favorize elaborasyon ak prensip direktè ki la pou pwoteje timoun kont enfòmasyon ak materyèl ki nui byennèt yo, parapò ak atik 13 ak 18 la."


Atikilasyon avèk enstitisyon ak òganizasyon

Joseph Georges k ap travay nan SAKS, sijere pou n ta jwenn yon bon rezilta fòk ONG ak ensitisyon etranje k ap travay nan domèn edikasyon pou timoun yo, reyalize pwodiksyon pou yo pwopoze medya yo. Reyalite peyi ap konfronte a, mande pou ta sèvi ak zouti sa a ki rele komikasyon yon lòt fason pou yo kapab fè pase mesaj edikatif, sansibilize ak motive granmoun kou timoun.

Gen anpil medya ki eseye deja avèk òganizasyon k ap travay nan kad pwoblèm timoun. Men tèm nan pa rive trete vrèman jis nan fon li ak patisipasyon timoun yo sa pa anpil, se sa Save Children fè sòti.

Timoun ki jounalis nan Twou di Nò ak Fòlibète (Trou-du-Nord ak Fort Liberté) Depatman Nòdès
Nan mwa mas 2000, PLAN INTERNATIONAL, ak Radyo Nederland Training Centre, yon òganizasyon ki fè fòmasyon nan radyo ki gen baz li nan peyi Kosta Rika ( Costa Rica) ak Enstiti Panòs (Institut Panos) te lanse yon pwojè pou medya yo, ki gen pou objektif bay timoun yo pale, bay opinyon yo valè ak pwomosyon dwa yo nan yon patissipasyon aktif nan medya yo. Pwojè a te ensiste pou difize repòtaj timoun yo fè yo.

De (2) gwoup ki te gen yo chak 15 timoun ki se moun Fòlibète ak Twoudinò, de (2) vil ki nan Nòdès Ayiti, yo te rantre nan pwojè a.

"Sete yon apwòch kolektif ki te vize pou l sansibilze sou enpòtans medya yo ak patisipasyon timoun. Pwodiksyon radyofonik chak mwa (timoun yo fè) de (2) magazin ki pou ede timoun yo devlope sa yo konnen, pou yo otonòm, pou yo pran pa nan deba k ap fèt nan peyi a, pou yo dekouvri anviwònman yo, pou yo pote kritik, pou yo mete yo nan pwosesis demokratizasyon pou yo vin tounen fanm ak gason ki reskonsab," se sa Stéphanie Conrad de Plan International fè konnen, li ta renmen elaji kad la plis pou l kapab touche timoun lòt zòn kote enstitisyon lan ap travay.

Inisyativ sa se youn nan pi gwo pogram PLAN INTERNATIONAL genyen , ki gen arevwa ak timoun ak medya ladan l, timoun El Salvador, Haiti, Honduras ak Nicaragua patisipe.

Yon sit wèb ( www.panosinst.org/radio) founi yon fowòm pou chanje ak lòt kote, lide, esperyans, fè kòmantè, fè pwodiksyon pou medya ak lòt enfòmasyon ant timoun repòtè ak gwoup ki enterese. Sit la se yon zouti pou kapab difize pi plis pwodiksyon medyatik timoun ki fè repòtaj nan lang angle, kreyòl espanyòl ak franse.

Plan International ki fenk sot met sou pye yon pogram radyo pou timoun epi se menm timoun sa yo ki jere zafè yo ankò, panse jan de demach sa yo bon pou ede timoun fè respekte dwa yo. Toujou selon òganizasyon sa a, Leta dwe mete timoun nan posesis devlopman kominotè a.

Pèspektiv

Roody Thélémaque, yon travayè sosyal k ap evolye nan peyi Dayiti, fè wè nesesite pou yo ta vini ak yon pogram ki gen ekilib. Reyalite sosyo-ekonomik peyi a pa pèmèt tout kategori timoun nan peyi a gen aksè a divès kalte pogram ki fèt pou yo, paske gen anpil nan yo ki pa menm ka genyen yon radyo, yon televizyon, yon jounal, yon òdinatè, se sa li di.

Pandan nòm demokratik yo ap fè yon lòt apwòch sou rapò moun ak moun, ki konsidere timoun yo tankou moun tou, kote yo gen dwa, yon pèsonalite ak respè. Zafè entegre espresyon timoun yo se poko yon bagay yo asepte vre nan medya an Ayiti yo.

