Sante
timoun yo, se yon gwo pwoblèm ann Ayiti. 40% moun nan
popilasyon an se timoun ki pa gen plis pase 15 an (gen 15%
nan timoun sa yo ki gen pi piti pase 5 ane), nan yon popilasyon
yo sipoze ki gen 8 milyon moun nan ane 2001 an. 69 % nan timoun
ki al kay doktè, se timoun ki poko menm gen 5 an ak
10% timoun ki gen pi piti pase yon mwa.(*1)
An
plis chagren lapenn lanmò ak maladi yon timoun pote,
sou kote atansyon espesyal yon timoun andikape bezwen, paran
yo ap pote yon gwo chay, tankou pwoblèm lajan achte
medikaman, tan pou yo pèdi nan moute desann kay doktè,
kantite lajan pou yo fè yon antèman nan, nan
yon peyi kote moun respekte mò yo anpil.
Kantite
timoun k ap mouri yo ap monte san rete, men chif yo twò
wo
Selon
yon rapò EMMUS II te mete deyò nan ane 1995,
li fè konnen gen 74 nan moun ki mouri nan peyi
a se timoun piti. (*2) Chif sa a bay gwo kè sote paske
li deja pi plis pase sa ki soti nan peyi Ameriklatin yo nan
menm ane sa a ki se 37 , e pi plis pase tout peyi nan
zòn nan (Gade tablo 1 an), tandiske, daprè dènye
rapò EMMUS III pou ane 2000 la li plis pase 80 .
(*3)
Amérique
latine-
Caraïbes |
31 |
Grenade |
22 |
Panama
|
21 |
Haïti
|
83 |
Saint Vincent / Grenadines
|
21 |
Guyana |
56 |
Vénézuela
|
20 |
Guatemala
|
45 |
Bahamas
|
18 |
Rép. Dominicaine
|
43 |
Antigua et Barbuda
|
17 |
Nicaragua
|
38
|
Saint Lucie
|
17
|
Belize |
35
|
Trinité et Tobago
|
17
|
Le
Salvador |
35 |
Dominique
|
16 |
Honduras |
33 |
Barbade
|
14 |
Mexique
|
27 |
Costa Rica
|
13 |
Suriname |
27 |
Jamaïque |
10 |
Colombie |
26 |
Cuba
|
6 |
Saint Kitts-Nevis
|
24 |
|
|
- Tablo
1: Kantite () timoun ki mouri (ki gen pi piti pase yon
ane) nan rejyon Karayib la - 1999."La situation des enfants
dans le monde 2001, "Fonds des Nations Unies pour l'Enfance."
Dosye
sa pwodwi ak kolaborasyon epi sipò finansye
Plan Haiti, nan kad pwojè "Dwa timoun
ak medya ki bay bourad nan sosyete sivil la."
Rèv
Plan se wè pou tout timoun ta viv nan yon mond,
kote yo alèz nan yon sosyete yo respekte dwa
ak diyite moun. Plan ap cheche pou assure kontinite
pwoteksyon ak devlopman timoun yo pou sante jèn
ak granmoun yo espesyalman medam ki gen laj pou fè
pitit yo.
|
Chak
ane, gen 138.000 timoun ki gen pi piti pase 5 an ki mouri
nan peyi a, tandiske 60% nan sa k rive viv yo pa byen vini.
Dapre yon rapò yon gwoup sante nan MSPP pou mwa mas
2000 la, 40% nan moun ki mouri nan lopital jeneral (Hopital
Université d`Etat d`Haiti (HUEH), se timoun nan sèvis
pedyatri. (*4)
"Dapre
doktè Michel Cayemittes, ki se direktè "Institut
Haïtien de l'Enfance", selon rapò 1995 ki
te fè konnen kantite timoun ki mouri nan epòk
la se te 100 , chif sa a pat nòmal, sa tèlman
klè, koulye a vin gen yon gwo chanjman, nan kantite
tibebe ak jèn k ap mouri yo.. (Gade tablo 2 a).
Kisa
ki touye timoun ann Ayiti, kisa ki fè yo malad?
Rezon
ki touye epi ki fè timoun nan popilasyon an ap viv
nan yon move kondisyon sante, yo varye dapre laj yo. Soti
zewo pou rive 3 mwa, sanble gen melanj nan ka enfeksyon timoun
yo pran lè y ap fèt ki trenen maladi nemoni
dèyè l, nan sèvis swen pedyatri nan lopital
jeneral la. Youn nan gwo koz timoun k ap mouri bonè
yo, se ka jenn ti moun k ap fè pitit anvan lè
yo, gen 12% nan ka sa yo, yo jwenn Selon rapò EMMUS
II ak III, genyen tou yon melanj ant medam k ap ansent anvan
yo gen 19 an ak timoun ki mouri bonè yo.
|
Kantite
ki mouri
|
Epòk anvan
ankèt la 35
|
Tibebe ki mouri lè y ap fèt
|
Tibebe ki mouri depi nan vant
|
Timoun
ki mouri pandan yo fenk
|
Jèn timoun
ki mouri
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
52.5
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
31.2
|
|
|
|
|
*
Estimasyon pou epòk 1989 - 1994 |
Tablo
2: Timoun ki mouri (sa ki gen pi piti pase yon ane), Jèn
timoun ki mouri (soti youn pou rive 4an) ak sa ki mouri ant
bebe ak jèn (soti zewo pou rive 4 an) chif sa yo soti
chak peryòd 5 an anvan ankèt EMMUS III, Ayiti
2000.
3
pi gwo rezon ki lakoz timoun ki gen pi piti pase 5 ane yo
ap mouri konsa se: dyare, malnitrisyon ak gwo enfeksyon nan
aparèy respiratwa yo. Sou kote maladi sa yo, ou jwenn
malarya ki toujou la, lawoujòl, tetanòs kay
ti bebe yo, tibèkiloz (malgre tibèkiloz la bese
anpil) ak SIDA.
Kote mal yo soti
Selon Doktè. Michaelle Amédée
Gédéon, minis sante publik, pandan peròd
mwa janvye 2001,gen anpil rezon ki fè yon bann
timoun toujou ap malad oubyen mouri konsa:
Gwo pwoblèm move lavi k ap trakase popilasyon
an: yo abite nenpòt
kote, yo pa gen bon dllo pou yo sèvi,
y ap viv nan salte;
Yo pa byen manje;
Medam k ap fè pitit yo pa byen fòme;
Yo gen pwoblèm kilti;
Gen twòp timoun ki fèt;
Enstitisyon sante yo manke materyèl
pou yo travay.
|
Pa
bliye rezon ki fè gen timoun k ap mouri konsa a, se
akoz move kondisyon sante yo. Konsa, si kèk maladi
tankou : twoub parazitè, twoub sikolojik ak twoub sansoryèl
pa touye timoun yo, men maladi sa yo anpeche yo devlope.
Dyare
: pa janm pa la, men yon ti kras pi byen trete
Dyare
bò kote pa l kole ak malnitrisyon, lakoz 19% nan ka
timoun ki mouri yo. (*5) Sou timoun ki gen pi piti pase 5
an, gen 26% ladan yo ki gen pou pi piti yon fwa yon dyare
nan 2 semèn anvan ankèt la, chif sa yo se menm
bagay ak sa ankèt EMMUS III te fè Site Solèy
ki te bay ant 16 al 36%.
Pa
bliye, gen 40,6% manman ki sèvi ak teknik sewòm
oral laboratwa "Pharval" la, sa bese anpil kantite
timoun dyare te konn touye yo, paske nan ane 1977 te gen 177
ka, tandiske jounen jodi a gen 80 .
Malnitrisyon
: nannan pwoblèm nan
Ann
Ayiti gen 33% moun nan popilasyon k ap soufri ak yon gwo pwoblèm
malnitrisyon, tandiske an Dominicanie gen 2%, Honduras gen
3% ak Guatemala ki gen 6%. Gen 8% Ayisyen ki gen yon malnitrisyon
grav. (*6) Malnitrisyon an vin fè timoun ki gen dyare
yo pi malad pase sa, yo pa kapab byen respire oubyen yo gen
pwoblèm enfeksyon.
Lè
manman yo mouri, timoun yo mouri tou
Timoun
manman yo mouri nan akouchman, yo pa janm jwenn bon
jan swen yo merite, yo gen plis chans pou yo mouri
pandan yo piti, oubyen pou yo pa byen devlope. Ann
Ayiti, manman ki mouri nan akouchman yo te deja byen
wo, li te 453 sou san mil, koulye a il nan 533 sou
san mil selon EMMUS III .
|
Malnitrisyon
se youn nan rezon ki fè timoun yo pa an sante tou,
paske li lakoz timoun yo pa aprann byen, yo pa byen vini(devlope).
Tankou Latibonit ki se ta kote ki bay plis manje nan peyi
a, gen 30% timoun ki gen pi piti pase yon ane ak 61 % nan
sa ki soti nan youn pou rive 4 an, peze pi piti pase pwa ki
ta dwe koreponn ak laj yo.
Pòtoprens,
se kote malnitrisyon an fè pi piti dega ann Ayiti,
epoutan, gen plis pase 50% timoun ki pa byen vini, laj yo
pa ale ak gwosè ak wotè yo. Nan depatman Sant
lan gen 65% ka nan timoun sa yo.
Doktè
Ary Bordes nan vivan l te di "kòm pwoblèm
sa a, se yon pwoblèm sosyal, malnitrisyon an pap kapab
disparèt san pa gen yon alemye nan kondisyon sosyo-ekonomik
pèp ayisyen an ak yon separasyon san fòs kote
nan byen peyi a."
Pwoblèm
ensifizans respiratwa pran premye plas
Gwo
pwoblèm pou respire (ensifizans respiratwa) ki gen
ti non (IRA) se premye koz ospitalizasyon yo rankontre nan
lopital jeneral (HUEH), gen 26% ka nan timoun sa yo ki gen
laj soti nan zewo pou rive 28 jou, 36% nan sa ki gen ant yon
mwa pou rive yon ane ak 37% timoun ki gen ant youn pou rive
5 ane, sa ki fè yon ka nan timoun ki mouri anvan yo
gen 5 an. Sou chak 5 ka maladi nemoni yo rankontre nan lopital
jeneral, gen 4 ladan yo se timoun ki poko gen 5 an.(*5)
Nan
travay gwoup rechèch ki te fèt sou fontyè
Ayiti ak Dominikani a, gwo pwoblèm pou respire se koz
maladi yo jwenn pi souvan, sa depan de laj yo.