"Avan lontan diskou tounèf ki pot chanjman sosyal sa a ap nan medya yo Timoun jodi granmoun demen (Les enfants d'aujourd'hui, les adultes de demain)," daprè Béthie Casty de l'UNICEF-Haïti.

Espesyalis yo te poze kesyon nan kad rechèch dokimantè sa a, yo plede pou yon politik kominikasyon ki pral kòmanse pa bay timoun yo valè nan kad yon patenarya pou gen plis espas ki disponib pou timoun yo.

Dwa pou yo kominike, medya espesyalize, chwa estrateji pogramasyon pa medya yo, ki vizyon demokratik pou ki sosyete. Anpil tèm ki gen rapò ak espresyon epi patisipasyon timoun nan medya an Ayiti yo rete ouvè nan yon pèspektiv devlopman dirab.

Pascale Pierre k ap travay nan Radyo Vwa Peyizan Sid sijere, pou ta gen yon sosyete ki chita sou respè ak dwa moun ( san bliye dwa timoun yo tou) mete yon lòt vizyon demokratik, pou mete lakay timoun piti yo ki reprezante avni peyi a, yon pase men nan sistèm edikatif la, san bliye reskonsablite paran yo.

Menm jan ak kesyon batistè a pou yo bay tout timoun nan, yon bagay konsa kapab vin fondamantal si medya yo pran chache konnen lide timoun yo, chak lè sosyete a nan yon move enpas. Si yo poko pare pou jan de apwòch sa yo. Medya yo kapab kòmanse fè motivasyon pou denonse move konpòtman paran yo genyen lakay yo epi fè leta pran reskonsablite l devan je espesyalis yo.

"Menmsi gen plis patisipasyon, fòk Ministè Edikasyon Nasyonal kapab adapte yon pedagoji pou ane 2000 lan, fini ak konfli dwa espresyon an entèdiksyon espresyon an. Kèk timoun ki gen anpil entèlijans parèt rebèl, paske yo pa ba yo chans pou esprime yo," se sa Monique Clesca deklare.

Reskonsab medya an Ayiti yo ta dwe ouvè ap tann lide tounèf, ki gen yon ti rantre ak finansman, selon MC Conseils nan yon konsilatsyon ki te fè pou UNICEF nan kòmansman ane 2000 la, ki rekòmande pou konsidere kantite timoun k ap koute radyo.

Kesyon an se konnen èske granmoun yo pral kase chèn nan, pou bay timoun yo libète, pou fè yo konfyans pou ba yo chans pou ekzèse dwa yo nan kominikasyon kòm lwazi pou zouti edikasyon pou lòt moun ki pi gran.

Pou Joseph Georges ( SAKS), reyalite natirèl kay timoun yo - jan yo abitye : pale, ri, chante natirèl timoun nan pogram ki fèt pou yo - yo p ap siyifi anyen si yo pa byen prezante yo.

Georges konsidere radyo kòm mwayen pou ede konbat vye mantalite yo genyen an Ayitit yo. Li mande pou yo adopte yon lòt estrateji ki kapab fè timoun yo konfyans pandan ou ap ba yo materyèl kominikasyon pou reyalize pa egzanp entèvyou.

Pa gen pwoblèm pou timoun nan konsevwa, ak konesans li, kou sou kominikasyon, ekri ti tèks, fè entèvyou, teyat. Ou ap etone wè jan yon entèlijan, fason yo byen poze kesyon kote youn byen marye ak lòt, konviksyon yo sou dwa timoun, se sa li ajoute.

"Lè sa a lòt timoun k ap koute timoun ki gen menm laj ak yo k ap esprime yo nan medya yo,mesaj la ap pase byen vit. Men atansyon pou n pa chanje pogram sa yo an emisyon entèlektyèl, kote ou fè entèvni diferans entèlektyèl ki genyen nan mitan timoun yo."