Dapre
Doktè Françoise Ponticq, gen yon gwo rapò
ant IRA ak fason popilasyon an anpile youn sou lòt
andeyò tankou nan vil yo.
Doktè
Duc, ki se chèf sèvis "Direction Sanitaire
de l'Ouest du MSPP" sètifye, premye plas gwo pwoblèm
pou respire a pran nan lanmò timoun yo, sa pètèt
rive akoz lajan tretman sa yo koute plis pase lajan pou trete
dyare yo.
Doktè
Jean Joseph Regis, ki se yon doktè pou timoun (pedyat)
k ap travay nan klinik prive, men ki te pase anpil tan ap
travay nan lopital Adventiste la, li di: pi piti lajan trete
IRA ak oksijenoterapi a koute se 4.000 goud.
Tifoyid,
lawoujòl, malarya, polyo, tetanòs: yo pran anpil
tan pou yo fin trete
Nan
yon ane, sèvis pedyatri nan lopital Jeneral (HUEH)
resevwa 675 ka tifoyid ki se 5ieme rezon an, maladi sa a soti
nan move kondisyon dlo ki pa pwòp y ap sèvi
ak salte.
Ann
Ayiti, gen 37% moun ki fè lafyèv malarya ki
se timoun, e maladi sa a touye 800 nan timoun sa yo chak ane.
Lawoujòl
se youn na gwo koz ki touye timoun yo epi ki fè yo
malad ann Ayiti. Pou timoun ki gen pi piti pase 5 an, lawoujòl
touye ant 3,7 al 5,4 %. Apre pwoblèm vitamin A yo manke,
lawoujòl se youn nan koz ki konn fè moun vin
pa wè tou.
Jis
ane pase, yo te pran maladi polyo pou yon maladi ki pa ekziste
ankò. 9 me 2001 ki sot pase la a, minis Sante Piblik
la, doktè Henry Claude Voltaire, te deklare maladi
sa a tounen pirèd ankò, minis lan te tou pwofite
anonse yon kanpay vaksinasyon yo mete sou pye pou frennen
maladi sa a.
Ka
tetanòs timoun ki fenk fèt yo genyen an, vin
bese pandan dènye ane sa yo. Selon doktè Gérard
Delys, ki se yon doktè k ap travay Grangwav, men sa
pi grav nan zòn andeyò yo, kote ki gen yon pakèt
fanm ansent ki pa janm al kay doktè.
Tibèkiloz:
lè metòd la dwe mache ak zòn nan
Nan
peyi a, gen 0,5% moun ki gen tibèkiloz (TB) nan popilasyon
an. Nan 0,5% sa a, gen 11% ki se timoun ki gen ant 0 al 14
ane.
Nan
ane 1951, MSPP te kreye yon biwo nan peyi a pou goumen kont
maladi tibèkiloz. Nan ane 1967 yo te fonde Grace Children's
Hospital/ International Child Care pou pran swen timoun TB
ki gen ant zewo al 12 an. Kèk tan apre, lopital sa
a vin antre nan chache kote ki gen maladi a epi trete moun
k ap viv nan menm kay ak timoun ki TB yo.
Nan
ane 1975 "International Child Care" kreye "Croisade
Anti-Tuberculose (CAT)" pou yo te kapab vaksinen popilasyon
an kont mikwòb ki rele BCG a, yo te vaksinen timoun
ki gen laj ant zewo pou rive 15 an. Kat te reskonsab pou l
goumen kont maladi tibèkiloz nan peyi a jis nan ane
1989.
Pou
byen trete maladi sa a, sa te mande yon ane (12 mwa), men
kèk tan apre, sa te pran sèlman 6 mwa. Yo te
oblije mete 2 lòt mwa sou dat sa a akoz yon misyon
nan tèt kole ant OMS/Banque Mondiale, te mande sa nan
mwa janvye 1997.
Yon
lòt tretman ki pa menmjan ak 6 mwa, ki te ekzije pou
yo swiv jan malad la ap pran medikaman l yo, pou tretman 8
mwa, sa te mande sèlman pou voye je sou malad la nan
2 premye mwa yo sèlman. Selon doktè Jacqueline
Gautier, ki se prezidan Société Haïtienne
de Pédiatrie epi direktris l'Hôpital du Bon Samaritain,
ki okipe espesyalman ka timoun TB yo . Desizyon 8 mwa a koze
youn nan pi gwo pwoblèm yo rankontre ak malad ann Ayiti
yo, pwoblèm ak malad neglijan ki pa kontinye pran medikaman
yo poukont yo.
Youn
nan pi gwo tèt chaje tibèkiloz la bay, se lè
li mache ak tout SIDA a. Daprè OPS/OMS nan ane 1996,
14% nan timoun ki te TB ki etène lopital ak 18% sou
chak timoun nan lari yo ki gen tibèkiloz ansanm ak
SIDA.
VIH/SIDA
: se timoun ki peye konsekans la
Ant
3 al 5% nan moun k ap viv andeyò, 7 al 10% nan sa k
ap viv lavil yo gen viris VIH la. Nan ane 1998, te gen 8,4%
fanm ansent ki te gen viris VIH la.(*7) Kantite timoun ki
trape viris la lè y ap fèt se 30%. Nan mwa sektanm
1998, te gen anviwon 190.000 timoun SIDA touye manman ak papa
yo. Selon ONUSIDA, kantite timoun ki gen yon paran yo ki gen
SIDA, li pi plis pase sa ki pèdi paran yo deja nan
maladi a.
Pi
piti pase yon moun ki pa marye deklare yo sèvi ak kapòt
dènye fwa yo fè bagay, selon EMMUS IIII. Ka
moun ki ap viv andeyò yo pi mal pase moun lavil yo,
paske moun andeyò yo pa konn ki prekosyon pou yo pran
pou yo pa pran Sida. Dapre sa Martine Bernier ak Paul Ascensio
deklare nan liv yo a ki rele "Le SIDA et les enfants
en Haïti." yo konstate nan timoun k ap viv nan lari
yo gen 62% nan yo ki pa janm sèvi ak kapòt.
Prèske tout medam ki nan lari yo ap mennen vi li..(*8)
Gen
anpil pwogram pou moun pwoteje tèt yo kont maladi yo
kapab pran nan fè bagay, tankou SIDA. Jounen jodi a,
nan plizyè kwen nan peyi a yo fè tès
SIDA pou granmesi.
Sikoloji
melanje nan pwoblèm nan
Selon
Doktè Legrand Bijoux ki ekri yon liv ki rele Abrégé
de psychiatrie haïtienne, kè kase konn kreye kèk
andikap ki konn fè yon moun tonbe deperi san rete tou.
Tankou yon ka espesyal yon ti gason ki gen 7 ane konsa, li
gen yon pwoblèm, li pa kapab dòmi, li pa kapab
manje byen (manke apeti), li pa kapab aprann byen lekòl,
nan yon ti bout tan, li kòmanse mèg. Pwoblèm
k ap fini ak ti gason sa a konsa, se paske li te pè
pou manman l ki pa gen twò lontan depi l mouri pa t
vin chache l, akoz manman l te renmen anpil.
Sikyat
la kontinye di "pa gen anyen ki fèt vre nan lavi
ayisyèn kote koze mistik la pa melanje anpil anpil
ladan.
Avèg
ak randman nan lekòl
Daprè
doktè Michel Péan ki se prezidan "Société
Haitienne d`Aide aux Aveugles." Sou 80.000 avèg
yo konte ann Ayiti, gen 1 k ap fini ak ti gason sa a konsa, se paske li te pè
pou manman l ki pa gen twò lontan depi l mouri pa t
vin chache l, akoz manman l te renmen anpil.
Sikyat
la kontinye di "pa gen anyen ki fèt vre nan lavi
ayisyèn kote koze mistik la pa melanje anpil anpil
ladan.
Avèg
ak randman nan lekòl
Daprè
doktè Michel Péan ki se prezidan "Société
Haitienne d`Aide aux Aveugles." Sou 80.000 avèg
yo konte ann Ayiti, gen 15.000 oubyen pi plis ki se timoun,
Alò 12.000 ladan yo gen laj pou yo ta al lekòl.
Gen 1,7% nan yo ki lekòl.
Nan
ane 1996, UNICEF te mete yon pwogram sou pye kote li dekouvri
9,7%o ka zewoz konjonktival ak 2,5%o maleng nan je. An jeneral
chif sa yo gen rapò ak mank vitamin A moun yo pa jwenn.
Daprè "Catholic Relief Services (CRS)", kouvèti
vitamin A nan peyi a se sèlman 60%.
Rezon
ki lakoz gen anpil moun avèg konsa, se paske gen 2,5%
timoun ki fèt tou malad nan je. Daprè doktè
Jean Hugues Henrys, direktè "Service Oecuménique
d'Entre-Aide", sa ki pi rèd la, yon gout argyrol
ki pa koute twòp lajan pase sa, ase pou trete malad
la.
Doktè
Péan deklare "pwoblèm vizyèl yo
sektè piblik kou prive a pa bay enpòtans lan,
sa kapab kreye yon gwo andikap nan reta eskolè a."(*9)
Nan
250 andikape ki lekòl nan "L'École St-Vincent"
yo, gen anviwon 100 ki gen pwoblèm nan je. Objektif
lekòl sa a se pou l fè timoun sa yo, rive fè
etid segondè yo. Men pou sa fèt, fòk
direksyon lekòl sa a ansanm ak pwofesè pale
ak timoun yo sou kote yo vle rive, montre, elèv avèg
yo kapab fè tout klas yo san pwoblèm.
"Timoun
sa yo gen yon ti tab piti ki gen yon pati ti pwen, li koute
25 dola ameriken, ki pi bon mache pase yon machin bray, ki
koute 950 dola ameriken. Pou liv yo, yo re ekri yo pou yo
an bray. Saint-Vincent pral gen yon "scaner" ki
koute 5.000 dola ameriken, ki pral ba yo posiblite pou rekopye
pi vit epi menm kote a nan ekriti bray.