Kèk nan enstitisyon referans yo

Aide à l'Enfance Canada
8 Imp. Baron
Ave. Jean Paul II, Turgeau
Port-au-Prince, Haiti

Tel/Fax: (509) 245-2101/0243
Email: aecanada@haitiworld.com
Site web: www.savethechildren.ca
Organisation des Nations Unies pour l'Enfance (UNICEF)
17 rue Armand Holly, Debussy
B.P. 1363
Port-au-Prince, Haiti
Tel: (509) 245-1404/1424
Fax: (509) 245-1877

Bureau International de Travail (BIT)
Rue Camille Léon No. 11 à l'étage
Port-au-Prince, Haiti
Tel/Fax: (509) 245-1683
Email: BIT@haitiworld.com
PLAN INTERNATIONAL
Impasse Lily No. 3, Rue Stephen
Delmas 60
Port-au-Prince, Haiti
Tel/Fax: (509) 256-1438 / 4229
Email: comhti@planinternational-ht.org

Coalition Haïtienne pour la défense des droits de l'enfant (COHADDE)
23, 3e Avenue du Travail
Port-au-Prince, Haiti

Tel/Fax: (509) 245-5014
Save the Children USA
13 Rue Debussy
Turgeau
Port-au-Prince, Haiti
Tel: (509) 245-5153 / 4606
Fax: (509) 245-0036
Email: haiti@savechildren.org

Fédération internationale des Journalistes (IFJ)
266, rue Royale
1210 Bruxelles, Belgique

E-mail: ifj@pophost.eunet.be
Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal (SAKS)
24, Rue Dalencourt
Port-au-Prince, Haiti
Tel/Fax: (509) 245-6422
Email: saks@saks-ht.org

Institut de Bien-être social et de recherche (IBESR)
Ave. des Marguerites No. 14, Bois Verna
Port-au-Prince, Haiti
Tel: (509) 245-2602 / 2601 / 6485 / 2633
Village d'Enfants SOS d'Haiti
Petite Place Cazeau, Entrée Dumez
Santo 19, No. 966 B-B
Croix-des-Bouquets, Haiti
Tel: (509) 246-0280 / 3279
Fax: (509) 238-1134 / 3177

Nòt:

1- Ronald Colbert ak Carril Desrosiers se jounalis endepandan k ap viv an Ayiti.

2- Enstiti Panòs Wachintonn DC ak Pòtoprens (L'Institut Panos de Washington, DC et Port-au-Prince) se yon òganizasyon entènasyonal k ap travay pou fè ranfòse sosyete sivil la nan peyi l ap travy yo, pandan l ap ede jounalis yo fè repòtaj sou tèm ki gen arevwa ak devlopman dirab yo pa byen konnen, e medya yo pa twò enterese espesyalman sa ki kapab fè yon enpak lòt kote.

3- "Yenyen" se yon espresyon kreyòl yo itilize an Ayiti pou kalifye kèk move konpòtman yon moun ki toujou ap plenyen.

4- Pousantaj 47 % (popilasyon timoun yo estime) Panòs te jwenn li nan done demografik sou « Population de 18 ans et Plus, Ménages et Densité Estimés en 1999, Juin 1999 », Se Division d'Analyse et de Recherche Démographiques (DARD) de l'Institut Haïtien de Statistique et d'Informatique (IHSI) ki te pibliye l.


POPILASYON GRAN GWOUP LAJ YO TE JWENN NAN ANE 1999

Tranch laj
Popilasyon
0-4 an
1,037,850
5-14 an
2,071,875
15-17 an
495,865
18-64 an
3,898,464
65 an ak
299,178

Total
7,803,232

Sous : IHSI ak Panòs

5- Se konklizyon yon konferans entènasyonal ki te fèt sou lobedyans Organisation des Nations Unies pour l'Education, la Science et la Culture (UNESCO), ki te dewoule an 1990 nan Jomtien, Thailande.

6- * Ribambelle : espas rekreyatif pou timoun ki pase chak jou sou chèn televizyon prive TELEMAX;
* Le P'tit Nouvelliste: revi ki soti chak semèn pou timoun ki parèt nan mitan prensipal kotidyen Dayiti nan lan 2000 lan. "LE NOUVELLISTE";
* Ti Jounal Mwen: se yon ansyen piblikasyon ki te konn soti chak semèn nan mitan Nouvelliste.

7- KACHKACH LIBEN se yon jwèt tradisyonèl yo fè an Ayiti nan mitan yon gwoup timoun. Posede yo anplwaye, se chwazi nan mitan timoun yo, sa ki pral kache pou rès yo sere yon ti wòch tou piti. Timou n ki t al kache a dwe jwenn wòch la. Si li jwenn moun ki sere wòch la, se li ki pral kache. Si moun ki te kache a pa jwenn nan men kilès wòch la ye l ap genyen pou l al kache ankò, jiskaske gwoup la deside fini jwèt la.

 

retour
Retounen

 

 
 
 

sit web sa a se insyativ Panòs Karayib
www.panoscaribbean.org
Conception : Isidor Cherenfant / powerx2000@yahoo.fr