"Lavi
yon moun avèg pa fasil nan peyi Ayiti. Akoz kalite
afeksyon li bezwen yo, avèg la mande yon atansyon espesyal,
sa vle di moun k ap viv ak avèg la dwe fè plis
jefò pou konprann yo." Moun ki pa wè yo
kapab travay nòmalman tankou tout lòt travayè.
Pou l fini Doktè Péan mande piblik la pou pote
plis atensyon sou avèg yo.
Ti
kondane yo: timoun ki rete ak moun, timoun ki nan lari yo.
Koulye
a gen anviwon 10.000 timoun konsa ki lage nan lari a. Yo panse
gen 14% nan timoun sa yo ki gen 5 an pou pi piti. Timoun sa
yo ap fè fas ak tout kalite woblèm tankou: strès,
gwo kè kase, malnitrisyon, tifoyid, eksetera. Nan mwa
janvye 2001 an Madan Maryse Flambert, minis Afè Sosyal
la, te fè n konnen yo pral mete sou pye yon seri renkont
esepsyal kote timoun nan lari yo ap kapab aprann yon metye.
Yon
timoun ki rete ak moun (yo rele restavèk tou) se yon
ti gason oubyen yon ti fi ki gen pou pi piti 12 an, ki ap
rann sèvis nan yon kay, konsa kòm rekonpans
li ta dwe jwenn yon kote pou l rete, yo ta dwe voye l lekòl,
mennen l al wè doktè si l malad, daprè
lwa ki an plas ann Ayiti.(*10)
Timoun
sa yo pa resevwa anyen nan pwomès sa yo vre, anpil
nan restavèk yo rete ak yon moun k ap touche pi piti
pase 1.250 goud chak mwa. Akoz yo pa byen trete timoun sa
yo, sa vin lakoz yo se yon pòt ki ouvè k ap
tann plizyè kalite maladi tankou: tifoyid, lestomak
ak trip anfle, manke vitamin A, IRA ak enfeksyon nan maladi
moun pran nan fè bagay (sèks) (IST) tankou VIH/SIDA.
(*11)
Lè
paran yo pa gen lajan
Gem
4% nan moun k ap viv nan peyi a ki kenbe 66% nan byen peyi
a poukont yo, tandiske 70% moun nan popilasyon an gen 20%
byen nan yon, gen 10% moun nan popilasyon an ki pa gen anyen
pou yo viv (*12)
Na
zòn pòv lavil yo, yo rele bidonvil yo, gen 2/3
nan popilasyon an ki gen pi piti pase 25 dola ameriken chak
mwa. Nan zòn riral yo, yon fanmi sou 5 sèlman
ap mennen yon vi ki pa pi mal. (*13)
Daprè
ECOSOF, nan 90.000 moun k ap travay swa nan dyòb leta
oubyen nan dyòb prive, 70% nan moun k ap travay nan
prive yo touche pi piti pase 2.000 goud chak mwa, e pi piti
pase 2.800 goud chak mwa nan dyòb leta yo. Menm jan
an tou, mwayen pou fanmi yo ta achte pwodwi alimantè
pou yo manje, ap bese pi plis chak jou akoz jan pri yo moute
san rete nan dènye ane sa yo.
Selon
plizyè ankèt yo fè, akoz ase lajan popilasyon
an pa genyenn pou l viv, sa vin fè l pèdi 35%
nan kalori l bezwen, (kantite nòmal kalori yon moun
bezwen pou l viv se 2.200) li pèdi 29% nan pwoteyin
li yo.
Herslyne
Michel ki se yon moun k ap travay kay madanm nan Pako, yon
zòn moun afè miyò nan Pòtoprens,
fè konnen nan 4 pitit li yo, se sèlman premye
a il te kapab akouche lopital akoz jan tout bagay vin chè
nan peyi a. Nan ane 1985, lè li te akouche premye pitit
li a, li te konn peye yon bwat lèt 35 goud, koulye
a sa koute 75 goud, yon pye bèf ki te koute 75 kòb,
vin koute 3 goud; tèt bèf ki te konn vann 5
goud, koulye a ap vann 15 goud; mamit diri ki te konn vann
10 goud, ap vann 50 goud; yon rejim bannann ki te konn vann
4 goud ap vann 75 goud, menm 100 goud, yon gode pwa ki te
koute 3 goud ap vann 8 goud.

Tablo 3: Poucentay timoun manman yo te swiv kay doktè
anvan yo akouche.
Edikasyon
menm sa a se pa pale
An
jeneral, gen yon reyalite ki marye ant edikasyon manman yo
ak siksè pwogram sante pou timoun yo. Nan peyi Ayiti
se yon kote pwoblèm grav. 95% fanm ki pase lekòl
segondè kont 53% ki pat pase lekòl al kay doktè
(gade Tablo 3). 43% timoun ki pran tout dòz vaksen
yo se pitit medam ki pase lekòl segondè yo,
tandiske se 21% nan sa ki pi pitit moun ki konn li ak ekri
yo ki pran tout dòz vaksen yo (gade Tablo 4). 3 nan
chak 5 fanm ki pase lekòl segondè yo, kont pi
piti pase yon tyè manman ki pa konn li yo, ki sèvi
ak sewòm oral pou trete timoun ki gen dyare yo.

Tablo 4: Kantite timoun ki gen ant 12 ak 23 mwa ki pran
tout dòz vaksen yo.
Kòman
ale lekòl ye ann Ayiti? 63% nan timoun ki gen laj ant
6 al 12 ane ki ale lekòl parapò ak chif byen
ba ki soti nan zòn Ameriklatin yo ak sa Ministè
Edikasyon Nasyonal la bay yo. Gen sèlman 38% timoun
ki antre nan lekòl primè ki rive fè tout
etid segondè yo.
Koze kilti a
Selon
doktè Gérald Desly, ki se yon doktè
k ap travay Grandwav``Anpil timoun ki malad tankou
sa ki gen: dyare, sa ki fèt ak tetanòs,
pwoblèm pou respire, moun sa yo jwenn gerisè
ki trete yo. Genyen yon gerisè pou anviwon
60 Ayisyen, tandiske gen 1 doktè pou 4.000
Ayisyen.
Fason
zafè kwayans lan kwit nan mès pèp
Ayisyen an, maladi soti nan movèzespri, oubyen
se yon vwazen oubyen yon moun ki pa zanmi yo ki voye
maladi a sou yo. Doktè Legrand Bijoux di nan
liv il ki rele "Abrégé de psychiatrie
Haïtienne." moun yo pa janm dakò
ak koze maladi soti nan move aksyon yo fè yp
pat dwe fè.
|
Chak
ane gen 12% timoun ki refè klas yo, soti 10 pou rive
15 sou chak 100 ki kite lekòl nèt. Gen apèn
3,5% nan pwofesè yo ki konnen byen operasyon pwogram
aritmetik klas 4èm ane a.
Manman
yo sou tansyon
Daprè
doktè Bergen, ki se ansyen direktris l'Hôpital
Albert Schweitzer "se nòmal pou medam yo toujou
sou tansyon, paske yo gen pwoblèm ekonomik (yo pa gen
lajan), byen souvan mari yo pati kite yo, medam yo fè
yon fanmi pou kont yo, kote yo jwe wòl ni gason ni
fanm. Nan konsa medam sa yo toujou pre pou yo pase pwoblèm
lavi yo sou timoun yo. "Pitit kite m trankil, talè
konsa m ap pase tout chimè m sou ou"
Enpak
ibanizasyon an sou timoun yo
Pwoblèm
ibanizasyon ann Ayiti san kontwòl moute 6,6%, yon pousantay
ki wo anpil lè ou konpare l ak peyi Amerik latin yo.
Men yo pa byen bati: yo gen pwoblèm pwòpte,
Kay yo pa gen kote pou van pase, yo pa gen tiyo, ni kote pou
yo jete fatra.
Pòtoprens
rete yon ti vil san estrikti modèn, kontrèman
ak lòt peyi sou devlope menm jan avè l.(*14)
Nan ane 1971, te gen 507.000 moun ki t ap viv nan Pòtoprens,
an 1982 li vin gen 720.000, an 1995 li te kapab 2 milyon konsa.
Koulye a yo panse gen pou pi piti 2 milyon moun edmi k ap
viv nan Pòtoprens ak zòn ki sou kote l yo. (*15)
Tablo
5: Sèvis asenisman de baz - popilasyon desèvi
an pousantay (1980-1997). Òganise kantite kote ki gen
bezwen AEPA rive 31 desanm 1997 (MSPP/DHP)
Dapre
doktè Eddy Génécé ki nan "Fondation
Promoteurs Objectif Zéro SIDA", akoz kèk
moun nan popilasyon an ki toujou ap deplase ogmante chans
yo pou pran maladi moun pran nan fè bagay yo, tankou
SIDA. Byensouvan, youn nan moun sa yo pa konn lòt la
ki se yon moun li kwaze konsa, konsa.
Doktè
Marie-Claude François, direktris l'Hôpital de
la Communauté Haïtienne de Frères, ki bay
timoun Plan Haiti parene yo swen sante, fè konnen kantite
timoun ki pa kontinye tretman tibèkiloz yo anpil, gen
yon pakèt nan timoun sa yo ki oblije vire do bay tretman
an, paske paran yo ap deplase pou kite kote yo te rete a pou
ale yon lòt kote.
Doktè
Dieudonné Jean-Baptiste, ansyen direktè Département
de l'Ouest de la Santé Publique deklare: anpil kanpay
swen prevantiv ki fèt pou timoun yo pa rive mache byen
se akoz popilasyon an ki toujou ap deplase.
Gen
pi plis pase 6 moun nan yon fanmi ki abite Pòtoprens.(*16)
nan lòt vil yo sitiyasyon an pi rèd, Dedin gen
10,4, Okap gen 10, Lestè 6,8, Sen Mak 10,76. (*17)
Selon
doktè Françoise Ponticq ki nan Service Oecuménique
d'Entraide (SOE).``gen yon gwo rapò sou fason popilasyon
an anpile youn sou lòt la ak pwoblèm pou yo
respire, se youn nan prensipal rezon ki touye timoun ki fenk
fèt yo.
Gen
twòp timoun pou yo ta pran swen yo kòmsadwa
Nòmalman
gen yon relasyon ant fason fètilite, kantite timoun
ak swen timoun sa yo jwenn. Selon doktè Régis,
ki se yon pedyat nan pòtoprens, apre medam yo finn
fè 3èm pitit yo, yo pa al kay doktè ankò.
EMMUS III fè konnen 7èm pitit medam yo gen 5
fwa plis chans pou l mouri pase 4è pitit la.
EMMUS
II konstate to fètilite a pa moute twòp pandan
5 an, paske li te 4,8 li vin 4,7. Men kantite sa a wo anpil
lè ou mete l ak pa Amerik Latin nan, malgre gen yon
amelyorasyon nan fason yo sèvi ak kapòt ki te
13% ki vin 22% bò kote medam ki gen mari yo.
Apèn
yon fanm sou chak 5 fanm ak yon fanm sou chak 4 ki lakay mari
yo sèvi ak yon metòd pwoteksyon. Si chif sa
a double nan vil yo, li pa chanje ditou nan zòn metwopolitèn
nan kote popilasyon an ap file monte tankou van.
Fason
rapò EMMUS III a montre l la, se yon verite byen klè,
sou espas ki gen nan fè timoun yo, dapre ankèt
la yon timoun ki fèt 4 ane apre frè oubyen sè
l, gen 2 fwa pi piti chans pou l mouri pase timoun ki fèt
nan peryòd 2 al 3 ane. Doktè. Françoise
Ponticq, remake tan yon moun pran poul fè yon timoun
dèyè yon lòt nan zòn riral yo,
se 9 mwa. Gen yon gwo relasyon ant gwòs anvan lè
ak timoun ki mouri nan akouchman yo.
Gwòs
anvan lè se youn nan rezon ki fè timoun yo mouri
pandan yo fenk fèt, e menm ti fi k ap fè pitit,
paske an jeneral yon fi ki jèn anpil pa pi byen okipe
pitit li pase sa. Rezon sa yo soti nan rapò EMMUS III
a, selon rapò a, lè manman yo gen pi piti pase
20 an, timoun yo gen yon fwa edmi chans pou yo mouri anvan
yo gen 5 an.
Mwayen
Leta genyen
Nan
inite kominotè sante yo, Ministè Sante Piblik
ak Popilasyon (MSPP) mete sou pye, ofri plizyè kalte
sèvis sante pou timoun yo. Pwogram sa a gen ladan l:
vaksinasyon, prevansyon, chache epi trete maladi timoun ki
fenk yo, timoun ki pa peze lè yo fèt, enfeksyon
nan pati jenital yo, parazitoz, dyare, malnitrisyon ak gwo
pwoblèm pou respire. Pou manman yo, genyen tou tankou:
swen anvan yo akouche, asistans nan akouchman, swen anvan
akouchman ak planin.
Koutmen
inite kominotè sante yo yo chita nan yon rezo ki gen
plizyè enstitisyon sante oubyen ki gen yon branch sanitè
nan yon zòn espesyal nan peyi a. Yon sèl bagay
li pa fasil pou kontwole sa pwogram sa a fè nan amelyore
move kondisyon sante yo, gen 2 pwen nan peyi a, youn nan Anba
Latibonit ak youn nan Pòsali k ap byen mache, selon
doktè Emile Herald Charles ki se direktè jeneral
MSPP.
25
jiyè 2001, MSPP ak l'OPS/OMS te òganize yon
jounen brase lide sou pogram tounèf MSPP "Prise
En Charge Intégrée des Maladies de l'Enfance
(PECIME)". PECIME bay swen sante sou fason espesyal.
"Sou
objektif jounen sa a, anvan tout bagay sete pou yo chita kalkile
ki kalite fwi plizyè kalite pwogram sa yo te bay nan
peyi a. Doktè. Anne-Marie Desormaux, direktè
Depatman Sante Familyal nan MSPP, esplike "pi gwo baryè
ki bare jefò ministè a se pwoblèm ekonomik
yo."
"Nou
p ap kontinye travay apa ankò. Pa gen ankò,
yon bò vaksinasyon,yon bò prevansyon, yon lòt
kote swen yo bay IRA, eksetera. Pa gen yon koze prekosyon
yon bò, tretman yon lòt bò. Selon doktè
Charles, PECIME se rezilta adaptasyon yon pwogram OPS/OMS
mete sou pye.
Doktè
a fini pou l di "pase men nan sèvis anndan enstitisyon
ki bay swen sante yo, espesyalman bay moun k ap travay yo
fòmasyon, sa pral rantre nan mwayen tou nèf
yo pral sèvi pou mete estrateji sa a ann aplikasyon.
1%
PIB, oubyen yon dizyèm nan bidjè peyi a al jwenn
Sante Piblik. Sa bay 21 dola ameriken pou chak abitan, yon
ti monnen ki pa vo pip tabak devan pa Afrique Sub-Saharienne
yo ki se 38 dola ameriken, e ki pi mal toujou lè ou
konpare l ak pa Ameriklatin yo ki se 202 dola ameriken.
80%
nan bidjè sa a se lajan pou yo peye anplwaye k ap travay
nan MSPP yo, ministè sa a gen 18.100 anplwaye se 2èm
kote ki gen plis anplwaye apre Ministè Edikasyon Nasyonal.
Peyi a ki montre l bay swen sante primè ak swen pou
timoun yo anpil enpòtans, gen 1.848 doktè, 785
enfimyè, 1.844 oksilyè (selon sa yo te konte
nan ane 1998). Ajan sante k ap travay sou teren an yo deja
pa anpil e yo manke fòmasyon.
Nan
1.848 doktè sa yo, gen 550 jeneralis, 252 obstrisyen
jinekològ, 211 pedyat sa bay yon pedyat pou 160.000
timoun. Plis pase 80% doktè ak pedyat sa yo chita sèlman
nan Pòtoprens.
Nan
sant sante k ap mache ann Ayiti yo, fòk ou fè
plis pase 1 nèd tan ap mache anvan ou rive nan youn
nan sa ki pi pre ou yo. Nan tout Nòdwès peyi
a, pa gen okenn sant sante pou fanm ansent, sa ki ouvèt
yon pòt bay lanmò antre. Lè gen ijans
pwoblèm akouchman ak timoun ki fenk fèt, daprè
doktè Jean Hugues Henrys ki se direktè "Service
Oecuménique d'Entre-aide".
Selon
doktè Anne-Marie Désormeaux, ki se reskonsab
"Service de l'Enfance et de Nutrition nan Depatman Sante
Piblik ak Popilasyon: "gwo pwoblèm MSPP ap rankontre
yo se pa pwoblèm materyèl, paske koulye a, peyi
Japon bay anpil sewòm oral, vaksen ak yon bèl
kantite medikaman yo pi bezwen yo, men se pwoblèm pou
fè yo rive jwenn popilasyon an ki pi bezwen l lan,
ki rete yon gwo kastèt."
Gen
apèn yon tyè(1/3) timoun nan peyi a ki pran
tout dòz vaksen yo, tandiske peyi a sipoze kouvri nan
80%, dapre EMMUS II ak EMMUS III ki konstate yon pwogresyon
soti 30,2 % rive 33,5 %. Dimanch 7 janvye 2001 an MSPP te
lanse yon kanpay vaksinasyon.
Doktè
Jacques Duc ki se chèf sèvis nan Depatman Sanitè
Lwès la, deklare popilasyon an pa t mennen anpil timoun
vin vaksinen, akoz kantite sant sante yo ki pa anpil.
Youn
nan pwogram MSPP ki pi byen mache, se zafè pou manman
bay ti bebe ki fenk fèt yo tete a,. Toupatou kote yo
te fè kanpay sa a, sa mache 50%, kantite timoun ki
te konn mouri yo bese anpil, koze ti bebe ki te konn etène
lopital pou twòp dlo yo pèdi a prèske
pa ekziste ankò, pou n pa di fini nèt.(*18)
Selon
sa EMMUS III remake, pwogram MSPP te lanse nan mwa out 1995,
ki te mande pou medam yo bay timoun yo tete pandan 6 premye
mwa yo bese anpil, li soti nan 0,6% li vin 49%. Sèvis
pedyatri lopital Jeneral mande pou manman yo kontinye bay
timoun yo tete menm pandan timoun yo gen dyare.
Fò
n di tou, kantite timoun ki pa tete nan 6 premye mwa yo ki
al lopital pou gwo pwoblèm yo genyen pou yo respire
vin 17 fwa pi plis. (*18)
|
Sa ki
pa tete
|
|
Total
|
%
sa ki pran bibon
|
Kan-tite ti-moun
|
Sèl-man
|
+ dlo
|
+lòt manje
|
+ Gwo
manje /
labou-yi
|
0-5
|
1.1
|
|
10.1
|
13.3
|
26.9
|
|
|
|
6-9
|
6.4
|
22.0
|
0.4
|
5.8
|
26.9
|
100.0 |
34.1
|
465
|
10-11 |
11.0
|
5.8
|
0.4
|
11.6
|
65.3
|
100.0 |
29.4
|
189
|
12-15 |
20.2
|
6.2
|
1.5
|
2.9
|
71.2
|
100.0 |
18.8
|
378
|
16-19 |
46.6
|
2.5
|
0.0
|
2.2
|
69.2
|
100.0 |
21.9
|
451
|
20-23 |
74.2
|
1.5
|
0.0
|
1.5
|
48.7
|
100.0 |
16.8
|
396
|
Tablo
6: Timoun ki tete: Separasyon (an %) ti bebe ki gen 0-23 mwa,
selon tete li pran, oubyen ditou, kalite manje li pran anplis,
pousantaj sa ki pran bibon, dapre kantite mwa ki pase depi l
fèt, EMMUS III, Ayiti 2000.
Asistans
peyi etranje
Ou
dwe gen anpil lajan ann Ayiti pou jwenn swen sante. Pi gwo
moso nan sèvis sante ann Ayiti yo se bourad peyi etranje
ki bay yo.
Danje
lè ou pa mèt tèt ou
"Siy
ki montre yon moun fè maladi malarya a te soti
nan 15% li te ye nan ane 1961, li vin 1% nan mwa jen
1966, epi nan ane 1968 li te 0,02%, se pi wo li te
rive. Malgre nou te vanse fin dechouke maladi sa a,
nou menm rive pèdi sa nou te deja fè
yo, akoz nou pat gen mwayen lajan pou n te kontinye
pwogram nan peyi lòt bò dlo te konn
ede n fè vanse. Nan ane 1968 akoz USAID pat
kontinye bay bourad ankò,`` Service National
| |